Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp.
- Moniman
-
Yon bagay moun konstwi pou reprezante yon bagay ki te egziste nan yon moman ki pase; konsa piti yon peyi, yon zòn kapab wè, toujou sonje bagay sa a. Yon moniman kapab reprezante yon moun tou, menm yon moun vivan.
- Monitè
-
Monitè: Yon elèv ki gen responsablite pou kenbe lòd nan yon klas lè pa gen pwofesè nan klas la. Yon aparèy ki sanble avèk yon televizyon e ki pèmèt moun li bagay ki ap pase andedan yon òdinatè e pase òdinatè a lòd tou.
- Monnen
-
Lajan ki fèt avèk metal tankou lajan avèk kuiv.
- Monseyè
-
Monseyè: Yon chèf nan legliz katolik ki reponsab legliz nan yon depatman nan peyi Ayiti.
- Monte
-
Soti anba pou ale anwo. Travay yon avyon ki kòmanse vwayaje. Pase pye sou yon cheval, yon bisiklèt, yon motosiklèt.
- Montre
-
Mete dwèt endèks la nan direksyon yon bagay pou yon moun kapab wè li. Mete yon bagay kote pou moun wè li.
- Monwi
-
Yon vil sou Wout Nasyonal Nimewo En an e ki tou pre Sen-Mak, anviwon swasant kilomèt de Pòtoprens. Machin ki ap vwayaje soti, ale nan nò peyi a toujou kanpe Monwi pou achte griyo, fig, e latriye.
- Motivasyon
-
Rezilta konsèy yon moun resevwa ki fè li panse li kapab fè yon bagay li pate ap janm panse li kapab fè si li pate janm resevwa konsèy sa yo.
- Motosiklèt
-
Motosiklèt: Yon machin ki gen de wou avèk yon motè. chofè yon motosiklèt chanje vitès avèk pye li e li bay gaz avèk men dwat li.
- Mouch
-
Yon ensèk ki gen zèl pou vole, ki gen sis pye e ki renmen bagay sal. Mouch kapab transpòte maladi bay moun lè li fini pran mikwòb yon kote epi vini poze sou moun, manje moun.
- Mouchwa
-
Yon moso twal pou siye figi ou byen mare tèt. Se fi ki mare tèt yo nan sosyete ayisyen yo.
- Moulen
-
Yon machin peyizan ayisyen fè pou kraze kann e retire dlo ki nan nannan kann yo. Yo fè bèf rale zèl moulen pou vire li. Yon machin avèk motè pou kraze pistach, mayi, pitimi. Yon machin ki kale diri.
- Moun
-
Kretyen. Yon èt vivan ki kòmanse viv sou tè a depi plizyè milye ane, ki gen de men, de pye e ki mache sou de pye yo. Yon moun kapab pale, reflechi, li, ekri, e viv nan sosyete.
- Mouri
-
Eta yon èt vivan, yon moun ki sispann respire, sispann viv.
- Mouton
-
Yon moun ki pa konnen kijan pou li defann tèt li. Inosan. Yon bèt nan fanmiy kabrit ki pa gen kòn. Se premye bèt syantis rive fè nan repwodiksyon atifisyèl, yon eksperyans ki te fèt nan finisman ane 1990 yo.
- Mouye
-
Eta yon bagay ki gen yon likid tankou dlo sou li, andedan li.
- Mov
-
Yon koulè ki sanble avèk koulè ble ki melanje avèk koulè wouj.
- Move
-
Fache. Yon moun ki gen pli nan mitan fon li, ki pa kontan e ki pa ap ri pou pyès rezon.
- Mozayik
-
Bèl ti moso beton ki pase nan fou lè yo te ap fèt e konstriktè kay mete atè a andedan chanm yon kay.
- Mwa
-
Yonn nan douz pati nan yon ane. Gen sèt mwa nan yon ane ki gen tranteen jou nan yo: Janvye, Mas, Me, Jiyè, Out, Oktòb, Desanm. Gen yon sèl mwa, Fevriye, ki gen 28 ou byen 29 jou nan yon ane. Gen 4 mwa ki gen trant jou: Avril, Jyen, Septanm, Novanm. Malgre diferans ki gen nan kantite jou nan mwa yo, chak trant jou nan yon ane se yon mwa.
- Mwatye
-
Nenpòt nan de pati ki sou chak de bò mitan yon bagay. Yonn nan de pati yo lè yon bagay divise an de pati egal.
- Mwayen
-
Posiblite ki gen disponib pou itilize. Lajan moun posede pou li depanse nan sa li vle.
- Mwayènaj
-
Yon epòk ant senkyèm e kenzyèm syèk la. Gen anviwon mil-kat-san ane depi moman sa pase.
- Mwen
-
Yon pwonon ki ranplase moun ki ap pale a.
- Mwens
-
Retire nan… Absans yon kantite nan yon lòt kantite ki pi gwo, laj. Siy sa a, -.
- Myèl
-
Myèl: Yon ti bèt ki viv an koloni e tout ti bèt sa yo se mal eksepte yonn nan yo, rèn nan. Ti bèt sa yo fè yon nich pou ponn, kove ze yo. Andedan nich sa li lage yon siwo ki rele myèl tou. Siwo sa gen anpil vitamin nan li e moun renmen li.
- Mèg
-
Mèg: Eta yon moun, yon bèt anpil zo nan kò li vizib. chèch. Yon bagay ki piti, an ti kantite.
- Mèkredi
-
Mèkredi: Jou ki nan mitan yon semèn. Katriyèm jou nan yon semèn e twazyèm jou travay nan yon semèn.
- Mèsi
-
Mèsi: Mo moun di moun pou montre yo renmen yon bagay yon moun fè, yon bagay moun nan bay.
- Mèt
-
Mèt: Yon inite pou mezire distans ki pa twò long. Yon mèt gen twa pye ventsuit, trant-nèf pous trant-sèt nan li. Moun ki posede yon bagay, yon bèt, yon moun.
- Mètrès
-
Mètrès: Yon fi ki gen relasyon entim avèk mari yon lòt fi. Mèt kay kote yon restavèk rete.
- Mòd
-
Mòd: Yon bagay tout moun ap fè nan yon epòk. Yon fòm rad tout moun mete sou yo nan yon epòk. Jan yon moun chwazi pou li fè yon bagay.
- Mòde
-
Mòde: Kole de ranje dan sou yon bagay epi peze de ranje dan yo sou li.
- Mòn
-
Mòn: Kote yon moso tè leve wo. Pati sou tè a ki pi wo pase lòt pati sou tè a.
- Mòpyon
-
Mòpyon: Yon ti tach blan dechay fè lè li rete sou pwèl yon moun pou anpil tan. Li pi bon si yon moun pa kite dechay rete sou pwèl li pou plis ke 24 èdtan.
- Mòtye
-
Mòtye: Yon melanj ant plizyè bagay tankou lacho, sab, siman, ajil epi dlo.
- N
-
N: Katòzyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.
- Naje
-
Fè mouvman nan dlo pou rete sou dlo a, san plonje.
- Nan
-
Andedan. Okipe mitan, mwatye yon bagay. Okipe nenpòt pozisyon andedan yon bagay.
- Nanm
-
Pati envizib nan tout manb kò moun ki ede moun fè tout sa moun kapab fè tankou viv. Potansyalite ki disponib nan yon moun. Kwayans moun gen nan yon bagay, nan Bondye.
- Nannan
-
Bagay ki andedan yon bagay, yon fri tankou mango, zaboka, zoranj e latriye. Se pati sa a moun manje nan fri yo.
- Nasyon
-
Yon peyi endepandan ki gen fontyè li e ki gen pwòp leta li avèk gouvènman li. Tout bagay ki rantre nan konstitisyon yon peyi.
- Nasyonal
-
Tout bagay ki gen rapò avèk yon nasyon. Rekonesans pitit yon peyi genyen pou li tankou ale nan lagè. Patriyotism. Tout bagay ki andedan yon nasyon, tout bagay ki fèt nan yon peyi.
- Nasyonalite
-
Tout kalite moun genyen ki idantifye yo avèk yon peyi. Santiman andedan yon moun ki fè li fasil pou moun rekonèt nan ki peyi li soti. chanjman santiman, kont yon peyi, pou yon nouvo peyi yon moun adopte pou peyi li.
- Nati
-
Fason yon bagay ye. Tout bagay ki egziste. Yon bagay moun pa janm kapab chanje. Jan tout planèt yo vire sou kote solèy la.
- Natirèl
-
Natirèl: Eta yon bagay ki rete tankou lè li te apèn parèt nan la nati. Bagay ki gen rapò avèk nati a, lanati.
- Ne
-
Kote de ou plis bagay mare ansanm. Yon mezi moun ki ap kondi bato yo itilize pou di nan ki zòn sou lanmè a yo ye.
- Negatif
-
Yonn nan de pòl elektrisite yo (avèk pozitif) kote kouran rantre nan sous elektrisite a ankò. Yon siy mwens operasyon (-) ki montre gen yon kantite ki ap ale soti nan yon lòt kantite.
- Nen
-
Yon pati nan figi moun ki ant de je yo avèk bouch la e ki gen de tou nan li pou pèmèt respirasyon fèt san pwoblèm. Krèt. Pati devan yon machin e devan anpil lòt bagay tou.
- Nesesite
-
Eta yon bagay ki nesesè. Eta yon bagay ki oblije egziste pou yon lòt bagay kapab egziste, pase, rive, pou yon kondisyon akonpli. Eta yon bagay ki gen twòp enpòtans.
- Nesesè
-
Nesesè: Yon bagay ki oblije egziste pou yon lòt bagay fèt. Yon bagay moun pa kapab viv san li tankou lè.
- Netwayaj
-
Aksyon yon moun pou fè yon bagay, yon kote vini pwòp. Netwaye yon bagay, yon kote.
- Netwaye
-
Fè yon kote vini pwòp. Retire tout bagay ki sal, ki fè yon kote sanble avèk bagay sal. Mete pwoprete nan yon bagay, yon kote.
- New York
-
New York: Kapital komèsyal peyi Etazini. Pi gwo vil nan yonn nan senkant divizyon nan peyi Etazini an ki pote menm non avèk divizyon sa a. Kapital politik leta New York se Albany.
- Nikaragwa
-
Yon peyi nan kontinan Amerik la e nan Amerik Santral kote moun yo pale Espanyòl. Kapital peyi sa se Managwa.
- Nissan
-
Yon konpayi machin Japonè ki fè ti machin, mwayèn machin e gwo machin.
- Non
-
Yon mo ou byen plizyè mo ansanm ki ede moun idantifye yon moun. Yon mo moun itilize pou fè yon lòt moun konnen yon bagay pa posib pou li reyalize, pou rive, pou regle e latriye. Yon repons negatif pou yon kesyon ki te merite yonn nan de repons sa yo: Non ou byen Wi.
- Nou
-
Yon pwonon ki ranplase yon yon gwoup moun. Plizyè moun ansanm. Moun ki di, Nou, rantre nan gwoup moun nan tou.
- Nouri
-
Bay yon nenpòt èt vivan manje. Travay granmoun ki bay timoun, ti bebe manje paske yo pa kapab manje pou kont yo.
- Nouris
-
Moman apre yon femèl fini pouse yon pitit mete deyò vant li e kantite tan li pran pou repran fòm li te genyen anvan gwosès la.
- Nouriti
-
Nenpòt repa moun manje e ki bay enèji, gwosè, kwasans.
- Nouvo
-
Nenpòt bagay yon moun apèn konnen. Yon bagay yon moun rankontre, wè premye fwa. Yon bagay ki apèn fèt.
- Nouvèl
-
Nouvèl: Yon emisyon nan radyo, televizyon ki pale de tout sa ki ap pase nan yon peyi, nan lemond. Enfòmasyon sou yon bagay, yon moun. Nouvèl Jenerasyon, Yon tip mizik ayisyen ki parèt nan ane katreven yo. Gwoup ki fè mizik sa yo chante an Kreyòl yon fason pou separe nouvo stil mizik yo a avèk ansyen mzik yo chantè te konnen chante nan lang Fransè.
- Novanm
-
Yonn nan kat mwa nan yon ane ki gen trant jou nan li e se li ki onzyèm mwa nan yon ane tou.
- Nwa
-
Yon koulè ki idantifye moun ki soti sou kontinan afriken an. Yon koulè ki sanble avèk koulè lannwit. Yon koulè ki kòmanse idantifye tout bagay ki negatif avèk eksperyans esklavaj la. Nwa te reprezante yon koulè gwo notab tankou wa yo, bondye nan antikite yo te konnen mete sou yo pou rad.
- Nwasi
-
Fè yon bagay vini gen koulè nwa. Moman lè klate jounen an ap disparèt pou bay lannwit plas.
- Nwaye
-
Eta yon bagay ki rete fè twòp tan anba dlo epi li toufe.
- Nwèl
-
Nwèl: Selebrasyon jou nesans Jezi Kris ki tonbe jou vennsenk nan mwa Desanm chak ane. Se pi gwo fèt nan yon ane paske tout moun, nan tout klas, nan tout sosyete selebre li.
- Nyaj
-
Yon gwo kantite lè moun sou tè a kapab gade nan lespas e ki sanble yo toujou ap deplase.
- Nèf
-
Nèf: Dizyèm chif nan nonb pozitif yo. Kat plis senk. Yuit plis en. 9. Yon bagay ki apèn fini fèt e moun poko janm itilize.
- Nèg
-
Nèg: Tout moun koulè nwa yo. Moun sa yo te premye parèt sou kontinan afriken an, gen moun nwa nan tout peyi sou tè a konnye a.
- Nègès
-
Nègès: Yon jèn fi ki gen anpil enèji nan kò li. Vrè laj pou rele yon fi nègès, pou mojorite fi, se sèz ane. Wanga Nègès, Yon ti zwazo ki gen bèk long e ki toujou ap manje polèn nan flè ki apèn ouvri.
- Nèj
-
Nèj: Yon poud blan ki soti nan espas e ki tonbe sou tè a nan peyi ki fè frèt anpil yo. Pou nèj tonbe, tanperati a oblije rete pi wo ke zewo degre Celcius (0ºC) ou byen trant-de degre Fareinheit (32ºF). Lè nèj tonbe sou yon bagay tanperati li pi wo pase 0ºC, li fonn pou bay dlo; kidonk anpil nèj kapab bay anpil dlo. Dlo nèj la ap transfòme an glas si wotè tanperati nan zòn nan pa janm monte. Se sa ki fè moun nan peyi fredi yo konnen oblije mache sou glas nan sezon ivè.
- Nò
-
Nò: Yonn nan kat direksyon kadinal yon ki pèpandikilè a lès avèk lwès. Si yon moun ap ale nan direksyon nò, lès sou bò dwat li e lwès sou bò goch li; konsa sid dèyè li.
- Nòmal
-
Nòmal: Jan tout moun espere yon bagay, yon moun dwe ye.
- Nòmalize
-
Mete yon bagay nan eta nòmal li.
- Nòt
-
Nòt: Lajan papye. Yon moso papye ki fè konnen ke yon moun gen kòb li te prete yon lòt moun. Moun ki posede moso papye sa a kapab resevwa lajan kach pou li. Tèks yon moun ekri nan yon kaye ou byen nenpòt lide yon moun mete sou papye pou konsève li.
- Nòvèj
-
Yon peyi sou kontinan Ewòp la ki sou kote Suèd.
- O
-
O: Kenzyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.
- Obsede
-
Yon kantite kwayans yon moun genyen. Eta yon moun ki tèlman anvi yon bagay li kapab fè nenpòt bagay pou jwenn bagay sa a. Eta yon moun ki gen anpil pasyon pou yon bagay.
- Oditè
-
Moun ki chita, rete pou koute diskou yon lòt moun. Anplwaye kontribisyon ki ap envestige jan moun kalkile enpo yo peye pou wè si moun sa yo byen kalkile sa yo peye a. Yon gwoup kontab ki sèlman revize travay lòt kontab pou wè si yo sib prensip kontablite nan travay yo.
- Odyans
-
Yon gwoup moun ki ap koute yon moun ki ap fè yon diskou. Moun ki ap koute yon estasyon radyo. Moun ki ap gade yon estasyon televizyon.
- Ofri
-
Lonje yon bagay bay yon moun san li pa mande bagay la. Pwomèt yon moun yon bagay, sèvis san li pa mande.
- Ogmantasyon
-
Yon bagay ki vini an plis sou yon lòt bagay.
- Ogmante
-
Mete yon bagay sou yon lòt pou fè li vini pi plis, pi gwo.
- Okay
-
Pi gwo vil nan Depatman Sid la e se li ki kapital depatman sa a tou.
- Okton
-
Yon anplwaye nan yon biwo lakomin yo ki responsab ouvri pòt biwo sa a chak jou travay, fè majistra konnen gen moun ki vini kote li e fèmen pòt biwo a apre jounen travay la.
- Oktòb
-
Oktòb: Dizyèm mwa nan yon ane. Gen tranteen jou nan mwa Oktòb la. Se mwa lekòl nan peyi Ayiti kòmanse ane lekòl la ki ap ale dire nèf mwa.
- Onbwèl
-
Parasòl. Yon bagay ki fèt avèk saten e tou won tankou moso yon boul moun itilize pou bare solèy, pare lapli. Dlo lapli a tonbe sou onbwèl la epi li sib fòm won a pou ale tonbe atè.
- Ond
-
Tout espas vid ki egziste, yon kote gen anpil chanjman nitirèl ki ap fèt, men je moun pa kapab wè yo.
- Ondiras
-
Yon peyi nan kontinan Amerik la kote moun yo pale Espanyòl. Ondiras se yonn nan peyi Amerik Santral la e kapital li se Tegisigalpa.
- Onz
-
Dezyèm nonb pozitif ki gen de chif nan li apre dis. 11. Dis plis en. Sis plis senk. Douz mwens en.
- Opalè
-
Opalè: Yon aparèy elektrik ki gen yon moso leman andedan yon woulo fil kouran ki kapab resevwa yon son de yon mikwo epi fè son an vini fò anpil.
- Operasyon
-
Tout travay ki fèt pou bay yon rezilta. Kat mwayen aritmetik yo pou jwenn yon rezilta: adisyon (+), soustraksyon (-), miltiplikasyon (x) avèk divizyon (÷).
- Opoze
-
Pran yon pozisyon kont yon lòt. Mache nan direksyon nò sou menm liy avèk yon moun ki ap mache nan direksyon sid. Aji kont yon lide.
- Opozisyon
-
Politisyen ki pa gen menm lide pou devlopman yon peyi avèk prezidan an. Pozisyon moun ki kont gouvènman yon peyi. Aksyon moun ki pran pozisyon kont yon lòt.
- Orikilè
-
Dwèt ki pi piti a nan tout dwèt men moun. Kòmanse konte nan dwèt pous la, li se senkyèm dwèt la.
- Orizontal
-
Pozisyon ki sanble avèk pozisyon fas yon dlo dòmi. Yon pozisyon ki pèpandikilè a pozisyon vètikal la. Menm pozisyon avèk kouche.
- Oseyan
-
Lanmè. Yon kantite dlo ki sanble li pa gen finisman tèlman li laj, li anpil.
- Oseyanik
-
Yonn nan senk kontinan sou tè a ki pi piti pase lòt kat kontinan yo. Ostrali se pi gwo peyi e pi gwo il sou kontinan sa a ki gen plizyè il nan li. Nenpòt bagay ki gen rapò avèk oseyan.
- Ostrali
-
Yon gwo il ki prèske fòme tout kotinan Oseyanik la pou kont li.
- Oto
-
Otomobil. Yon bèl machin yon moun posede pou transpòte limenm avèk rès fanmiy li. Nenpòt machin yon moun posede pou transpòte moun.
- Otobis
-
Yon gwo machin ki gen chèz pou tout moun chita. Machin sa a pote anpil moun, men li pa pote anpil chay tankou gwo sak lou.
- Otomatik
-
Yon bagay yon moun bezwen fè yon sèl travay pou bagay la kontinye fèt san rete. chak bal nan yon revolvè bezwen yon kout gadjèt pou soti, tout bal nan yon mitrayèz bezwen yon sèl kout gadjèt; kidonk tire bal nan mitrayèz se yon bagay otomatik.
- Otomobil
-
Oto. Yon bèl machin yon moun posede pou transpòte limenm avèk tout rès fanmiy li. Nenpòt machin yon moun genyen pou transpòte moun.
- Otonomi
-
Eta yon moun, yon gwoup moun, yon òganizasyon, yon peyi ki gen yon chèf, men chèf la kite li pran kèk desizyon. Yon nivo libète ki toupre endepandans.
- Otorite
-
Moun ki gen pouvwa pou egzèse sou lòt moun e pouvwa sa a mache avèk kèk responsablite tou.
- Otorizasyon
-
Pèmisyon moun ki gen otorite bay moun ki pa kapab aji san pèmisyon sa a, otorite sa a pou yo aji nan tout libète posib.
- Otorize
-
Bay moun otorizasyon, pèmisyon pou yo fè bagay yo pa kapab fè san otorizasyon.
- Otowout
-
Yon wout plizyè liy machin kapab kouri sou li yonn sou kote lòt an vitès e pa gen limyè sikilasyon sou wout sa.
- Otrefwa
-
Ekspresyon pou pale de yon epòk, yon bagay ki te pase san konnen, sonje vrèman moman lè epòk sa a, bagay sa a te pase.
- Otèl
-
Otèl: Yon kay ki gen anpil chanm nan li kote moun ale pou yo pase yon kantite tan lè yo pa pre kay yo. Moun nan yon otèl peye yon kòb pou chak jou yo pase nan otèl la. Toujou gen otèl nan tout gwo vil paske gen anpil moun ki toujou ap vizite gwo vil yo.
- Ou
-
Yon pwonon. Moun itilize li pou pale dirèkteman avèk yon moun. Ou byen, De mo moun itilize ansanm pou di si se pa yon bagay se yon lòt bagay.
- Oumenm
-
Mo moun ki ap kominike avèk lòt moun itilize pou mete plis fòs nan sa yo ap di a epi fè moun yo ap eseye kominike avèk li a santi sa a.
- Out
-
Yuityèm mwa nan yon ane. Yonn nan de mwa ki fè plis chalè sou kote mwa Jiyè a. Yonn nan sèt mwa yon ane ki gen tranteen jou.
- Ouvri
-
Retire yon kouvèti, yon pòt ki te bare, fèmen yon kote. Devlope yon bagay ki te vlope, fèmen. Fè yon bagay, tankou bouch yon moun, vini laj.
- Ouvè
-
Ouvè: Sa ki pase lè yon kouvèti, yon pòt ki te bare, fèmen yon kote soti kote li te ye a. Devlope yon bagay ki te vlope, fèmen. Ouvè Fèmen, Yon ti zèb ki febli e bese pi ba lè moun touche li epi leve kanpe yon ti moman apre.
- Oval
-
Yon bagay ki gen yon fòm tankou yon wonn ki pese sou de bò, men de kwen yo pa fini rankontre. Fòm boul ameriken yo jwe foutbòl yo a.
- Ovil
-
Yon repwodiksyon andedan kò yon femèl ki kapab vini fòme yon ze pou bay yon pitit.
- Ovile
-
Yon moman sou katozyèm jou depi yo fi te gen règ li epi yonn nan ovil li yo, sa ki pi gran an, avanse prèske nan bouch koko li pou tann dechay. Si ovil la jwenn dechay nan twa jou li pase nan bouch koko fi a li ap kòmanse fòme yon ze ki ap ale bay yon pitit apre yon kantite tan.
- Ozalantou
-
Nan tout kwen yon bagay tankou dlo ki antoure yon il, yon bag sou yon dwèt yon moun.
- P
-
P: Sèzyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la. Li pwononse menm jan avèk mo "pe" ki vle di sispann pale, fèmen bouch.
- Pa
-
Posesyon yon moun. Leve pye yonn apre lòt epi depoze yo atè pou deplase yon kò. Mo ki kanpe devan yon lòt mo pou di evite fè sa siyfikasyon mo ki vini apre a vle di.
- Paj
-
Yon bò nan chak fèy papye ant po yon liv ki gen ekriti sou li. Yon pati nan yon istwa. Konsa, yon fèy papye kapab gen de paj sou li.
- Pak
-
Yon fèt pou selebre Jezi Kris ki leve soti nan lanmò apre li te mouri jou Vandredi-Sen an. Kretyen yo selebre fèt sa a jou dimanch apre Vandredi-Sen an. Kote moun bare bèt pou yo pa ale flannen. Kote ki gen anpil frechè, pye bwa, bèl zèb pou moun chita pran bon van, flannen avèk mennaj yo.
- Pakapala
-
Yon moun nan yon ti kominote ki toujou patisipe nan tout seremoni nan kominote a tankou maryaj, bal, vodou, kominyon san mèt seremoni an pa envite li. Yon moun ki toujou reponn envitasyon li.
- Pakoti
-
Kèk rad mal fèt machann twal vann nan mache kote peyizan ki achte rad. Rad sa yo fèt nan rapidite.
- Pale
-
Ouvri bouch epi kite mo moun kapab konprann soti nan bouch la. Bay yon mesaj, di yon moun sa li bezwen tande. Bay yon odyans yon diskou. Pale Anpil, Pale san rete, san rezon. Di pawòl ki pa gen sans. Pran anpil tan pou fini yon konvèsasyon, yon diskou.
- Palisad
-
Po yon twons palmis ki fann an moso long pou fè kay.
- Palmis
-
Yon pye bwa ayisyen itilize pou fè anpil bagay. Palmis gen anpil pati nan li tankou kè a, fèy li, tach la, chou a, grap la, avèk twons la. Li pa boujonnen apre moun koupe pye a, men chak grenn grap ki tonbe sou tè a kapab bay yon lòt pye palmis.
- Pandye
-
Mete prèske tout kò yon bagay ap balanse de bò nan lespas pandan yon ti pati nan bagay sa a kenbe li anlè e anpeche li tonbe anba. Koke, pou moun nan Depatman Latibonit la.
- Pans
-
Yon trip laj ki gen fòm yon boul andedan vant anpil èt vivan kote manje rete anvan yo ale nan lòt pati nan kò a ou byen ale nan poupou.
- Panse
-
Abilite moun genyen pou yo wè yon bagay nan lespri yo jan bagay la ap ale ye sou papye, nan reyalite. Enstriksyon yon moun sib pou li fè yon bagay e enstriksyon sa soti nan lespri yon lòt moun.
- Pantalon
-
Kanson. Yon rad gason mete sou yo e ki gen de janb menm jan avèk de janb moun.
- Panyen
-
Yon djakout ayisyen fè avèk ti moso banbou ki trese yonn nan lòt. Plizyè ti moso banbou long ki kwaze ant yo epi lòt ki pi fèb trese ant sa ki kwaze yo. Lè atizan fini fè anba yon panyen, li kòmanse pliye moso banbou ki te kwaze ant yo a sou anlè pou fè kwen panyen an. Li kontinye trese pou jis li rive wotè li vle panyen ye a. Baskèt. Panye.
- Panyòl
-
Panyòl: Espanyòl. Yon lang moun nan peyi Espay pale. Yon lang ki itilize tout mo ki nan lang moun nan peyi Espay yo epi ki gen kèk lòt mo ogmante sou li. Lang moun pale nan peyi tankou Dominikani, Venezwela, Ajantin, Meksik, Ondiras e latriye.
- Pap
-
Pi gwo chèf nan legliz Katolik ki ap viv nan peyi Itali, Ròm, ki kapital tout legliz katolik nan lemond.
- Papa
-
Yon gason ki te ansent yon fi epi fi a fè piti la. Yon mari ki gen yon pitit menmsi se nan adopsyon li vini gen pitit la.
- Papay
-
Yon fri ki gen koulè vè lè li vèt e ayisyen fè legim avèk li. Li gen koulè jón lè li mi e ayisyen fè bon ji avèk li. Moun oblije bwè ji a apèn yo fini fè li paske li ap gate si li rete pou anpil tan. Gen yon ti grenn nwa andedan fri sa a ki gen yon ti likid andedan.
- Paradi
-
Yon kote tout moun panse yo ap ale viv apre yo fini mouri e san pwoblèm san yo pa janm mouri ankò. Yon plas kote tout moun relijye espere yo ap ale apre yo fini mouri. Yon plas nan syèl kote moun panse Bondye ap viv avèk zanj yo.
- Paranoya
-
Eta yon moun ki paranòy.
- Paranòy
-
Moun ki toujou panse lòt moun ap prepare pou fè yo mal, pou touye yo. Moun fou.
- Parasòl
-
Parasòl: Onbwèl. Yon bagay ki fèt pou moun mete sou tèt yo pou pare solèy. Yon bagay ki fèt avèk saten e tou won tankou yon moso boul. Moun itilize li pou bare solèy e pare lapli tou. Dlo lapli a tonbe sou onbwèl la epi li sib fòm won a pou ale tonbe atè.
- Parese
-
Yon moun ki toujou panse li gen twòp tan devan li pou fè nenpòt travay li gen pou li fè. Moun ki pa renmen travay ditou.
- Paryaj
-
Aksyon de ou byen plis moun ki mete ansanm, yo chak, yon bagay ki gen anpil valè pou yo avèk espwa yon evènman ap rive ou byen li pa ap rive. Moun ki te prevwa evènman ap rive a gen dwa pran tout bagay yo te mete ansanm yo depi bagay la rive.
- Parye
-
Mete plizyè bagay ansanm pou reyalize yon paryaj.
- Parèt
-
Parèt: Soti nan yon eta envizib pou vini nan yon eta vizib. Eta yon bagay, yon moun tout moun ap pale de li san rete nan radyo, nan televizyon; tout kote.
- Parèy
-
Parèy: Yon mal avèk yon femèl bèt ki viv ansanm tankou yon gason avèk yon fi ki renmen, plase, marye. Bay Parèy, Aksyon yon mal bèt ki rantre zozo li andedan koko yon femèl bèt.
- Pasan
-
Yon espas kote bagay pase. Yon ti moso twal nan senti pantalon avèk kèk wòb kote mèt rad la pase yon sentiwon pou boukle li. Moun ki ap pase yon kote.
- Pasay
-
Yon espas, yon pòt kote yon bagay kapab pase tankou lajè koko yon fi lè li ap pouse yon pitit.
- Pase
-
Soti lwen pou rive yon kote epi kontinye sou wout la san rete. Fè mwayèn ki nesesè pou kite yon klas nan lekòl. Yon mòd rad ki pa egziste ankò.
- Pasifik
-
San vyolans. Yon pati lanmè ki nan kwen lwès kontinan Amerik la, kwen lès e nò kontinan Oseyanik la, kwen lès kontinan Ewòp e Azi.
- Pastan
-
Yon bagay yon moun kreye pou li fè pandan li ap tann yon moman rive pou li fè yon bagay ki pi enpòtan.
- Pasyon
-
Bagay yon moun vle fè san reflechi sou konsekans bagay sa, move kote bagay sa a. Foli ki pouse moun reyalize bagay yo pate ap janm kapab reyalize si pate gen anvi sa pou reyalize bagay sa a. Yon maladi anpil moun soufri ki kapab fè yo itil soyete ou byen detri sosyete.
- Pasyone
-
Eta yon moun ki gen pasyon, foli, anvi pou reyalize yon bagay, plizyè bagay.
- Pat
-
Yon poud ki mouye epi chak ti grenn poud yo kole yonn ansanm avèk lòt la; konsa tout vini fè yon sèl bagay. Yon bagay mou moun itilize pou netwaye dan yo.
- Patat
-
Yon boul yon lyann donnen anba tè e moun manje li paske li dous, li gen anpil farin. Lè lyann patat pase sou yon moso tè, rasin li rantre nan tè kote li gwosi pou fè boul la ki rele patat.
- Pati
-
Yon bò, yon kantite, yon kwen nan yon bagay. chak fwa jwè yon jwèt kat tankou pokè rekòmanse jwe. Yon men kat.
- Patiraj
-
Yon teritwa kote yon chèf kòmande. Moun itilize mo sa plis pou pale de yon pak kote yon bèt kòmande.
- Patisipan
-
Moun ki patisipe nan yon bagay tankou yon seremoni.
- Patisipasyon
-
Aksyon yon moun ki patisipe nan yon seremoni. Aksyon yon patisipan.
- Patisipe
-
Bay kontribisyon, patisipasyon pou yon bagay kapab rive fèt. chak moun ki ale nan yon maryaj patisipe nan maryaj la.
- Patizan
-
Moun ki manb nan menm gwoup avèk yon lòt moun e ki kapab fè nenpòt bagay pou defann moun nan gwoup sa.
- Patriyotik
-
Tout aksyon yon patriyòt pou peyi li. Nenpòt aksyon patriyotism pou yon peyi. Aksyon yon sitwayen pou defann peyi peyi li.
- Patriyotism
-
Lanmou pitit yon peyi gen pou peyi li e ki kapab pouse li fè nenpòt bagay, menm touye tèt li, pou sove peyi li. Fòs andedan yon sitwayen ki pouse li ale nan lagè pou peyi li menm lè li konnen li kapab mouri.
- Patriyòt
-
Patriyòt: Sitwayen yon peyi ki toujou toupre pou defann peyi li kont nenpòt bagay tankou move pawòl lòt moun ap di kont peyi a. Gèrye yon peyi.
- Pawòl
-
Pawòl: Nenpòt mo ki soti nan bouch yon moun ki ap pale. Pwomès yon moun bay yon lòt moun kenbe.
- Pay
-
Yon bagay ki fay tankou fèy sèch yon pye bwa. Anpil zèb sèch ki rasanble yon kote.
- Peyi
-
Yon moso tè avèk fontyè kote ki gen yon prezidan, yon leta, yon gouvènman. Yon nasyon endepandan kote moun kapab retounen chak fwa yo ale yon lòt kote.
- Peyizan
-
Moun ki ap viv nan yon peyi. Moun nan yon peyi ki ap viv kote ki gen plantasyon, jaden lwen kapital peyi a, vil peyi a. Moun nan yon peyi ki manke mwayen kominikasyon pou benefisye tout bote sivilizasyon.
- Piblik
-
Bagay ki fèt pou tout moun, tout moun gen dwa patisipe nan li, jwi avantaj li, itilize li tankou yon legliz, yon plas, yon pak.
- Pibliye
-
Fè yon bagay vini disponib pou piblik. Eta yon bagay anpil moun vini konnen. Ekri yon liv epi peye yon konpayi pou fè anpil kopi liv la pou mete li vann nan librèri. Eta yon jounal ki disponib pou moun achte.
- Pikan
-
Yon ti pwent file ki nan branch anpil pye bwa. Se yonn nan bagay peyizan ayisyen pi pè lè yo ap mache nan raje san soulye nan pye yo paske pikan kapab rantre nan pye yo.
- Pike
-
Pouse pwent yon bagay, yon pikan nan yon pati nan kò yon moun jis pwent la rantre nan kò moun nan. Sansasyon yon moun santi nan bouch li ki tankou yon bagay ki ap rantre nan vyann bouch li lè li gen yon bagay tankou piman andedan bouch li.
- Pil
-
Anpil bagay, moun, ki rasanble ansanm. Batri.
- Pilon
-
Yon twons bwa atizan ayisyen fouye yon bèl tou nan li epi moun itilize li pou kraze kèk grenn tankou mayi, pistach, kafe, pitimi e latriye.
- Pilonnen
-
Frape pye sou yon bagay avèk espwa li ap ale kraze. Aksyon moun ki mete plat pye yo sou do pye yon moun pandan anpil moun, yon foul moun kanpe nan yon espas ki twò piti pou kantite moun yo.
- Pilote
-
Kodi, fè yon avyon, elikoptè vole.
- Pilye
-
Anpil bagay ki reyini, rasanble ansanm. Plizyè pil ansanm.
- Pilòt
-
Pilòt: Moun ki kondi, pilote avyon. Moun ki fè avyon, elikoptè vole.
- Piman
-
Grenn yon ti pye bwa kout ki kapab pike anpil. Gen plizyè piman tankou piman-zwazon, piman-dous avèk piman-bouk. Piman Bouk, Yon piman ki pi gwo pase piman-zwazo, men li pi piti pase piman-dous e li pike tou; yon ti kras mwens pase piman-zwazo. Piman Dous, Yon piman ki pa pike, men moun ki ap fè manje renmen itilize li pou bay manje bon gou. Moun manje piman-dous nan salad tou. Piman Zwazo, Yon ti piman wouj e piti ki pike anpil.
- Pini
-
Fè yon moun soufri pou yon move bagay li fè tankou vyole lalwa, fè yon krim e latriye. Mete yon moun nan prizon.
- Pipi
-
Yon likid jón ou byen gri ki soti nan koko, zozo yon moun, yon bèt paske kò li pa bezwen likid sa pou ede kò a devlope, rete an sante.
- Pipirit
-
Yon bèl ti zwazo, mal la avèk femèl la kapab bo pandan yo ap vole. Yonn toujou ale tout kote li gen pou li ale avèk parèy li.
- Pistach
-
Yon plan ki bay yon rasin ki divize an de pati: yon pati fen e yon pati pwès. Pati pwès la gen grenn andedan li e moun manje grenn sa yo. Moun fè manba, bè avèk grenn nan.
- Pitimi
-
Yon plant peyizan ayisyen kiltive sou plantasyon yo. Li bay yon grap ki gen anpil ti grenn nan li. Gen de varyete pitimi: yonn pye li pi kout e li gen pi bon gou pase lòt la ki pi wo. Sa pye li pi wo a, moun ki ap kwit li gen pou yo mete anpil bagay nan li pou jwenn gou li.
- Pitit
-
Yon moun manman li avèk papa li te mete ansanm pou fè li nan moman manman an te ap ovile. Pitit Fèy, Nenpòt moun lwa ki monte yon bòkò te trete maladi li, te touye yon moun pou li e moun oblije patisipe nan seremoni vodou bòkò a chak ane pou peye yon pati nan dèt li.
- Pitza
-
Yon manje ki fèt avèk farin e li kòmanse fèt tankou jan moun fè pat pen, men pat sa a pa gen leven nan li. Lè moun nan fini plati pat la li mete sòs tomat sou li avèk kèk lòt bagay anvan li mete li nan fou.
- Piyajè
-
Piyajè: Moun ki patisipe nan yon piyay. Moun ki pran plezi nan resevwa bagay nan men lòt moun.
- Piyay
-
Yon moman kote anpil moun resevwa libète pou yo pran tout kantite yo kapab pote nan yon kantite bagay. Libète anpil moun pran pou yo kòmanse pran bagay lòt moun posede san moun nan pa bay otorizasyon pou pran bagay sa yo.
- Piye
-
Moman anpil moun pran anpil bagay yon moun te posede san moun nan pa bay otorizasyon pou pran bagay sa yo.
- Piyon
-
Yon vil nan Depatman Nò peyi Ayiti ki toupre Mayisad; anviwon 18 kilomèt konsa.
- Plak
-
Yon moso materyèl ki sanble avèk jansiv moun, ki gen dan nan li e ki kapab chita sou jansiv yon moun pou ranplase jansiv avèk dan moun. Yon moso plastik tou won avèk ti tras sou ki gen mizik anrejistre sou li. Nan ane 1980 yo konpakdis vini epi li ranplase plak.
- Plan
-
Preparasyon ki fèt pou konnen, anvan yon bagay rive, kijan li ap ale pase. Desen sou papye pou montre kijan yon kay e anpil lòt bagay ap ale fèt.
- Plane
-
Aksyon yon bèt ki soti anlè pou desann anba, men li kite de zèl li ouvri pou ralanti vitès jan kò a ap tonbe sou tè a. Plizyè moun te eseye plane nan fè eksperyans pou vole tankou zwazo e se eksperyans sa yo ki fè moun konprann kijan pou yo fè pou desann avyon atè. Se zwazo avèk avyon ki vrèman kapab plane. Aksyon yon moun ki bay yon bagay li posede nan yon biznis pou mèt biznis la kapab prete li lajan. Moun sa ap resevwa bagay la lè li pote lajan avèk enterè retounen.
- Planifye
-
Prepare yon bagay pou li rive menm jan yon moun vle li rive. Fè yon plan.
- Plant
-
Yon pye bwa ki piti, kout e ki kapab rete kout pou jis li seche, mouri. Gen anpil ti pye bwa kout tankou pye pwa, pye piman, mayi, pitimi e latriye peyizan kiltive nan jaden. Apre sezon jaden yo pase, plant la mouri epi kiltivatè yo sekle tè a pou plante menm grenn plant sa ankò.
- Plantasyon
-
Yon tè kote moun fè jaden. Kote ki gen plant nan tè kiltivatè ap tann yo donnen.
- Plante
-
Mete grenn yon plant nan tè pou li gèmen epi grandi. Mete yon ti plant nan tè pou li kontinye grandi.
- Planèt
-
Planèt: Plizyè kò nan lespas ki pa kole avèk tè a, ki pa gen limyè sou yo e ki ap vire fè wonn solèy la.