Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp.
- Acha
-
Aksyon yon moun ki achte yon bagay. Yon koutye fè lajan li nan vann kay pou mèt kay yo, men se moun ki fè acha yo ki peye li.
- Acheve
-
Fini fè yon travay ki te kòmanse. Finisman.
- Achitèk
-
Pwofesyonèl ki fè imaj yon konstriksyon tankou yon kay. Achitèk la kapab itilize nenpòt materyèl pou fè imaj yon kontriksyon, men mezi yo kapab bay vrè dimansyon konstriksyon an lè enjenyè itilize miltip mezi chak kwen nan imaj la.
- Achte
-
Ale kote moun vann machandiz, pran yon bagay epi peye pou li.
- Afrik
-
Yonn nan senk kontinan yo ki fòme lemond la: Ewòp, Azi, Afrik, Amerik, Oseyanik. Tout moun kwè se nan kontinan sa a moun nwa te premye parèt sou tè a. Enpe moun kwè se sou kontinan sa tout premye èt vivan te parèt sou tè a tou. Moun ki ap chache konnen yo di yo te jwenn zo moun ki pi ansyen an, yon fi yo rele li Lucy, nan lak Victoria sou kontinan Afrik la.
- Afriken
-
Se non tout moun ki fèt sou kontinan Afrik la.
- Afwonte
-
Rankontre yon moun pou esplike li yon opinyon, koute opinyon moun nan tou. Afwonte yon moun kapab bay yon move rezilta si yonn nan moun gen santiman vyolan.
- Agiman
-
Pawòl defansif ki soti nan bouch yon moun pou kontrekare opinyon yon lòt moun.
- Agrandi
-
Fè yon bagay vini pi gran. Mèt yon kay kapab mande bòs la pou li agrandi kay la.
- Agrikilti
-
Metòd moun itilize pou ede repwodiksyon grenn plant moun manje; konsa toujou gen manje pou moun manje.
- Ajan
-
Yon moun ki reprezante yon lòt moun nan tout tranzaksyon moun sa te kapab reprezante tèt li. Yon koutye se yon ajan paske li reprezante yon mèt kay, yon lokatè, yon achtè.
- Ajans
-
Travay yon moun ki reprezante moun nan nenpòt tranzaksyon moun nan te kapab reprezante tèt li.
- Ajantin
-
Yon peyi nan Amerik Sid la, sou kote chili. Moun nan peyi sa pale Espanyòl. Kapital peyi sa rele Bon Lè.
- Aje
-
Eta yon bagay ki gen anpil ane depi li te kòmanse egziste.
- Ajen
-
Eta yon moun lestomak li vid, ki apèn leve nan kabann li apre li fini pase yon nwit ap dòmi e li poko manje manje anyen.
- Aji
-
Fè yon bagay, yon aksyon ki kapab byen, ki kapab mal tou.
- Ajil
-
Yon varyasyon tè ki mou lè li mouye e ki kapab di tankou wòch lè li sèch. Lè ajil fini sèch e pase nan fou, dlo pa kapab fè li mou ankò. Gen ajil wouj, gen ajil jón.
- Ajiste
-
Ranje yon bagay nan fason li te dwe ye a.
- Ajisteman
-
Travay yon moun fè pou li ranje yon bagay nan plas li, jan li te dwe ye a.
- Ajoupa
-
Yon ti kay kote moun andeyò peyi Ayiti rete pou yo viv. Yon kay ki piti e ki pa sanble avèk yon kay nòmal pou moun viv. Yon ti kay ki fèt avèk pay soti atè pou rive anlè. Li pa kapab pare solèy byen e dlo lapli kapab rantre andedan li.
- Ajoute
-
Mete yon bagay sou yon lòt avèk espwa lòt la ap vini pi plis. Ajoute yon goud sou kat goud pou li vini fè senk goud.
- Akademi
-
Yon lekòl tradisyonèl ki prepare etidyan pou yo vini pwofesyonèl nan yon branch. Akademi Militè, Yon lekòl kote moun ale pou resevwa edikasyon militè. Apre yon moun fini resevwa edikasyon miltè li kapab ale nan nenpòt gwoup, kò militè.
- Akayè
-
Yon vil nan peyi Ayiti. Vil sa nan direksyon nò peyi a e yon moun kapab jwenn vil sa lè li ap vwayaje soti Pòtoprens si li itilize Wout Nasyonal Nimewo En an. Se te yonn nan zòn kote moun te konnen kiltive anpil bannann-miske. Istwa rapòte ke fanm ki te koud premye drapo peyi Ayiti a te viv Akayè.
- Akizasyon
-
Travay, aksyon yon moun ki akize yon lòt moun.
- Akizatè
-
Yon moun ki akize yon lòt. Yon moun tankou yon pwosekitè ki fè arete yon lòt moun pou moun nan ale tann jijman li nan prizon.
- Akize
-
Mete responasblite yon move aksyon, yon krim sou do yon moun.
- Akonplisman
-
Dènye bagay ki rete pou fèt pou yon travay fini, akonpli.
- Akouche
-
Pouse yon bebe ki te andedan vant soti deyò.
- Akouchman
-
Travay, aksyon yon femèl lè li ap pouse yon pitit soti deyò.
- Aksan
-
Yon ti senbòl kèk lang itilize pou diferansye yon lèt, yon son avèk yon lòt. Fason yon moun pale yon lang etranje; se sa ki fè Ameriken yo di Ayisyen pale Anglè avèk aksan Fransè.
- Akselere
-
Soti nan yon vitès ki pi dousman pou rive nan yon vitès ki pi rapid. Aksyon yon chofè ki pese akseleratè machin li pi fò pase lòt chofè sou wout la.
- Aksepte
-
Pran yon bagay jan li vini an san chache chanje li.
- Aksyon
-
Fason yon moun aji. Bon Aksyon, Aksyon yon moun ki aji yon fason sosyete a espere li te ap aji. Move Aksyon, Aksyon yon moun ki aji yon fason moun nan sosyete a pa espere li te ap aji.
- Aktif
-
Eta yon bagay ki te kòmanse fè yon travay e ki kontinye fè travay la. Yon lwa moun oblije obeyi.
- Aktivite
-
Deplasman. Mouvman. Tout mouvman, tout deplasman yon bagay, yon moun. Tout travay moun fè.
- Aktyalite
-
Yon nouvèl ki nan bouch tout moun. Yon bagay tout moun ap pali de li san rete pandan yon kantite tan.
- Aktè
-
Aktè: Yon gason ki kapab jwe wòl yon lòt moun nan nenpòt sitiyasyon. Sa yon aktè fè, sanble anpil avèk sa mèt aksyon an te kapab fè. Si se moun nan ki te nan menm sitiyasyon an li te ap aji menm jan an tou. Yon gason ki kapab kopye tout jès yon moun epi pou li refè yo menm jan avèk moun nan.
- Ale
-
Deplase kite yon zòn pou rive nan yon lòt zòn.
- Alfabèt
-
Alfabèt: Yon lis lèt ki pèmèt moun ki pale yon lang ekri lang la. Alfabèt lang Kreyòl la gen vennkat lèt nan li: A (majiskil) a (miniskil), B (majiskil) b (miniskil), C (majiskil) c (miniskil), D (majiskil) d (miniskil), E (majiskil) e (miniskil), F (majiskil) f (miniskil), G (majiskil) g (miniskil), H (majiskil) h (miniskil), I (majiskil) i (miniskil), J (majiskil) j (miniskil), K (majiskil) k (miniskil), L (majiskil) l (miniskil), M (majiskil) m (miniskil), N (majiskil) n (miniskil), O (majiskil) o (miniskil), P (majiskil) p (miniskil), R (majiskil) r (miniskil), S (majiskil) s (miniskil), T (majiskil) t (miniskil), U (majiskil) u (miniskil), V (majiskil) v (miniskil), W (majiskil) w (miniskil), Y (majiskil) y (miniskil), Z (majiskil) z (miniskil).
- Alimèt
-
Alimèt: Yon pwodui travayè prepare nan izin pou pèmèt moun kòmanse yon dife byen fasil. Pwodui sa gen yon ti moso bwa avèk yon materyèl ki kapab limen dife si yon moun fwote li sou fas yon bagay ki plat e ki pa mouye.
- Aliye
-
Ranje plizyè bagay yonn dèyè lòt. Ranje plizyè bagay sou liy.
- Almanak
-
Yon lis tout mwa ki gen nan yon ane avèk anpil evènman espesyal ki toujou repete nan kèk jou nan ane a. Evènman sa yo kapab selebre nan yonn, plizyè peyi nan lemond.
- Almay
-
Yonn nan pi gwo peyi nan istwa kontinan Ewòp la. Almay gen fontyè avèk Frans, Polòy e plizyè lòt peyi. Se nan peyi sa a Adòlf Hitlè, chèf gwoup militè ki te òganize asasina jwif yo, te kòmanse touye moun sa yo.
- Alo
-
Yon ekspresyon moun itilize pou salye etranje yo rankontre sou wout yo. Premye mo yon moun di lè li reponn yon telefòn ki te ap sonnen lakay li.
- Altitid
-
Wotè yon bagay kòmanse soti sou fas lanmè pou rive nan wotè kote bagay la ye a.
- Altènatif
-
Jan moun ki etidye fizik yo esplike elektrisite fonksyone, monte desann. Yon bagay ki kapab itilize nan plas yon lòt lè lòt la pa disponib.
- Alyans
-
Yon relasyon de, plizyè moun kreye ant yo avèk yon dokiman yo siyen pou yo tout repekte yonn, plizyè kondisyon ki nan dokiman an.
- Amandman
-
Yon chanjman nan atik nan yon lwa ki chanje siyfikasyon lwa a. Dis premye atik (civil rights) nan konstitisyon peyi Etazini a ki bay nwa avèk lòt minorite nan peyi sa a anpil dwa.
- Amatè
-
Amatè: Yon moun ki ap pwatike yon metye ki pa vrè pwofesyon li. Yon moun ki pa gen tout abilite pou fè yon djòb. Yon moun ki jwe jwèt pou lajan.
- Amelyore
-
Fè yon aranjman yon bagay pou fè li vini pi bon.
- Amerik
-
Yonn nan senk kontinan yo nan lemond: Ewòp, Azi, Afrik, Amerik, Oseyanik. Kontinan sa a divize an plizyè pati: Amerik Nò, kote Kanada, Etazini, avèk Meksik ye; Amerik Sid, kote Ajantin, chili, Kolonbi, Venezwela e latriye ye; Amerik Santral, ki gen Ondiras, Beliz e latriye; Amerik Latin nan kote Ayiti, Dominikani e latriye ye.
- Ameriken
-
Non tout moun ki ap viv nan sou kontinan Amerik la. Malgre sa, anpil moun panse Amriken se moun ki ap viv nan peyi Etazini.
- An
-
Jan yon bagay ye, jan yon bagay dwe ye. An!!!, Ekspresyon kote yon moun ouvri bouch li laj e ki montre yon moman kote moun sa sonje yon bagay.
- Analiz
-
Travay yon moun ki ap chache konprann yon bagay, yon sitiyasyon.
- Analize
-
chache konprann yon bagay, yon sitiyasyon.
- Anba
-
Plas tout bagay ki pi ba pase yon lòt bagay.
- Anbake
-
Mete chay sou yon bagay tankou yon machin, yon bato, yon avyon pou li pote yo ale yon kote.
- Anbwate
-
Mete yon bagay nan bwat. Ranje plizyè bagay tankou kado pou bay moun nan yon bwat.
- Andante
-
Fè dan. Bay yon bagay fòm yon dan. Mete yon liy yon paragraf plis sou bò dwat pase kòmansman tout lòt liy avèk paragraf nan yon tèks.
- Andiyèt
-
Yon kopozisyon machann vyann ki gen epis avèk vyann kochon ki bay manje bon gou. Soupoudre.
- Andòmi
-
Andòmi: Itilize yon mwayen pou fòse yon èt vivan dòmi. Doktè itilize anestezi anpil pou andòmi malad nan sal operasyon. Majisyen fè moun dòmi san yo pa touche moun nan.
- Ane
-
Yon konbinezon twa-san-swasant-senk (365) jou, twa-san-swasant-sis (366) jou ki divize an douz (12) mwa. Senkant-De (52) semèn. Yuit-mil-sèt-san-swasant (8.760) èdtan. Senk-san-venn-senk-mil-sis-san (525.600) minit. Tranteen-milyon-senk-san-trant-sis-mil (31.536.000) segond.
- Anfounen
-
Mete yon bagay andedan yon bwat ki ap resevwa chalè pou fè bagay andedan li a kwit. Yon bagay ki ap anfounen kapab pase plizyè etap tankou chofe, kwit, vini solid, brile. Se moun ki ap anfounen an ki pou konnen konbyen tan li vle bagay la pase andedan fou a.
- Ang
-
Espas ant de kò ki lye nan yon pwen, men ki pa ale nan menm direksyon. Espas ant de bagay ki pèpandikilè.
- Angletè
-
Yon ansyen gran puisans ki te kontwole lemond lontan tankou peyi Etazini ap fè depi apre dezyèm gè mondyal la. Yonn nan kèk dènye peyi nan lemond ki toujou gen fanmiy wayal.
- Anglouti
-
Disparèt menm jan moun vale manje. Eta plizyè bagay ki tonbe nan yon tou epi ki disparèt pou tout tan.
- Anglè
-
Anglè: Lang moun pale nan plizyè peyi tankou Etazini, Angletè, Afrik Sid avèk anpil lòt peyi toujou. Non moun ki fèt nan peyi Angletè, moun ki pran nasyonalite peyi sa a.
- Anile
-
Anpeche yon aksyon, yon travay kontinye. Disparèt yon bagay. Kontribye pou anpeche egzistans yon bagay kontinye. Yon moun ki ap travay sou yon òdinatè kapab anile dènye bagay li soti fè a si li chwazi liy sèvis chanjman an epi Defèt.
- Anivèsè
-
Anivèsè: Jou yon evènman te rive pou premye fwa epi moun kontinye selebre li chak fwa jou sa rive nan yon ane.
- Anniye
-
Eta yon moun ki bezwen itilize tan lib li genyen, men li pa genyen anyen, li pa jwenn anyen pou fè avèk tan lib li yo. Aksyon yon moun ki ap fè yon lòt moun yon bagay moun nan pa renmen e li pa vle sispan fè moun nan bagay la.
- Anpeche
-
Elimine posiblite pou libète egziste. Bare yon moun pou li pa kapab fè yon bagay li vle fè.
- Anpechman
-
Yon fòs ki anpeche yon bagay fèt. Obstak.
- Anpil
-
Yon kantite ki egzije tan pou konte li. Yon gwo kantite.
- Anplwa
-
Relasyon yon moun avèk yon biznis, yon konpayi, leta ki pwomèt moun nan lajan pou chak travay, pou kantite tan li travay nan biznis la, òganizasyon an.
- Anplwaye
-
Moun ki ap travay avèk yon biznis, yon konpayi, yon òganizasyon, leta yon peyi. Yon moun ki gen yon anplwa.
- Anprizone
-
Mete yon moun nan prizon. Pini. Retire libète yon moun te genyen si li mal itilize dwa libète.
- Anprizónman
-
Aksyon yon gwoup moun tankou yon jij avèk jiri, nan yon jijman, ki mete yon moun nan prizon.
- Anrejistre
-
Kenbe, konsève yon bagay tankou ekriti, son, imaj yon kote pou jwenn li lè gen bezwen pou itilize li. Son ki anrejistre sou kasèt-son, moun kapab koute li menm apre anpil tan. Imaj ki anrejistre sou yon kasèt-imaj, moun kapab gade li nenpòt lè.
- Ansent
-
Eta yon femèl ki te koupe avèk yon mal nan moman ovilasyon li epi ki gen yon ze, yon timoun, yon ti bèt ki ap fòme nan vant li.
- Answouj
-
Yon vil nan Depatman Latibonit la.
- Ansyen
-
Eta nenpòt bagay apre plizyè ane fini pase depi li te kòmanse egziste. Tout bagay ki pa kòmanse egziste konnye a, jodia. Yon moun ki pèdi yon tit li te genyen.
- Antann
-
chache chemen antant. Aksyon de, plizè moun ki pran yon desizyon ansanm pou yo fè, sispann fè yon bagay tankou sispann goumen nan yon gè.
- Antant
-
Kote plizyè lide rankontre pou yo fè yon sèl. Satisfaksyon tout moun ki te gen plizyè lide diferan rive jwenn nan yon sèl opinyon.
- Antere
-
Mete yon bagay nan tè epi kouvri li. Sispann pale de yon bagay pou fè moun bliye li. Mete moun mouri nan tè.Fouye tou nan tè, mete yon bagay epi kouvri li avèk menm tè ki te soti nan tou a.
- Antibyotik
-
Pwodui chimik ki touye mikwòb. Medikaman ki trete enfeksyon. Prèske non tout medikaman sa yo fini avèk menm de lèt sa yo: in.
- Antikite
-
Yon kantite tan, yon epòk ki te pase lontan tankou kèk ane anvan Jezi Kris te vini sou tè a pou kontinye kèk ane apre.
- Antiseptik
-
Pwodui chimik ki anpeche mikwòb kontinye devlope.
- Antoure
-
Fè yon baraj nan tout kwen yon bagay. Bare yon bagay tou won.
- Antrav
-
Yon bagay yon moun fè epi bagay la mete li nan pwoblèm. Yon granmoun wè de timoun ap goumen epi li separe yo. Yonn nan timoun yo ale di granmoun li moun nan te kenbe li pou lòt timoun nan bat li. Bagay sa kapab vini antrav pou moun nan.
- Antrave
-
Eta yon moun ki nan yon antrav. Yon moun fini vòlè yon machin pou kont li epi li pase chache yon zanmi li pou yo soti. Pandan yo nan lari a polis arete yo pou vòlè machin. Lòt zanmi an ki pate menm konnen vòl la tou antrave paske polis yo pran li pou yon vòlè tou.
- Antrénman
-
Antrénman: Prepare pou yon evènman ki ap vini. Repetisyon. Refè yon bagay pou sonje kijan li te fèt anvan yon prezantasyon an fas yon odyans.
- Antèn
-
Antèn: Yon ti pwent ki soti nan tèt kèk ti bèt pou pèmèt yonn kominike avèk lòt bèt parèy yo. Yon aparèy pou radyo, televizyon ki pèmèt kominikasyon ant aparèy sa yo pi fasil.
- Anvan
-
Pran, resevwa priyorite sou yon lòt. Tout lòt vini apre sa ki vini anvan tankou en vini anvan de, de vini anvan twa e latriye.
- Anvi
-
Moso ki manke pou fè yon lòt rive konplè. Espwa pou jwenn satisfaksyon.
- Anviwon
-
Prèske. Yon ti kras pi plis, pi piti pase yon kantite tankou tan, distans, wotè ki te nesesè.
- Anvlope
-
Eta yon anvlòp lè li gen yon lòt bagay, yon lèt andedan li. Travay yon moun ki fèmen yon bagay andedan yon anvlòp. Travay yon bagay ki kouvri tout kò yon lòt bagay.
- Anvlòp
-
Anvlòp: Yon bagay laj ki gen kapasite pou kouvri tout kò yon lòt. Yon moso papye ki vlope tankou yon pòch pou mete yon lèt, fèmen li epi voye li bay mèt li pou ouvri li.
- Anyen
-
Zewo. San valè. chif ki lye tout nonb pozitif avèk nonb negatif yo. Pozisyon yon moun ki pa pou, ki pa kont yon bagay.
- Anèftali
-
Yon pwodui chimik ki fèt avèk plizyè eleman chimik, men Ayisyen plis itilise pou reveye moun ki endispoze e nan seremoni lwa. Sèvitè lwa yo panse sant la kapab pouse move espri ale lwen malad.
- Ap
-
Yon mo, lè li devan yon lòt mo, fè konnen devlopman yon aksyon ki apèn kòmanse.
- Aparans
-
Tandans pou yon moun kwè sa li wè, tande, santi menm lè sa li wè, tande, santi a pa chita sou pyès verite. Lè nenpòt nan senk sans yo twonpe moun.
- Apeti
-
Espas vid nan lestomak yon moun ki fè li anvi manje. Yon fòs envizib ki fè yon moun anvi fè yon bagay tankou tout jèn gason gen apeti pou bèl fi.
- Apetisan
-
Bon gou ki ogmante apeti moun pou bagay la. Yon bagay moun toujou anvi manje, jwenn apre yo fini manje li, jwenn li yon premye fwa.
- Apiye
-
Pran fòs sou yon lòt. Resevwa fòs, asistans de yon lòt. Espwa pou resevwa sa ki nesesè de yon moun.
- Aplati
-
Bay yon bagay menm fòm avèk fas dlo dòmi. Itilize fòs pou fè wòtè yon bagay diminye.
- Aplikasyon
-
Rezon ki fè egzistans yon bagay itil. Itilizasyon. Sa moun kapab fè avèk yon bagay.
- Aplike
-
Itilize yon bagay jan li te fèt pou itilize. Sib yon metòd pou fè yon bagay.
- Aplodi
-
Aksyon moun ki ap frape de plat men yo ansanm pou ankouraje aksyon yon lòt moun. Nenpòt aksyon moun pou ankouraje aksyon lòt rekòmanse.
- Aplodisman
-
Ankourajman pou bon aksyon yon moun. Rezon ki genyen pou yon bagay rekòmanse.
- Apostwòf
-
Yon ti siy (` ) ki ranplase yon lèt lè moun ap ekri. Lang Fransè itilize apostwòf anpil, men anpil lang pa itilize li.
- Apot
-
Douz moun yo ki te toujou ap mache avèk Jezi lè li te ap viv sou tè a. Nenpòt moun ki resposab pote mesaj bay yon lòt moun.
- Aprann
-
Pran konesans nan koute, li, etidye, fè eksperyans.
- Apranti
-
Moun ki ap sib tout sa patwon li ap fè pou li fè tou.
- Aprantisaj
-
Travay yon moun ki ap aprann. Ogmante kantite konesans ki deja egziste a.
- Apre
-
Sib sa ki nan pozisyon devan an. Apre Demen, Jou ki sib jou ki ap vini demen an. Apre Midi, Yon minit apre mitan yon jounen pou jis rive sis lè nan aswè.
- Apresye
-
Montre yon bagay, yon moun li gen valè.
- Apresysyon
-
Aksyon yon moun ki montre valè li bay yon bagay. Kòmansman lanmou pou yon moun, yon bagay.
- Apwoche
-
Itilize tout mwayen ki egziste pou vini pi pre yon moun, yon bagay. chache zanmitay nan men yon moun. Kòmanse file yon fi.
- Apwouve
-
Fè yon moun konprann entansyon li, bagay li fè bon. Aksepte lide lòt moun. Bay dwa, otorizasyon pou kontinye avèk yon aksyon ki kòmanse deja.
- Apèl
-
Apèl: Aksyon yon moun ki rele yon lòt moun nan telefòn, ki rele yon moun.
- Apèn
-
Apèn: Eta yon bagay ki pa gen lontan depi li pase.
- Apèsi
-
Apèsi: Posiblite pou wè yon bagay anvan li vini egziste nan reyalite. Bay yon ti goute nan yon bagay. Moun ki fè sinema yo toujou fè reklam nan televizyon pou film. Yo bay yon ti apèsi nan film nan. Sa a bay moun yon lide de film nan anvan yo ale wè li.
- Aranjman
-
Ogmante sa ki manke pou rive pi pre pèfeksyon.
- Arestasyon
-
Aksyon sou yon moun ki tonbe anba kontwòl militè, polis pou ale tann jijman li nan yon prizon. Apre erestasyon yon moun, moun nan pèdi tout libète, anpil dwa li te genyen.
- Arete
-
Tonbe anba kontwòl militè, polis pou ale nan prizon epi tann jijman.
- Areye
-
Yon ti bèt entelijan ki gen yuit pye. Yon areye fè nich li tankou yon moso twal. Anpil ayisyen kwè lè yon areye ki gen sèt pye vini pre yon moun se move nouvèl li pote bay moun nan. Poutèt sa yo ap touye li.
- Aristokrasi
-
Yon ti ponyen moun nan yon sosyete, yon peyi ki gen prèske tout kòb peyi a nan men yo e ki panse yo pi bon pase lòt moun ki pa nan gwoup pa yo a.
- Aristokrat
-
Nenpòt moun ki nan yon aristokrasi. Moun ki espere rantre nan aristokrasi e ki kòmanse trete moun nan gwoup pa yo a tankou moun ki gen mwens valè pase yo. Inyoran ki gen lajan. Li difisil pou yon gwoup aristokrat asepte moun nan lòt klas rantre nan gwoup yo a.
- Aristokratik
-
Konpòtman nenpòt moun ki nan yon aristokrasi.
- Aritmetik
-
Syans ki okipe afè nonb avèk operasyon nonb sa yo.
- Asanble
-
Anpil moun ki rasanble pou yon menm rezon yon kote. Depite avèk senatè ki rasanble pou diskite e fè lwa pou yon peyi.
- Asasen
-
Yon kriminèl ki touye moun, pou lajan yon lòt moun peye li.
- Asasinen
-
Aksyon yon asasen sou viktim li.
- Ase
-
Kont. Pa mete, pa retire nan kantite, wotè, yon bagay deja ye.
- Asid
-
Yon konbinezon plizyè eleman chimik ansanm tankou idwojèn, souf avèk oksijèn. Konbinezon idwojèn, souf, avèk oksijèn bay yon asid ki kreye elektrisite lè li rankontre avèk yon metal tankou plon.
- Asirans
-
Pawòl yon moun di yon lòt moun pou fè moun nan konte sou li. Yon konpayi moun peye yon ti montan kòb pou konpayi an fè kèk gwo depans pou li lè depans sa yo rive.
- Asire
-
Posede, resevwa asirans de yon moun, yon konpayi.
- Asosyasyon
-
Gwoupman plizyè moun pou yo sib yon lide ansanm pandan yonn ap ede lòt reyalize lide a. Aksyon de moun, pou pi piti, ki mete ansanm pou yo reyalize yon lide tankou ouvri yon biznis.
- Asosye
-
Yon moun ki ini avèk yon lòt moun, plizyè lòt moun pou reyalize yon lide tankou ouvri yon biznis ansanm.
- Asyèt
-
Asyèt: Yon veso won ki fèt avèk ajil, metal e moun itilize li pou manje. Sa ki andedan yon veso. Plat.
- Atache
-
Moun san inifòm, sivil, ki te konnen sèvi gouvènman nan peyi Ayiti. Yo te gen djòb pou chache konnen moun ki pa renmen gouvènman an epi ale di prezidan sa. Sivil nan peyi Ayiti ki te gen plis pouvwa pase militè paske yo te ap travay pou gouvènman an.
- Atak
-
Aksyon yon moun ki mache ale devan, dèyè yon lòt moun avèk fòs, gwo mo pou entimide li, touye li tou si sa posib.
- Atake
-
Mache rantre sou yon moun avèk fòs, gwo pawòl pou entimide li, touye li tou si sa posib.
- Atansyon
-
Prekosyon yon moun dwe pran nan kèk sitiyasyon. Kite je, zòrèy fikse sou yon bagay pou wè li, tande li. Atansyon !, Yon son, yon jès yon moun fè pou fè yon lòt moun konprann li gen yon bagay li bezwen gade, koute byen. Eta moun ki pa kapab sispann koute, gade yon bagay.
- Atantif
-
Eta yon moun ki toujou pre pou fè sa ki nesesè depi yon sitiyasyon prezante devan li.
- Ateri
-
Soti anlè pou vini tonbe sou fas tè a. Yon fason pou fè yon bagay soti anlè epi rive atè.
- Aterisaj
-
Aksyon yon bagay ki ateri tankou yon avyon.
- Aterisman
-
Lè yon bagay ki soti anlè ap touche fas tè a.
- Atifisyèl
-
Atifisyèl: Nenpòt bagay ki pèdi eta natirèl li. Nenpòt bagay ki pa natirèl men moun ranje li yon fason pou li sanble avèk yon bagay natirèl.
- Atik
-
Mo nan lang kreyòl la ki pèmèt moun konnen egzateman de kisa yon moun ap pale. Yon atik nan lang Kreyòl vini apre yon mo li akonpaye.
- Atirans
-
Fòs ki nan yon bagay e ki vle rale nenpòt lòt bagay ki pre li.
- Atire
-
Aksyon fòs ki nan yon bagay e ki vle rale nenpòt lòt bagay ki pre li.
- Atis
-
Yon moun ki fè travay literè tankou ekri chante, poezi, fè penti e latriye. Yon moun ki konnen kreye imaj nan desen avèk ekriti. Yon atis kapab pran nenpòt imaj ki nan tèt li epi transfòme sou fòm reyalite.
- Atistik
-
Nenpòt travay yon atis fè. Nenpòt bagay ki gen rapò avèk yon atis.
- Atitid
-
Fason yon moun chwazi pou li konpòte li nan mitan lòt moun.
- Atizan
-
Yon moun ki kapab fè yon travay prèske menm jan yon pwofesyonèl fè li. Moun ki itilize men li pou fè yon travay, ki pa itilize machin pou fè travay li.
- Atizana
-
Travay yon atizan. Travay yon moun ki bay yon rezilta menm jan yon pwofesyonèl te kapab fè li.
- Atletik
-
Nenpòt moun ki gen abitid fè spò. Moun ki kenbe fòm kò li solid tankou atlèt.
- Atlèt
-
Atlèt: Yon moun ki pratike yon spò pou pwofesyon.
- Atraksyon
-
Nenpòt aktivite ki rale moun vini gade e moun pran plezi nan li.
- Atraktif
-
Nenpòt bagay ki kapab fè yon moun gade san rete, bliye tèt li.
- Atè
-
Atè: Kole sou fas tè a. Soti anlè epi desann kole sou fas tè a.
- Avans
-
Ofri pou yon bagay anvan resepsyon bagay la. Peye lajan pou yon travay ki poko fèt.
- Avanse
-
Mache nan direksyon devan.
- Avantaj
-
Diferans ki gen nan chanje de ou byen bagay. Sa yon moun resevwa an plis sou yon lòt.
- Avanyè
-
Yon jou ki pase anvan jounen ki te pase anvan jounen yè a.
- Avni
-
Jan sitiyasyon yon moun, yon bagay, yon zòn ap ale ye nan yon jou ki gen pou li rive. Yon bagay ki gen pou li rive nan yon tan pyès moun pa kapab konnen anvan li rive tout bon vre. Yon wout, pi gran pase yon ri, pou anpil machin pase ansanm. Li ede moun jwenn anpil espas pou mache de yon zòn a yon lòt nan yon vil.
- Avoka
-
Yon pwofesyonèl ki etidye lalwa pou defann akize nan tribinal. Moun ki entèprete lwa nan fason pa yo pou defann kliyan nan yon jijman, nan tribinal.
- Avril
-
Katriyèm mwa nan yon ane ki gen kat semèn, trant jou nan li.
- Avwe
-
Aksyon yon moun ki di lòt moun yon verite li konnen e moun sa yo pate ap janm konnen verite sa a si li pate di yo li.
- Avwán
-
Avwán: Yon soupe ayisyen fè avèk farinay, poud ble. Yon sinistre plizyè peyi tankou Etazini te konnen voye bay ti peyi pòv yo tankou Ayiti.
- Avyatè
-
Pwofesyonèl ki pilote avyon nan lespas. Moun ki kapab pilote avyon nan lespas.
- Avyon
-
Yon aparèy vitès li pèmèt li vole nan lespas. Pou yon avyon vole li bezwen genyen yon long wout dwat devan li pou li kouri anvan li kapab vole tout bon vre.
- Avègleman
-
Nenpòt bagay ki anpeche yon moun wè reyalite a ki devan li.
- Avèk
-
Avèk: Yon ekspresyon ki ede lye de mo, de lide, de bagay.
- Avèti
-
Avèti: Anonse sa ki ap ale rive. Fè konnen sa ki ap ale rive, pase.
- Avòtman
-
Avòtman: Retire yon ze nan vant yon femèl anvan li fini fòme pou soti.
- Ayiti
-
Yon peyi nan Amerik Latin nan ki sou menm il avèk Sendomeng: Ayiti okipe zòn lwès il la e Sendomeng okipe zòn lès la. Premye peyi, nan tan kolonizasyon, ki te pran endepandans li. Premye repiblik ras nwa fòme nan istwa limanite.
- Aza
-
Nenpòt jwèt yon jwè oblije mize pou li kontinye patisipe nan li.
- Azi
-
Yonn nan senk kontinan yo: Ewòp, Azi, Afrik, Amerik, Oseyanik. Nan kontinan sa a gen peyi tankou chin, Kazakstan, Mongoli, e latriye nan li. Pi gwo peyi a se chin.
- B
-
B: Dezyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.
- Bachelye
-
Yon moun ki resevwa yon diplòm pou etid bakaloreya li.
- Bag
-
Yon ti moso metal won avèk yon tou pou dwèt moun rantre. Moun mete bag nan dwèt yo pou fantezi, pou fiyanse, pou marye. Moun fèt pou kontinye mete bag maryaj la tout tan yo rete marye. Yon bag kapab fèt avèk twa metal tankou lajan, lò, dyaman.
- Bagay
-
San valè. Yon mo ki dekri tout sa moun vle di lè non yo bezwen an pa disponib, pa vle soti nan memwa-kout moun.
- Bakaloreya
-
Yon nivo etid inivèsitè ki vo kat ane lekòl konsa apre lekòl segondè. Men, anpil moun panse sizyèm ane nan lekòl segondè se yon diplòm bakaloreya.
- Bal
-
Reyinyon plizyè moun pou selebre yon evènman, yon okazyon avèk mizik pandan plizyè èdtan. Yon moso metal ki soti nan bouch yon zam apre yon eksplozyon andedan yon zam.
- Balans
-
Yon enstriman pou mezire pwa yon bagay, yon moun. Yonn nan siy owoskòp yo. Nivo kote yon bagay gen menm pwa avèk yon lòt.
- Balanse
-
Fè nivo pwa de bagay vini nan menm nivo. Voye yon bagay nan yon direksyon epi voye li nan lòt direksyon opoze a san rete, pandan yon bon bout tan.
- Balansin
-
Yon machin mekanik ki kapab balanse pandan anpil tan soti nan yon vitès siperyè jis gravite rive kanpe.
- Balkon
-
Yon galri, nan yon kay, ki sou anlè. Yon kay ki gen plis pase de etaj.
- Balèn
-
Balèn: Pi gwo bèt nan lanmè moun rive dekouvri. Li bay pitit li tete tankou moun. Yon sous ekleraj ki gen yon mèch byen ranje nan mitan yon moso souf.
- Ban
-
Yon varyasyon nan chèz ki long anpil e li kapab genyen kat pye ou byen plis; konsa plizyè moun kapab chita sou li.
- Banal
-
San sans. Enkwayab. Nan nivo konesans prèske tout moun. Konesans ki disponib pou minimòm entelijans.
- Banana
-
Yon soupe ayisyen fè avèk bannann. Yo graje bannan nan, mete li bouyi avèk dlo pou jis li kwit. Apre bannann nan fini bouyi yo koule li, mete li sou dife ankò epi mete lèt, kanèl nan li anvan yo sikre li.
- Band
-
Eta zozo yon gason lè li di, kanpe. Sa rive plis lè gason an ansanm avèk yon fi, lè li ap panse a yon fi li anvi, lè li ap panse a yon moman li te pase avèk yon fi, lè li wè fòm koko yon fi anba kilòt li. Band mayetik, Yon riban long ki andedan kasèt ki fèt pou anrejistreman mizik, imaj tankou film ki parèt sou ekran televizyon, sal sinema yo.
- Bande
-
Vlope avèk bandaj. Pran yon pozisyon rèd, di.
- Bandi
-
Yon moun ki pa gen krentif pou anyen, ki pa pè pyès moun. Tapajè. Eta yon moun vyolan.
- Bank
-
Yon enstitisyon ki okipe afè lajan pou yon peyi, yon gwoup moun, yon gwoup peyi. Bank sèvi tankou medyatè ant moun ki gen lajan pou prete e moun ki bezwen prete lajan. Kote moun ki gen kòb sere kòb yo. Kote moun mete lajan yo posede pou prete moun ki bezwen prete; konsa yo kapab fè benefis sou lajan yo.
- Bankèt
-
Bankèt: Yon ti bank. Yon tab yon machann mete machandiz pou li vann.
- Bannann
-
Grenn yon pye bannann. Bannann parèt nan pye a apre yon flè plant sa a fini fleri, seche epi tonbe atè.