Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Degobe
-
Yon ti kouch lè ki soti nan bouch yon moun paske moun nan te kite tan pase apre li te santi grangou anvan li manje. Reyaksyon gaz kabonik nan vant moun ki ap chache kote pou yon soti e lè yo soti, yo fè yon bri moun rele gaz tou.
- Degre
-
Nivo yon moun, yon bagay rive. Dènye klas yon moun te pase nan yon disiplin lekòl. Yon mezi moun itilize pou kontwole tanperati. Gen twa mezi konsa: Celcius, Fahrenheit, Kelvin.
- Dekòde
-
Dekòde: Defèt yon kòd yon fason pou dekole de branch ki rantre nan konstitisyon kòd la.
- Dekorasyon
-
Ogmante bèl bagay tankou kèk koulè remakab, flè pou fè yon bagay vini bèl tou. Bagay ki kontribye pou dekore yon lòt bagay.
- Dekoud
-
Retire kouti ki te kenbe yon moso twal ou byen nenpòt lòt bagay ki kapab koud.
- Dekouvri
-
Enfòme moun sou egzistans yon bagay yo pate janm konnen. Retire kouvèti sou yon bagay ki te kouvri.
- Dekrase
-
Retire kras ki sou yon bagay, yon kò.
- Delivre
-
Retire yon gwo chay, yon responsablite , yon akizasyon sou do yon moun. Eta yon manman ki fini pouse yon pitit soti nan vant li.
- Demisyon
-
Aksyon yon mouun ki retire tout responsablite yon djòb sou do li. Aksyon yon moun ki kite yon djòb, ki remèt patwon li yon lèt pou di li retire tèt li nan pozisyon li te okipe a.
- Demisyone
-
Kite yon djòb, bay yon patwon yon lèt demisyon.
- Demoli
-
Pèdi yon fòm solid pou kraze e vini plat atè.
- Demolisyon
-
Jan yon bagay pèdi fòm li epi kraze plat atè. Etap yon bagay pase lè li ap demoli.
- Demonstrasyon
-
Montre potansyalite yon bagay. Montre kisa yon bagay kapab akonpli, kapab fè. Montre kijan yon bagay fonksyone. Mete yon bagay devan je moun, kote pou moun kapab wè li.
- Demwazèl
-
Demwazèl: Yon fi ki sanble avèk yonn ki gen tout kalite yon fi bezwen pou li genyen mennaj epi marye. Yon laj lè yon jèn fi rive nan li, moun kwè li kapab gen mennaj, marye. Madmwazèl.
- Depatcha
-
Rache yon bagay moso pa moso; konsa li ap pèdi fòm orijinal li te genyen an.
- Depatman
-
Yon seksyon, yon pati nan yon bagay ki diferan de rès bagay la, lòt pati nan bagay la. Depatman Grandans, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo. Li sitiye an fas Gòlf Lagonav la e nan sid-lwès peyi a. Depatman Latibonit, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo e yonn nan twa depatman ki nan mitan peyi a tou. Se la ayisyen kiltive plis diri e gen anpil zòn istorik nan depatman sa a. Depatman Lwès, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti e yon lòt nan twa depatman ki nan mitan peyi a. Se la kapital Ayiti a, Pòtoprens, ye. DepatmanNò, Yonn nan nèf depatman peyi a kote dezyèm vil peyi a, Kap-Ayisyen, ye. Se la pi gwo moniman peyi a, Sitadèl-Laferyè, ye. Depatman Nò-Lès, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti ki sou kote lès Depatman Nò a. Depatman Nò-Lwès, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo ki sou kote lwès Depatman Nò a. Pòdepè, kapital depatman sa a, se yonn nan pi ansyen vil nan peyi a. Depatman Sant, Yonn nan nèf depatman nan peyi Ayiti yo e se yonn tou nan twa depatman ki nan mitan peyi a. Se la baraj flèv Latibonit la ye, yon baraj ki bay kapital peyi a elektrisite. Kèk vil ki sou wout kote fil kouran yo pase benefisye ti kras nan elektrisite baraj sa a bay la tou. Depatman Sid, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo ki sou yon prèskil nan sid peyi a. Gen anpil bèl plaj nan zòn sa a. Depatman Sid-Lès, Yonn nan nèf depatman Peyi Ayiti yo e se yonn nan twa depatman ki fòme prèskil kote Depatman Grandans avèk Depatman Sid la ye a. Li kole avèk Repiblik Dominikèn e li gen anpil bèl plaj tankou tout lòt depatman nan peyi a ki sou kote lanmè.
- Depite
-
Yon enplwaye leta, dapre konstitisyon peyi a, moun nan yon komin eli pou ale reprezante komin nan nan chanm peyi a kote tout depite rankontre pou diskite pwoblèm komin yo avèk lwa. Nan moman diktati yo, gwo chèf nan depatman yo, nan kapital peyi a te konnen fè magouy pou nonmen moun pa yo nan pozisyon sa a.
- Depo
-
Yon chanm nan yon kay, yon ti kay nan lakou yon gwo kay, kote moun sere afè yo pou jwenn li lè yo bezwen li. Kote mèt yon boutik, yon magazen, yon machann mete machandiz li pou jwenn lè gen anpil demand.
- Deposede
-
Retire bagay yon moun posede nan men li.
- Depoze
-
Mete yon bagay chita nan yon pozisyon. Elimine yon lyen avèk yon moun, yon zanmi. Mete kòb sou yon kont nan bank.
- Depozit
-
Yon bagay yon moun mete chita nan yon pozisyon. Travay yon moun ki mete kòb an plis sou yon kont nan bank.
- Deraye
-
Soti sou yon chemen dwat pou pran yon direksyon ki pa rantre nan wout nòmal la. Aksyon yon tren ki kite ray li pou pran wout san ray.
- Desè
-
Desè: Yon bagay tankou konfiti, fri moun manje apre yo fini manje yon gwo repa.
- Desepsyon
-
Eta yon moun santi li lè espwa li te genyen sou yon lòt moun disparèt, pa kapab kontinye egziste.
- Desi
-
Eta yon moun santi li apre yon desepsyon.
- Desinatè
-
Moun ki fè desen, moun ki gen don pou fè desen. Yon moun ki desine yon pwogram òdinatè.
- Desine
-
Fè desen. Ranje tout fenèt, bouton, liy sèvis, kòmand nan yon pwogram òdinatè anvan pwogramè a ekri liy ki koresponn avèk desen sa yo.
- Desizyon
-
Dènye analiz yon moun fè anvan li jwenn yon konklizyon. Jan yon moun deside.
- Destinasyon
-
Kote yon bagay gen pou li rive a.
- Destinatè
-
Destinatè: Moun, nan entansyon moun ki ap voye yon bagay, ki ap resevwa bagay la. Pou moun ki ap voye yon bagay, se moun ki ap resevwa bagay la.
- Destine
-
Jan lanati te deja ranje pou yon bagay pase.
- Dèt
-
Dèt: Lajan yon moun gen pou li remèt yon lòt moun paske lè li te pran lajan sa a nan men moun nan li te pwomèt pou remèt li.
- Detant
-
Nenpòt moman plezi. Yon bal. Yon piknik. Yon moman anbyans.
- Detere
-
Retire yon bagay anba tè. Rekòmanse pale de yon bagay, yon sijè.
- Detire
-
Rale chak pwent yon bagay nan de direksyon opoze epi gade bagay la ki ap vini pi long. Tache pwent yon bagay solid nan yon bagay epi rale lòt pwent la pandan bagay ap vini pi long.
- Detounman
-
Yon eta kote tout bagay pèdi, kite lòd yo te ap sib la, pa gen moun ki kapab kontwole anyen. Yon bon egzanp detounman se sitiyasyon politik yon peyi, kèk minit, apre yon koudeta.
- Detri
-
Elimine tout fòs, kapasite, mwayen ki te gen nan yon bagay, yon moun. Touye. Disparèt. Fè yon bagay disparèt. Retire lavi nan yon bagay.
- Devan
-
Fasad ki pi bèl la epi se li moun toujou wè anvan. Fasad nan yon kay ki toujou sou bò lari a. Direksyon moun mache a. Fasad nan kò moun kote je, nen, bouch, e latriye, ye.
- Devanjou
-
Yon moman nan maten, vè katrè konsa, anvan klate jounen an parèt.
- Devanti
-
Pati devan nenpòt bagay.
- Devastasyon
-
Aksyon yon bagay ki devaste tankou siklòn, larivyè ki move. Aksyon yon bagay ki kraze tout sa ki sou wout li pandan li ap pase epi kite moun nan pwoblèm pou repare sa li kraze yo.
- Devaste
-
Kraze tout sa ki yon kote san diskriminasyon epi kite moun nan pwoblèm pou repare dega yo.
- Devègonde
-
Di mo sosyete a konsidere tankou mo sal san konsidere ki moun ki ap koute mo sa yo: timoun ou byen granmoun.
- Devine
-
Itilize konesans pèsonèl pou jwenn repons yon kesyon, solisyon yon pwoblèm, e latriye san konnen si se li vrè repons la, vrè solisyon an davans. Lè yon moun fini devine, li bezwen yon konfimasyon pou konnen si repons la bon.
- Devire
-
Kite yon liy dwat pou vire nan yon direksyon ki pa kontinye dwat.
- Devlope
-
Retire yon kouvèti ki te vlope yon bagay. Grandi. Gwosi. Pran negatif yon film epi enprime rezilta li sou papye. Desine, pwograme, epi pibliye yon pwogram pou itilize sou òdinatè. itilize.
- Devlopman
-
chak etap yon bagay ki ap devlope pase pou li rive nan dènye etap devlopman an. Yonn nan twa pati nan yon redaksyon, yon disètasyon kote elèv la pale de sijè a prèske san limit. Pati nan yon redaksyon, yon disètasyon ki ant entwodiksyon an avèk konklizyon an.
- Devwa
-
Responsablite ki tonbe sou do yon moun san pa gen yon fòs ki ap pouse li akonpli tach la, men si li pa akonpli tach la kapab gen pinisyon pou sa. Si li akonpli tach la li pa oblije jwenn yon kado pou pèfòmans sa a.
- Dewoute
-
Deraye. Kite vrè wout la pou pran yon wout ki pa gen rapò ditou avèk vrè wout la. Sispann sib yon objektif.
- Dèyè
-
Dèyè: Fasad ki pi lèd la epi se li moun toujou wè apre yo fini wè devan an. Fasad nan yon kay ki toujou sou bò lakou a. Fasad nan kò moun kote tou yo itilize pou poupou a ye.