1 910 mo nan diksyonè a

Dominikani

Yon peyi ki sou menm il avèk Ayiti. Ayiti sou bò lwès il la e Dominikani sou bò lès il la. Moun nan peyi sa a pale Espanyòl paske Espay se dènye peyi ki te kolonize peyi sa. Tout mès yo, kilti yo soti an Espay. Sen-Domeng.

Dominiken

Moun ki fèt nan peyi Dominikani, nan peyi Dominik.

Domino

Yon jwèt ki gen 28 ti moso rektang nan li. Premye moso rektang la pa gen pyès ti wonn nan li. Dezyèm nan gen yon ti wonn nan li, twazyèm nan gen de ti wonn nan li. chak moso gen yon ti wonn an plis pou jis rive sou ventuityèm nan. Ventuityèm nan gen douz ti wonn nan li. Lè jwè ap jwe jwèt sa a, yo ap chache kole chak ti pwent rektang yo ki gen menm kantite ti wonn yo ansanm. Konsa, yon moso rektang ki pa gen pyès ti wonn kapab kole avèk yon lòt moso ki pa gen pyès ti wonn. Yon moso ki gen yon ti wonn kapab kole avèk yon lòt ki gen yon ti wonn, e latriye.

Don

Yon nivo entelijans nan yon bagay yon moun fèt avèk li e ki kontinye devlope nan moun nan tout tan li ap gen plis laj.

Done

Tèks, imaj avèk chif yon operatè kreye sou yon òdinatè.

Dosil

Yon karaktè dous ki fè yon èt vivan pa kapab aji vyolan. Trankil. Nayif. Eta yon moun ki fasil pou lòt moun abize li. Timid. San defans.

Dosye

Yon plas kote moun kapab apiye do yo. Babay ki kapab rete kòm bon ou byen move enfòmasyon sou do yon moun.

Doulè

Doulè: Nenpòt bagay ki te fè, ki ap fè mal. Yon doulè kapab fizik ou byen mantal.

Dous

Yon bagay ki gen gou sik, siwo. Yon bagay ki fè yon moun santi li byen. Yon bagay moun renmen, ki atire repetisyon. Yon bagay moun pran plezi nan fè li, koute li, e latriye.

Dousè

Dousè: Rezilta yon bagay ki dous. Kantite plezi yon moun pran nan fè, koute yon bagay. Satisfakyon yon moun jwenn nan yon bagay.

Douvan

Devan. Yon mo kèk peyizan ayisyen plis itilize pou di devan.

Douz

Twazyèm nonb ki gen de chif nan li: en (1) avèk de (2). 12.

Douzèn

Douzèn: Yon kantite ki gen douz inite nan li. Yon douzèn ze gen douz ze nan li.

Dra

Yon moso twal ki sèvi pou kouvri moun lè yo kouche sou kabann. Yon gwoupman, yon òganizasyon moun itilize pou benefisye yon opòtinite. Anpil moun itilize legliz pou sèvi yo dra.

Drapo

Yon moso twal avèk senbòl e lejand ki reprezante yon peyi e entensyon fondatè yo pou konstriksyon peyi a. Premye etap nan konstriksyon yon peyi sou kote konstitisyon li.

Dwa

Otorite, libète yon moun pran, li resevwa nan men yon lòt moun ou byen lwa sosyete kote li ap viv la bay.

Dwat

Eta yon moun ki fè tout sa lwa sosyete, Bib la ou byen Bondye, mande. Mache nan yon direksyon san vire nan pyès lòt direksyon.

Dwate

Yon tandans pou fè tout bagay nan direksyon men dwat la. Eta yon moun ki itilite men dwat li pou fè nenpòt bagay li bezwen yon sèl men pou fè li.

Dwèt

Dwèt: Nenpòt nan ven pwent ki nan pye avèk men yon moun. Anpil lòt bèt gen dwèt tou. Pati nan kò moun ki gen zong yo.

Dwòl

Dwòl: Yon bagay ki difisil pou konprann. Yon mistè.

Dyamèt

Distans de kwen opoze andedan yon wonn. De reyon.

Dyare

Yon poupou likid yon èt vivan santi ap soti e li pa kapab kontwole li. Moun ki gen dyare oblije jwenn yon kote pou yo poupou rapid. Gen yon fòs andedan moun nan ki ap pouse poupou a soti deyò.

E

E: Senkyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la. Yon mo ki sèvi pou lyezon, adisyon ant de lòt mo tankou en, de e twa se chif.

Echèk

Opòtinite yon moun pèdi pou li te akonpli yon misyon, yon objektif. Defayans.

Echwe

chwazi direksyon echèk. Defayi.

Èd

Yon fòs, yon konesans an plis yon moun pa genyen e li bezwen li pou defann tèt li ou byen mete plis fòs, plis konesans sou sa li deja genyen. Sekou ki nesesè pou yon moun jwenn pou li kontrekare yon obstak. Wòl yon moun ki pote sekou jwe pou yon moun ki bezwen sekou.

Ekzekisyon

Travay yon moun ki ekzekite yon aksyon, yon lòd, yon rekòmandasyon.

Ekzekite

Obeyi yon lòd. Mete yon moun kanpe yon kote epi tire sou li jis moun nan mouri.

Ekzile

Voye énmi yon sistèm politik yon peyi ale nan yon lòt peyi epi anpeche li retounen nan peyi a pou li pa anpeche machin politik la kontinye wout li. Yon moun yon lòt moun fòse ale lwen li.

Elektrik

Aparèy ki bezwen elektrisite pou li fonksyone.

Elektrisite

Mouvman plizyè eleman chimik ki bay kouran. Sous enèji ki pèmèt yon aparèy elektrik, chofaj tankou anpoul, fonksyone, limen.

Eleman

Yon pati nan yon kopozisyon chimik. Yonn nan kopozisyon dlo. De eleman dlo yo se idwojèn avèk oksijèn.

Eli

Eta yon kandida ki ale nan yon eleksyon epi li jwenn kont moun vote pou li pou li jwenn djòb li te ap chache a.

Elikoptè

Elikoptè: Yon aparèy elektwo-mekanik ki gen yon zèl nan tèt li ki pèmèt li vole, kanpe nan espas. Li kapab monte, desann, nan direksyon vètikal e li kapab deplase nan direksyon orizontal tou.

En

Dezyèm nan chif pozitif yo. 1. Lè yon nonb divize pa en li bay menm nonb la.

Ench

Hinche. Kapital Depatman Sant.

Endèks

Endèks: Dwèt ki apre dwèt pous la e se li tout moun itilize pou montre lòt moun yon direksyon. Lis tout enfòmasyon ki gen nan yon liv, nan lòd alfabetik.

Endepandans

Kapasite pou fè nenpòt bagay nan libète, san asistans ou byen oblije pote rapò bay lòt moun. Ayiti pran endepandans li nan men peyi Frans depi ane 1804.

Endispoze

Eta yon moun ki pèdi tout konesans li. Sèl diferans ki gen ant yon moun ki mouri avèk yon moun ki endispoze, kè moun ki endispoze a kontinye ap bat.

Enfekte

Resevwa yon maladi ki soti nan yon lòt kò tankou yon moun malad, yon mikwòb.

Enfini

Eta yon bagay ki ap kontinye egziste pou tout tan. Yon kantite nonb moun pa kapab janm fini konte.

Enfòmasyon

Enfòmasyon: Nenpòt ransèyman sou papye, nan bouch ki disponib pou bay moun konesans.

Enjenyè

Yon moun ki etidye jeni nan yon disiplin tankou mizik, elektwonik, sivil, e latriye.

Enka

Yon pati nan yon bagay lè bagay la divize an kat pati.

Enkyetid

Eta yon moun ki pè fè yon bagay paske li panse li pa kapab fè bagay sa a byen. Eta yon moun ki pa vle yon bagay fèt anvan yon lòt. Eta yon moun ki vle yon bagay fèt anvan yon lòt bagay fèt.

Enpak

Rezilta yon aksyon tankou yon nouvèl, yon desizyon, yon gwo fòs sou yon ti fòs, yon aksidan.

Enpe

Yon divizyon, yon pati nan yon bagay ki kapab reprezante bagay la. Yon kantite nan yon bagay moun kapab konte ou byen moun pa kapab konte.

Enpo

Yon kòb leta egzije moun peye sou yon bagay moun nan posede tankou yon kay pou pran swen zòn kote kay sa a ye. Yon kòb leta egzije patwon ritire sou kòb yo peye chak anplwaye. Kòb sa yo ede leta peye pou fè travay piblik yo.

Enprime

Kopye yon imaj ki deja egziste nan yon lòt plas, sou papye. Ekri.

Enstale

Mete yon bagay yon kote, nan yon plas pou moun kapab wè li. Mete yon pwogram andedan yon òdinatè pou ede moun ki ap itilize òdinatè a kominike avèk òdinatè a. Tout pwogram gen enstriksyon pou esplike moun kijan pou yo enstale pwogram nan sou òdinatè a.