Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp.
- Plas
-
Nenpòt kwen ki egziste sou tè a. Yon kote nan yon vil ki gen bèl flè, ban pou nenpòt moun chita nan kèk lè rezonab tankou soti nan sisè nan maten pou rive nan disè lannwit.
- Plat
-
Asyèt. Eta yon bagay ki pa gen gwosè. Eta yon bagay ki gen fòm fas dlo ki pa ap souke. Plat Pye, Pati nan pye yon moun ki touche tè a lè li ap mache san soulye nan pye li.
- Plati
-
Fòse yon bagay vini plat.
- Plato Santral
-
Yonn nan nèf divizyon nan peyi Ayiti yo e ki nan mitan peyi a avèk yon kwen li kole avèk Dominikani, yonn avèk Depatman Lwès la, yon lòt kwen avèk Depatman Latibonit e dènye kwen an kole avèk Depatman Nò a. Kapital depatman sa a se Ench.
- Plen
-
Mete bagay andedan yon lòt bagay pou jis anyen pa kapab antre andedan li ankò.
- Plenn
-
Moman lè yon bèt ap pote pitit andedan vant li. Gwosès. Kantite tan sa varye pou chak fanmiy bèt. Yon kote ki gen anpil pye bwa, anba yo imid e li fè nwa tout tan.
- Plenyen
-
Travay yon moun ki ap rakonte mizè li, tribilasyon li bay yon moun avèk espwa moun sa a ap ede li rezoud pwoblèm sa yo. Lamante. Fè yon bri ki soti nan gòj san kite yon vrè mo soti. Plenyen egzije anpil enèji.
- Plezi
-
Yon bagay yon moun renmen fè e li gen kè li kontan lè li ap fè bagay sa a. Jwisans.
- Pli
-
Tras, mak kote yon bagay te vlope, pliye. Tout rad ki fini lave gen pli sou li anvan moun pase li.
- Plim
-
Kèk ti branch fil ki parèt soti nan kò moun avèk bèt. Kèk lè tou yo grandi long sou kò moun ou byen bèt. Sa ki pi long nan kò moun yo parèt nan tèt yo, anba zesèl yo, nan pati entim yo. Kèk bèt tankou mouton gen anpil plim sou kò yo.
- Plis
-
Diferans, pi wo, ant kantite yon bagay te dwe ye e kantite li ye a. Kantite ki ogmante sou yon bagay. Ogmante de kantite, de nonb yonn sou lòt.
- Plizyè
-
Plizyè: Anpil bagay ansanm e ki kapab menm bagay la ou byen diferan ant yo.
- Ploge
-
Rantre yon bagay nan pwent yon lòt pou kontinye distribye yon bagay tankou dlo, eltektrisite bay yon lòt zòn, yon lòt aparèy. Danse avèk yon lòt moun yon fason pou tou de kò yo kole e deplase ansanm san dekole pou jis mizik la fini.
- Plonje
-
Pouse, fòse yon bagay rantre anba dlo. Aksyon yon moun ki lage kò li nan dlo tankou yon rivyè, lanmè, pisin. Yon moman kote yon avyon, yon zwazo, yon elikoptè kite wotè li te ap vole a pou desann pi ba e vit.
- Poetik
-
Travay yon ekriven ki ekri tèks tankou poezi.
- Poezi
-
Yon fason kèk ekriven ekri plizyè ti moso tèks pou esplike yon ti moman, yon ti istwa, yon bagay imajinè. Yon poezi sonnen tankou yon chante lè moun ap koute li.
- Poko
-
Eta yon bagay ki bezwen plis tan pou li rive. Yon mo ki ale devan lòt mo pou esplike yon bagay, yon chanjman ki ap ale fèt, rive, regle e latriye.
- Pokè
-
Pokè: Yon jwèt kat kote jwè yo mize lajan yon premye fwa pou kòmanse jwèt la. Apre sa a, chak jwè ki panse yo gen kat pou genyen pati a mete plis kòb. Jwè ki pa kapab mete plis kòb e ki konnen yo pa genyen gwo pwen nan men yo oblije kite jwèt la. Konsa jwè ki gen anpil kòb avèk gwo pwen kapab kontinye mete plis kòb. Kèk fwa tou moun ki gen plis kòb la konnen blofe lòt jwè a epi dekouraje li avèk lajan. Jwè ki genyen an pa menm oblije montre kat ki te nan men li.
- Polarizasyon
-
Yon travay chimik ki vini bay elektrisite epi dirije, rale elektrisite a ale, vini sou yon pòl.
- Polis
-
Yon òganizasyon militè ki gen nan chak vil pou kenbe, mete lòd, sekirite nan vil peyi a. Militè sa yo pa antrene pou ale nan lagè.
- Polisye
-
Yon moun ki nan gwoup militè ki fòme òganizasyon polis yo.
- Politik
-
Syans ki etidye gouvènman, kijan moun gouvène lòt moun. Mannigans moun itilize pou montre yo se yon bon moun devan tout moun ki kandida pou yon djòb. Aksyon moun ki ap chache mwayen pou fè lòt moun vote pou yo nan yon eleksyon.
- Politisyen
-
Yon moun ki etidye syans ki montre moun kijan pou yo gouvène. Yon moun ki ap pratike politik. Yon moun ki patisipe nan yon eleksyon.
- Polèn
-
Polèn: Yon pati jón nan lasi myèl. Yon ti poud nan prèske tout flè e Wanga-nègès renmen manje li.
- Polòy
-
Yon peyi ki nan mitan kontinan Ewòp la kote yo pale yon lang ki rele Pòtigè. Peyi kote chèf legliz katolik la, Jan Pòl II, te fèt
- Ponp
-
Yon machin mekanik, elektrik ki kapab rale yon likid soti anba pou monte anlè. Ponp mekanik la se yon bagay moun fè travay avèk fòs ponyèt, men ponp elktrik la mache avèk elektrisite.
- Ponpye
-
Yon òganizasyon ki gen kamyon ki kapab pote dlo pou ale ede moun kay yo ap boule. Kamyon òganizasyon sa yo itilize kapab pote anpil dlo pou voye sou dife e etèn dife a.
- Pontiac
-
Yon mak machin e yon konpayi machin ameriken.
- Ponyèt
-
Ponyèt: De pati nan kò moun ki pandye nan chak zepòl moun. Ponyèt yo kapab pliye nan direksyon do moun e sèlman nan mitan yo. Dènye pwent ponyèt la gen pati ki rele men an.
- Popilarite
-
Sitiyasyon yon moun ki ap viv nan yon sosyete, men prèske tout moun nan sosyete sa konnen li. Moun sa gen yon popilarite nasyonal. Yon moun moun nan lòt sosyete konnen. Moun sa gen yon popilarite entènasyonal. Popilarite kapab fè anpil moun vote pou yon moun ki patisipe nan yon eleksyon.
- Popilasyon
-
Kantite moun ki ap viv yon kote tankou yon zòn, yon peyi e latriye.
- Popilè
-
Popilè: Eta yon moun ki posede yon popilarite. Yon bagay ki gen rapò avèk pèp tankou yon moun anpil moun konnen, yon pèp konnen.
- Port-de-Paix
-
Port-de-Paix: Gade Pòdepè.
- Posede
-
Gen pwopriyete yon bagay. Gen dwa pou deside sou avni yon bagay, yon moun.
- Posib
-
Eta yon bagay ki kapab pase, vini, rive e latriye e chans sa yo piti.
- Posiblite
-
Opòtinite, okazyon ki egziste pou yon bagay vini posib.
- Poste
-
Itilize Lapòs pou voye yon lèt ou byen kèk lòt bagay yon kote. Mete yon siy yon kote pou moun wè li.
- Postitisyon
-
Aksyon moun ki bay lòt moun itilize yon pati nan kò yo tankou koko yon fi pou lajan. Pwofesyon yon bouzen.
- Pote
-
Deplase yon bagay soti nan yon plas pou ale nan yon lòt san bagay la pa touche tè depi kote li soti pou jis kote li gen pou li rive a.
- Pou
-
Lè mo sa kanpe devan yon lòt mo li vle di yon moun posede sa mo ki vini apre li a vle di. Yon ti bèt ki renmen rete kote ki gen plim tankou cheve pou li fè pitit, miltipliye.
- Pouchon
-
Pitit de moun ki gen anpil lajan e ki pa oblije travay pou fè lajan li bezwen pou depanse. Yon jèn gason ki gen anpil lajan e ki pa gen pyès responsablite tankou yon fanmiy pou okipe.
- Poud
-
Krabinay yon bagay kote li enposib pou rekonèt bagay sa, eksepte si li gen yon sant, yon koulè, e latriye. Yon pwazon bòkò Ayisyen prepare e yo itilize li pou touye yon énmi yo, énmi lót moun. Yon krabinay yon bagay moun ki ap abiye mete anba bwa yo, sou kou yo, kèk fwa sou lestomak yo pou fè yo santi bon.
- Poul
-
Yon zwazo domestik ki ponn ze, remen mache plis pase li vole e moun renmen manje vyann li anpil. Eta yon fi ki renmen bay gason kouche li. Aksyon yon elèv lekòl ki ap gade sa yon lòt elèv toupre li ap fè nan yon egzamen pou li fè menm bagay la tou.
- Poule
-
Gade sa yon elèv toupre ap fè nan yon egzamen pou fè menm bagay la tou.
- Poulèt
-
Poulèt: Yon ti poul ki poko janm ponn ze, ki poko fè pitit. Vyann poulèt prann mwens tan pou li kwit pase vyann poul.
- Pous
-
Kat dwèt ki pi gwo nan ven dwèt moun gen nan pye avèk nan men yo. Yon dimansyon ki prèske menm longè avèk espas ki ant de mak nan dwèt yon moun.
- Pousib
-
Sib kijan yon moun fè yon bagay pou fè menm bagay la tou.
- Pousyè
-
Pousyè: Ti moso tè ki vini tèlman piti e fay, yo kapab vole e van kapab pote yo ale tonbe sou lòt bagay. Salte ki poze sou yon kò pwòp e ki chanje koulè kò sa a. Krabinay tè ki kapab vole.
- Pouvwa
-
Kapasite pou itilize fòs lè gen bezwen pou itilize fòs sa a. Otorite lalwa bay yon moun.
- Povrete
-
Eta yon moun ki pa gen lajan pou li achte pyès nan bagay yon moun bezwen pou li kontinye viv alèz nan sosyete li ap viv.
- Poze
-
Soti anlè epi rive atè a tou dousman. Ranje yon bagay tankou mozayik nan yon posisyon.
- Pozisyon
-
Kote yon bagay ye. Travay yon moun ap fè nan yon biznis. Opinyon yon moun sou yon bagay.
- Pozitif
-
Yonn nan de pòl elektrisite yo (avèk negatif la) kote kouran soti pou li ale pase nenpòt kote ki bezwen itilize kouran. Yon siy plis (+) operasyon ki montre gen yon bagay ki ap ale ogmante sou yon lòt bagay.
- Pran
-
Itilize fòs pou retire yon bagay nan men yon moun ki te posede. Akepte resevwa yon bagay nan men yon lòt moun.
- Predesesè
-
Yon moun ki te okipe yon pozisyon anvan moun ki vini okipe pozisyon sa a apre li.
- Premye
-
Bagay ki vini, rive anvan an. Yon moun, yon bagay ki gen nimewo en, ki menm avèk nimewo en. Pozisyon yon moun ki rive anvan an kote yon kous fini.
- Prepare
-
Fè tout sa ki nesesè pou kòmanse fè yon lòt bagay ki bezwen fèt.
- Presbitè
-
Presbitè: Yon kay, yon biwo kote yon pè viv e fè travay legliz la ki pa kapab fèt nan legliz la menm.
- Prese
-
Fè yon bagay ki dwe fèt pi vit pase jan li te dwe fèt la. Mete yon rad anba yon machin ki rele près pou retire pli nan rad la.
- Preskri
-
Ekri yon lis medikaman ki bon pou maladi bay yon malad soufri. Bay yon moun otorizasyon avèk enstriksyon pou fè yon travay.
- Preskripsyon
-
Yon otorizasyon yon doktè bay yon moun pou ale nan yon famasi epi ache yon medikaman leta anpeche moun ache san otorizasyon sa a. Otorizasyon e enstriksyon yon moun bay yon lòt moun pou li fè yon travay.
- Prete
-
Aksepte, yon bagay, lajan nan men yon moun epi bay moun nan pwomès pou remèt li bagay la, lajan an.
- Prevwa
-
Wè yon bagay anvan li egziste nan reyalite.
- Prezan
-
Moman sa a, konnye a, tan sa a. Eta yon moun ki yon kote, nan yon pozisyon.
- Prezidan
-
Pi gwo chèf, premye moun nan yon peyi ki gen yon gouvènman.
- Pri
-
Kantite kòb yon machann mande pou machandiz li ap vann. Yon bagay, lajan yon moun resevwa avèk konpliman pou yon bagay li fè byen.
- Privatize
-
Retire yon bagay leta te posede nan men li pou bay lòt biznis kontwole li. Retire dwa piblik la te gen nan men li sou yon bagay.
- Prive
-
Eta yon bagay yon moun posede e se moun sa a ki gen dwa fè sa li vle avèk li. Sektè Prive, Nenpòt biznis nan yon peyi ki pa nan gwoup biznis, gwoup òganizasyon leta yo.
- Près
-
Près: Yon machin ki itilize vapè pou retire pli sou yon rad. Tout moun ki travay nan biznis tankou radyo, televizyon, jounal e ki regle zafè bay nouvèl.
- Prèskil
-
Yon moso tè ki gen dlo antoure li prèske tou won. Penensil.
- Pyese
-
Rasanble plizyè pyès ansanm pou fè yon bagay. Itilize yon moso yon bagay ou byen yon moso yon lòt bagay, pou ranplase moso pa bagay la.
- Pyon
-
Plizyè moso bagay jwè itilize pou yo make pozisyon yo ye nan yon jwèt. Pwofi, avantaj yon moun gen sou yon lòt.
- Pyès
-
Pyès: Anyen. Yon moso bagay ki kontribye nan konstitisyon yon bagay. Absans yon bagay.
- Pò
-
Pò: Yon kwen nan lanmè kote bato rete pou yon debake e anbake machandiz. Anpil ti tou, kanal ki sou tout kò moun pou ede respirasyon kò a fèt.
- Pòch
-
Pòch: Yon tou yon koutiryè, yon tayè fè nan yon rad pou moun ki mete rad la kapab mete sa yo bezwen itilize vit tankou yon kle kay, yon bous, lajan.
- Pòdepè
-
Yon vil e kapital Depatman Nò Lwès peyi Ayiti. Port-de-Paix.
- Pòl
-
Pòl: De sèl pozisyon yo ki nesesè pou bay elektrisite: positif (+), negatif (-). Elektrisite mache an wonn, li soti nan pozisyon pozitif la pou ale nan pozisyon negatif la.
- Pòmdetè
-
Pòmdetè: Yon boul moun manje ki donnen anba tè e ki gen anpil farin nan li. Li pran anpil tan pou kwit, men po li fen. Moun renmen manje pòmdetè plizyè fason tankou fri, bouyi e melanje avèk lòt bagay: bè, mayonèz, ze e latriye.
- Pòtatif
-
Yon bagay moun kapab kenbe avèk men yo pou pote li.
- Pòtigè
-
Pòtigè: Yon lang ki itilize anpil mo ki sonnen menm jan avèk mo Espanyòl e moun nan peyi Brezil avèk peyi Polòy pale lang sa.
- Pòtoprens
-
Port-au-Prince. Premye e yonn nan pi ansyen vil nan peyi Ayiti. Se vil sa ki kapital peyi a. Depatman kote vil sa ye a rele Depatman Lwès e se li ki kapital depatman sa tou. Pati yo ki pi remakab nan vil sa rele Petyonvil, Dèlma, Kafou, anba lavil e latriye.
- Pòtray
-
Pati nan kò yon moun, yon bèt kote pwent zo kòt li yo vini pase anlè vant li a pou kouvri kè li avèk kèk lòt pati sou kote kè a.
- Pòv
-
Pòv: Moun nan yon sosyete ki pa posede anyen pou li kontinye viv alèz nan sosyete a. Kèk fwa, dekourajman avèk grangou fè yon pòv kanpe kote lòt moun ap pase pou mande yo kòb.
- R
-
R: Disetyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.
- Ra
-
Eta yon bagay moun difisil pou jwenn, rankontre li. Yon bagay moun oblije chache li anpil pou jwenn li.
- Rabote
-
Aksyon yon bagay ki ap avanse nan yon direksyon epi li ap pouse ale tout sa li jwenn nan chemen li, sou wout li.
- Rach
-
Yon enstriman ki fèt pou koupe gwo bagay di tankou yon twons bwa. Pou koupe yon bagay avèk rach, moun frape pati file nan rach la sou bagay la anpil fwa epi ti moso soti yonn apre lòt nan bagay la jis li fini koupe.
- Rad
-
Moso twal koutiryè avèk tayè koupe nan fòm kò moun e koud yo ansanm pou moun abiye.
- Radyo
-
Yon mwayen kominikasyon ki egziste ant yon gwo aparèy elektwo-mayetik ki voye son nan lespas e yon ti aparèy elektwo-mayetik ki ap resevwa son sa yo. Kantite ti aparèy ki kapab resevwa son sa yo pa gen limit. De ti aparèy de moun, pou pi piti, kapab ititlize pou yo pale, kominike ant yo de a.
- Rafine
-
Eta yon moun ki resevwa yon edikasyon nan fanmiy li, nan zòn kote li ap viv la ki fè li konprann byen jan pou li viv avèk moun ki ap viv sou kote li.
- Rafrechisman
-
Yon bagay glase tankou krèm, dlo, kola e latriye ki kontribye nan bese chalè yon moun santi lè moun bwè bagay sa yo. Nenpòt bagay moun bwè avèk espwa chalè yo santi ap bese.
- Rakonte
-
Pale de yon bagay ki pase. Bay yon kont tankou istwa Bouki avèk Timalis.
- Rakèt
-
Rakèt: De plant nan peyi Ayiti: yonn gen yon fòm varye avèk pikan e yon likid blan andedan li. Likid sa a se yon pwazon. Ayisyen itilize rakèt sa pou fè lantouray. Lòt rakèt la gen yon fòm oval avèk ti pikan fèb nan tout kò li. Ayisyen itilize plant sa pou feyaj. Yon entriman jwè anpil jwèt itilize pou frape e voye yon boul sou bò lòt jwè a.
- Ran
-
Nivo ki egziste ant plizyè bagay, moun, djòb, travay, pozisyon nan yon sosyete, yon peyi. Liy. Plizyè moun ki kanpe yonn devan lòt pou tann yon bagay.
- Randevou
-
Yon lè, de ou byen plis moun antann yo, pou rankontre yon kote pou pale de yon bagay.
- Ranje
-
Mete plizyè bagay nan yon pozisyon ki ede jwenn yo lè gen bezwen pou yo. Bay yon bagay yon fòm li te pèdi. Plizyè bagay ki nan yon pozisyon.
- Rankont
-
Moman kote moun rankontre.
- Rankontre
-
Soti nan yon pozisyon, yondireksyon pou ale menm kote avèk lòt moun ki pa soti menm kote a.
- Ranmye
-
Yon bèl zwazo ki kapab fè yon gwo bri andedan gòch li e ki toujou ap vole, rete sou yon pye bwa kote parèy li ye.
- Rann
-
Travay yon moun ki ap pouse manje soti andedan vant paske gen yon fòs ki ap pouse manje sa a soti deyò. Rann Sèvis, Sèvi yon moun gratis ou byen pou lajan.
- Ranpli
-
Fè, mete an plis sou yon bagay tankou mete tè nan yon tou.
- Ranyon
-
Moso twal, rad ki lave anpil, twò ansyen pou moun abiye epi moun mete yo nan yon kwen ou byen anba matla kabann.
- Rapadou
-
Yon sik solid peyizan ayisyen fè nan moulen. Pou prepare rapadou, peyizan yo kraze kann pandan yo ap separe dlo a avèk kakas kann nan. Yo mete dlo kann nan bouyi pou jis li vini siwo. Nan yon moman anvan siwo a brile, yo retire li mete nan yon gwo ganmèl epi yo brase siwo a pou jis li prèske di. Lè sa yo mete li nan kayèt.
- Rapòte
-
Rapòte: Aprann yon bagay, yon istwa epi ale pale lòt moun de konesans sa yo. Bay enfòmasyon nan yon jounal, yon radyo, yon televizyon.
- Rara
-
Yon gwoup mizikal ki gen yon majò-jon devan, kèk dansè dèyè li, tanbouyè, banbouyè, yon bòkò, yon badjikan, avèk kèk lòt mizisyen e patisipan. Rara kòmanse sou dènye jou madigra pou fini lè fèt Pak rive.
- Ras
-
Divizyon moun kreye pou fè diferans ant koulè moun ki ap viv sou tè a e tout kote nan lemond.
- Rasanbleman
-
Plizyè bagay, moun, bèt ki nan yon pozisyon nan yon moman. Yon foul moun.
- Rasin
-
Yon pwent tout plant pouse nan tè a pou kenbe yo solid anlè tè a. Moun itilize rasin plant anpil e gen anpil nan yo moun manje. Orijin, premye kote yon bagay soti anvan moun te kòmanse tande pale de li.
- Rasyonèl
-
Rasyonèl: Eta yon desizyon moun ki pran li a te itilize entelijans epi moun nan te evite itilize kè li, sansiblite li.
- Rat
-
Yon ti bèt ki gen kat pye bouch long, zòrèy kanpe e ke long ki entelijan anpil e ki gen, nan kò li, anpil pati moun gen nan kò yo. Moun ki fè medikaman pou maladi moun soufri toujou eseye medikaman sa yo sou rat anvan yo bay moun medikaman yo. Rat renmen viv nan tou e yo pa fè moun konfyans.
- Rate
-
Manke. Pèdi chans ki te egziste pou reyalize, benefisye yon bagay. Aksyon yon pèlen ki kite pozisyon yon moun te ranje li pou kenbe yon bèt.
- Ratyè
-
Yon machin moun itilize pou kenbe rat paske bèt sa pa janm kite moun rive pre li. Moun mete manje yo konnen rat renmen nan ratyè a epi ranje li yon fason pou li rate.
- Ratyèfè
-
Yon ratyè ki fèt an fè. Mo kèk gason itilize lè yo ap pale de kèk madanm ki konnen kijan pou yo fè pou kouche avèk lòt gason san mari yo pa janm kenbe yo.
- Ravin
-
Yon ti kouran dlo ki sanble avèk yon rivyè, men ki plis soti nan kèk mòn pou ale tonbe nan larivyè. Kantite dlo ravin yo pa anpil e lè lapli fè anpil tan li pa tonbe ravin yo pa gen dlo sou wout yo.
- Ray
-
Yon wout ki fèt pou tren pase. Yon ray gen de liy fè ki kouche sou anpil moso bwa sou tout longè wout la. De liy fè sa yo kenbe wou tren yo pou yo pa deraye.
- Rayi
-
Eta yon moun, yon bèt ki gen vye santiman nan kè li pou yon lòt moun.
- Rayisman
-
Move santiman yon bèt, yon moun gen nan kè li pou yon lòt moun, yon lòt bèt.
- Re
-
Yonn nan sèt nòt mizikal yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si.
- Rebitan
-
Yon manje ki diminye apeti moun chak fwa yon moun manje li. Nenpòt bagay yon moun gen mwens anvi pou fè li chak fwa li fè li yon fwa an plis.
- Rebitans
-
Santiman moun gen pou yon bagay ki rebitan.
- Redaksyon
-
Yon devwa pwofesè bay elèv lekòl primè kote yo gen pou yo pale de yon bagay tankou yon moman nan lavi yo, yon bèt e latriye. Yon redaksyon gen twa pati: entwodiksyon, devlopman, konklizyon.
- Refrijeratè
-
Yon machin ki gen anpil tiyo andedan li ki gen gaz pase andedan yo pou glase bagay ki andedan machin nan. Refrijeratè fè dlo tounen glas, li fè anpil likid vini di.
- Refèt
-
Refèt: Remete tout bagay nan plas yo pou tout bagay vini gen menm fòm li te genyen nan yon moman pase. Yon lòd moun pase òdinatè pou ekri ankò yon bagay moun apèn efase.
- Regrete
-
Eta yon moun ki gen lapenn pou yon bagay ki te fèt mal. Yon moun ki regrete yon bagay ap chache ranje li depi li kapab. Gen bagay tankou lanmò moun regrete lè yo rive, menm jan avèk lanmò tou, gen bagay moun pa kapab chanje.
- Rejim
-
Yon gwoup moun ki gen tout pouvwa nan men yo pou pran desizyon pou yon lòt gwoup moun, yon peyi. Yon grap nan tèt yon pye bannann, lè li rèk, moun koupe li pou manje.
- Reken
-
Yon gwo pwason nan lanmè ki manje vyann tankou vyann moun yo jwenn nan lanmè a, menmsi moun nan vivan.
- Reklam
-
Pale de yon bagay, yon machandiz pou fè moun panse yo konnen bagay sa, machandiz la epi yo ap ale chache li pou achte li.
- Rekonesans
-
Konesans ki retounen nan tèt yon moun apre anpil tan te pase depi moun nan te pèdi konesans la. Apresyasyon yon moun montre pou yon bagay yon lòt moun fè. Konpliman yon moun resevwa pou yon bon bagay li fè.
- Rekonstwi
-
Konstwi yon bagay yon dezyèm fwa. Mèt yon ansyen kay kapab mande yon bòs pou li rekonstwi kay la pou li.
- Rekonèt
-
Rekonèt: Itilizasyon ansyen konesans pou sonje yon bagay. Sonje resanblans yon bagay.
- Rekò
-
Rekò: Rezilta yon bagay moun ap mezire depi lontan epi li rive bay yon rezilta moun pa te janm wè anvan jou li rive bay nouvo rezilta sa a.
- Relasyon
-
Lyen yon bagay, yon moun gen avèk yon lòt bagay, yon lòt moun. Rezon ki fè de moun toujou rankontre. Relasyon Entim, Relasyon yon fi avèk yon gason genyen kote yonn konnen anpil sekrè nan lavi lòt la, yo chak konnen wè e manyen tout pati nan kò lòt la.
- Rele
-
Travay yon moun ki kite non yon moun soti nan bouch li yon fason pou moun nan vini jwenn li. Gwo bri moun fè lè yo ap kriye.
- Rezen
-
Yon fri ki donnen an grap. Gen de diferan rezen: yonn koulè wouj avèk yonn koulè vè. Yon grenn rezen kapab genyen yonn ou byen de ti grenn andedan li.
- Rezilta
-
Sa yon moun jwenn lè li fini fè yon operasyon. Bagay yon moun jwenn lè li fini fè yon travay.
- Rezistan
-
Eta yon bagay ki gen rezistans. Eta yon gwoup gèrye ki kanpe ap goumen avèk yon lòt gwoup san fatige. Eta yon mont dlo pa kapab antre andedan li menmsi li rantre nan dlo.
- Rezistans
-
Aksyon yon moun ki pa vle obeyi lòd. Aksyon yon gèrye, yon gwoup gèrye ki pa janm fatige goumen.
- Rezon
-
Bon fason moun panse. Abilite pou yon moun panse byen. Travay yon moun ki fè moun konprann e aksepte pozisyon pa li pou bon pozisyon an. Kapasite, abilite pou itilize entelijans pou pran desizyon, men pa sansiblite.
- Rezone
-
Itilize entelijan, men pa itilize sansiblite pou prandesizyon. Praktike prensip matematik yo pou rive jwenn yonn ou byen plizyè rezilta.
- Rezoud
-
Jwenn, bay solisyon yon pwoblèm.
- Ri
-
Yon espas nan yon vil kote nenpòt moun gen dwa pase. Yon zòn piblik nan yon vil. Travay moun ki leve po bouch yo pou mete dan yo deyò epi eksprime kè kontan yo.
- Rich
-
Eta yon moun, yon peyi ki gen richès. Yon moun, yon peyi ki gen plis lajan pase kantite lajan li bezwen.
- Richès
-
Richès: Bagay yon moun, yon moun rich posede. Tout pwodiksyon yon peyi kapab ekspòte bay lòt peyi.
- Rive
-
Finisman, dènye bout yon vwayaj. Ale jis nan yon destinasyon. Travay yon moun ki rantre yon kote lòt moun te ap tan li.
- Rivyè
-
Rivyè: Yon kouran dlo dous ki soti nan yon sous epi ki sib tout nivo tè ki pi ba pase nivo kote li soti a pou jis li rive nan lanmè. Larivyè.
- Règ
-
Règ: Yon moso materyèl ki ede moun trase yon liy dwat. Prensip moun fèt pou yon respekte. San ki soti nan koko yon fi chak ventsuit jou nan yon mwa pou avèti fi a li ap ale ovile nan katòz jou. Gen kèk fi ki gen gwo doulè nan vant yo lè yo gen règ yo.
- Rèl
-
Rèl: Yon liy nan mitan do yon èt vivan kote zo ki pi ansyen nan kò a rankontre. Eta yon moun ki ap kriye fò pou fè lòt moun konnen li bezwen èd.
- Rèz
-
Rèz: Aksyon yon moun ki fè moun panse li posede abilite, fòs, resous pou fè yon bagay, men li pa genyen tout sa li fè moun panse li genyen yo tout bon vre. Lè yon moun rive rekonèt sa li te fè konprann nan pa te vrè, li deja twò ta pou moun nan chanje lide li. Aksyon yon jwè ki itilize lajan li genyen pou li blofe lòt jwè.
- S
-
S: Dizuityèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la. Li pwononse menm jan avèk mo, ès, ki vle di avanse nan yon direksyon, men pa janm rete nan yon liy dwat.
- Sab
-
Anpil poud, kraze ti wòch ki sou kote lanmè, larivyè e mason itilize yo pou fè mòtye pou kontriksyon.
- Sachè
-
Yon ti sak ki pa gen lans e ki fèt avèk papye ou byen plastik.
- Sadik
-
Eta moun ki pran plesi nan fè sa ki fè lòt moun mal. Eta anpil kriminèl.
- Saint Marc
-
Saint Marc: Gade Sen-Mak.
- Sak
-
Nenpòt bagay fon avèk lans ki fèt pou moun pote bagay yo pa vle pote nan men yo.
- Sal
-
Yon gwo chanm kote moun nan yon kominote selebre gwo okazyon, evènman avèk fèt. Eta yon bagay ki gen malpwoprete sou li tankou pousyè. Eta yon rad ki gen kras swè moun, labou, pousyè kole sou li.
- Salad
-
Plizyè varyasyon nan bagay ki akonpaye manje sou yon tab. Li kapab yon konbinezon leti, tomat, kawòt avèk yon melanj dlo, sèl, lwil. Li kapab yon konbinezon bèt-wouj, pòmdetè, ze bouyi, mayonèz, zonyon. Gen anpil diferan salad.
- Sale
-
Yon bagay ki gen yon kantite sèl ki depase gou tout lòt bagay ki rantre nan konstitisyon li.
- Salon
-
Yon chanm nan yon kay ki pote menm non avèk yon gwoup mèb andedan li. Nan kèk kay chanm sa sèvi pou resevwa moun ki pa rete nan kay la. Moun ki rete nan kay la itilize li pou divètisman tankou gade televizyon.
- Salte
-
Bagay ki fè yon lòt bagay sal. Malpwoprete. Pousyè ki rasanble, tonbe sou yon kò, fas yon bagay.
- Samdi
-
Setyèm e dènye jou nan yon semèn. Apre jounen samdi a, yon lòt semèn kòmanse. Se jou sa tout moun nan legliz Advantis yo ale legliz pou priye e bay Bondye glwa.
- San
-
Yon likid ki toujou ap sikile nan venn moun avèk èd kè moun ki sèvi tankou yon ponp pou rale e pouse san an nan tout venn yo. San an, vrèman, divize an de pati: san wouj avèk san blan an. 100. Yon kantite ki gen san inite nan li. Senkant miltipliye pa de. Mil divize pa dis bay san. San De, 102. Sandezyèm inite nan nonb pozitif yo. San plis de. Desan-kat divize pa de. San Dis, 110. Sandizyèm inite a. Kat-san-ven divize pa de. San plis dis. San En, 101. San plis en. De-san-de divize pa de. San inyèm inite nan nonb pozitif yo.
- Sandal
-
Yon soulye plat moun mete nan pye yo pou pye yo pa touche atè, men tout pye a pa fèmen andedan li; konsa van kapab pase pou anpeche pye a vini cho. Sandal pi ansyen pase anpil soulye ki fèmen nèt yo. Moun nan antikite te konnen mete sandal nan pye yo.
- Sandwich
-
Yon manje moun prepare avèk plizyè bagay tankou pen, leti, mayonèz, tomat, fwomaj avèk kèk ti moso vyann plat.
- Sann
-
Yon poud tout bagay ki fini boule kite nan plas kote yo te ap boule a. Tè.
- Sans
-
Konprann moun gen de yon bagay. Direksyon yon bagay sib pou li ale yon kote. Sans Inik, Sèl direksyon yon bagay tankou yon wout, yon ri genyen. Relasyon ki gen ant de moun kote yonn nan moun yo toujou montre li enterese a lòt la, men yonn nan moun yo montre li pa enterese a lòt la.
- Sansi
-
Yon moun ki pa vle travay e ki toujou ap mande lòt moun pou jis li santi moun nan pa genyen ankò pou bay li. Yon bèt ki viv nan dlo epi ki renmen rale san moun pou li bwè. Lè yon sansi ap rale san moun, li ap sispann rale sèlman lè vant li plen epi li soule.
- Sant
-
Mitan. Yon kote ki enpòtan anpil pou yon gwoup moun e moun toujou reyini kote sa a pou diskite anpil bagay. Enfòmasyon moun kapab resevwa nan nen li pou idantifye yon bagay. Bon Sant , Yon sant moun renmen. Move Sant, Yon sant moun pa renmen, yon sant moun rayi.
- Sante
-
Eta yon moun tout òganism nan kò li ap fonksyone san pwoblèm. Yon moun ki an sante gen kouraj pou li fè tout sa li vle fè avèk tout manb nan kò li. Yon moun ki pa an sante kabap fèb ou byen yon manb nan kò li kapab fèb.
- Santi
-
Eta yon bagay ki bay yon sant moun pa renmen, yon sant ki move. Eta yon move kominikasyon ant plizyè manb nan kò yon moun. Si yon bagay touche yon moun, pati sa a nan kò a ap kominike enfòmasyon an bay yon lòt pati nan kò a; konsa moun nan ap konnen gen yon bagay ki touche li, moun nan santi bagay la.
- Santiman
-
Kominikasyon ki genyen ant tout pati nan kò yon moun avèk kè li. Nenpòt bagay yon moun santi pou yon lòt tankou lide pou fè byen, mal.
- Santimantalite
-
Eta yon moun ki gen santiman.
- Santre
-
Mete yon bagay nan sant, nan mitan. Voye yon boul bay yon jwè nan mitan yon teren.
- Satan
-
Yon frè Bondye ki envizib e ki ap viv sou tè a avèk moun apre Bondye te fini kouri dèyè li nan syèl la. Mal.
- Satanik
-
Tout bagay ki mal, move. Nenpòt bagay ki gen rapò avèk Satan.
- Saten
-
Yon twal swa moun itilize pou fè parasòl, onbwè. Tayè itilize twal sa a anpil pou mete andedan rad ki fèt avèk lòt twa lou pou kouti twal sa yo pa fè mak sou moun ki mete yo. Saten fè yon rad lou gen mwens fwotman avèk kò moun.
- Savann
-
Yon kokenchenn teren ki pa gen anpil gwo pye bwa sou li nan kèk peyi twopikal. Zèb prèske pa grandi sou teren sa yo paske yo twò cho. Gen anpil pousyè nan savann yo. Savann Djann, Yon savann nan Depatman Latibonit la ki ant Mayisad avèk Sen-Michèl, yon vil tou pre Gonayiv. Savann Sahara, Pi gwo savann nan tout lemond e li sitiye nan nò kontinan Afrik la.
- Se
-
Men kisa yon bagay ye. Mo moun mete devan yon lòt mo pou di kisa mo a vle di.
- Segond
-
Yon swantantyèm nan yon minit, yon kantite tan ki egal a kantite tan yon minit genyen divize pa swasant.
- Segondè
-
Segondè: Yon bagay ki vini apre, ki gen priyorite an dezyèm pozisyon. Yon nivo lekòl nan peyi Ayiti ki vini apre lekòl primè.
- Sekle
-
Dechouke zèb sou yon moso tè pou fè tè a bèl. Kiltivatè sekle tè pou yo kapab plante grenn nan li. Dechouke zèb nan mitan ti plant ki ap grandi pou bay yo libète pou yo grandi. Travay yon kiltivatè fè pou kenbe plant li an sante.
- Sekou
-
Rèl yon moun pou mande èd lè moun nan konnen li pa kapab defann tèt li san asistans yon lòt moun. Yonn nan lis yon moun ki ap itilize òdinatè kapab sib pou jwenn enfòmasyon li ap chache. Tout pwogram gen mo sekou a nan lis sèvis yo.
- Seksyon
-
Yon moso, yon pati nan yon bagay. Seksyon Riral, Pi piti divizyon politik nan zòn peyi Ayiti yo.
- Seksyone
-
Divize yon bagay an plizyè seksyon.
- Sele
-
Mete sèl nan yon bagay. Mete sèl sou do yon bèt tankou cheval pou moun monte.
- Seleksyon
-
chwazi nan mitan plizyè bagay pou pran sa ki bon an. Yon travay kèk òganism nan kò moun fè pou yo chwazi manje ki fèt pou rete andedan vant moun e ki kontribye pou fè moun gwosi epi voye sa ki pa bon pou kò a deyò.
- Seleksyone
-
Aksyon yon bagay, yon moun ki ap fè yon seleksyon. Pran sa ki bon yo epi kite rès la.
- Semèl
-
Semèl: Pati anba yon bagay, tankou soulye, ki anpeche pye moun touche avèk tè a lè pye moun rantre nan li.
- Sen
-
Moun ki te sakrifye tout lavi yo ap sèvi moun sou tè a e legliz katolik bay yo glwa, kèk tan apre lanmò yo. Yon moun ki pa fè pyès peche. Yon bagay ki pa gen pyès pati nan kò li ki gate. Sen Domeng, Ansyen non tout il kote peyi Ayiti avèk Dominikani an ye a. Lè peyi Espay te vini pran pati lès il la, li te bay pati sa yon non espanyòl (Santo Domingo) e Ayiti pote yon non fransè paske peyi Frans te kontinye kolonize li pou jis rive nan ane 1803 yo. Sen Espri, Yonn nan twa pati Bondye yo sou kote papa a avèk piti. Yon espri ki monte moun nan kèk legliz e fidèl legliz sa yo kwè se lespri Bondye ki monte moun sa yo. Yon espri ki sen, ki soti nan Bondye. Sen Mak, Yon vil nan Depatman Latibonit la kote Wout Nasyonal Nimewo En an pase pou ale nan nò peyi Ayiti. Saint Marc. Non yon pwofètè. Sen Michèl, Yon vil nan Depatman Latibonit la ki tou pre Gonayiv. Non yon pwofèt.
- Senbòl
-
Senbòl: Yon siy ki reprezante siyfikasyon, imaj yon bagay.
- Senk
-
Sizyèm chif nan nonb pozitif yo. 5. Dis divize pa de. Kat plis en.
- Senkant
-
Senk miltipliye pa dis. 50. San divize pa de.
- Sentiwon
-
Yon moso kui kèk pwodiktè fè pou moun kapab mare rad nan senti yo. Gason pase sentiwon nan pasan pantalon epi boukle sentiwon an; konsa li anpeche pantalon an desan nan pye yo.
- Septanm
-
Nevyèm mwa nan yon ane e twazyèm mwa vankans pou elèv lekòl nan peyi Ayiti.
- Seramik
-
Travay yon atizan ki kreye imaj yon bagay avèk ajil. Yon travay seramik kapab gwo tankou estati yon moun ou byen piti tankou bijou pou dekorasyon andedan kay.
- Sere
-
Mete yon bagay yon kote pou pyès lòt moun pa kapab jwenn li. Anpeche moun wè yon bagay. Mare yon bagay pi di avèk yon kòd.
- Seremoni
-
Fèt moun fè pou fè sonje, selebre yon evènman ki te pase nan yon dat. Nenpòt fèt pou nenpòt rezon.
- Sereyal
-
Kèk manje ki fay anpil e ki pa kapab plen vant moun pou anpil tan paske yon ale nan vant moun pi vit pase manje ki lou yo. Pwodiktè yo fè sereyal avèk bagay tankou mayi, ble e latriye epi yo pase li nan fou anvan yo mete li nan bwat.
- Seriz
-
Yon grenn yon pye bwa donnen e ayisyen fè ji, konfiti avèk li. Grenn seriz gen koulè vè lè li vèt e li gen koulè wouj lè li mi.
- Setyèm
-
Setyèm: Yon plas, pozisyon ki rive nan menm nivo avèk sèt. Pou rive nan setyèm, moun ki ap di pozisyon yo soti nan premye, dezyèm, twazyèm, katriyèm, senkyèm epi sizyèm.
- Si
-
Eta yon bagay ki gen anpil asid nan li. Sik kapab chanje gou yon bagay ki si. Mo yon moun itilize pou rantre yon kondisyon nan lide li. Yonn nan sèt nòt mizikal yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si.