1 910 mo nan diksyonè a

Deyò

Deyò: Yon lòt kote. Deyò yon kay vle di espas nan lakou li, nan lari a, nan vwazinay la, e latriye.

Dezòd

Dezòd: Moun ki san prensip, san lòd, san respè pou regleman. Eta moun ki evite, sispann sib prensip, lòd regleman. Tout timoun dezòd paske yo poko konnen sa yo gen dwa fè, sa yo pa gen dwa fè.

Dezòdone

Eta moun, bagay ki an dezòd. Evite, sispann sib lòd, prensip, regleman.

Dezole

Eta yon moun ki pèdi tout espwa pou reyalize yon bagay, yon objektif, anyen ditou. Dekouraje. Fèb.

Di

Eta yon bagay ki difisil pou kase, kraze. Yon bagay ki solid e ki pa pèmèt anyen rantre andedan avèk fasilite.

Dife

Rezilta limyè avèk chalè ki kole sou yon bagay sèch, flamab.

Diferans

Kantite an plis, kantite ki pi piti a ant de bagay. Bagay ki fè yon bagay pa menm avèk yon lòt bagay.

Diferansye

Montre, pale de diferans ki gen ant de ou byen plizyè bagay.

Digo

Yon pwodui chimik ki kapab bay koulè ble. Anpil lesivè nan peyi Ayiti mete li nan rad yo ap lave.

Diksyon

Jan yon moun ranje bouch li pwononse mo ki ap soti nan bouch li.

Diksyonè

Diksyonè: Yon liv kote mo yon lang rasanble nan lòd alfabetik avèk definisyon, esplikasyon yo sou kote yo.

Dikte

Pale, li avèk espwa yon moun ap ekri tout sa ki ap di yo. Di yon moun bagay pou li fè. Fòse yon moun fè yon bagay.

Dimanch

Premye jou nan yon semèn. Jou nan yon semèn moun legliz Katolik avèk anpil legliz pwotestan chwazi pou yo fè yon gwo seremoni nan legliz yo pou bay Bondye glwa, remèsye li pou sa li fè pou yo. Se jou sa, jou Pak la, Jezi Kris te resisite, soti nan lanmò.

Dire

Kite anpil tan pase. Kantite tan ki pase pou yon bagay rive, fèt. Eta yon moun ki kapab kontinye yon konvèsasyon pandan anpil tan. Eta yon gason ki bezwen anpil tan anvan li voye.

Dirèk

Dirèk: Eta yon kontak ant de moun, de bagay kote pa gen itilizasyon yon twazyèm moun, bagay pou fè kontak la. Yon wout dwat yon moun ap sib tankou wout yon avyon pou ale nan yon lòt peyi san rete nan yon twazyèm peyi anvan rive li nan destinasyon an.

Direksyon

Liy, chemen pou sib pou jwenn yon destinasyon. Non yon biwo nan yon enstitisyon ki la pou gide moun ki bezwen jwenn yon depatman nan enstitisyon sa a.

Diri

Grenn yon plant ki bay yon farin lè li kraze. Repa ki pi enpòtan pou ayisyen nan yon jounen. Plant ki bay grenn diri a.

Dirijan

Moun ki ap dirije yon enstitisyon, yon gwoup moun, yon biznis.

Dirije

Pase lòd. Distribye responsablite. Gide. Kòmande.

Dis

Premye nonb ki gen de chif nan li: en (1) avèk zewo (0). 10.

Disèt

Disèt: Yuityèm nonb ki gen de chif nan li: en (1) avèk sèt (7). 17.

Disètasyon

Ekri sou yon sijè nan klas segondè kote elèv la gen pou li pale de sijè a sou plizyè paj. Yon disètasyon gen yon entwodiksyon, yon devlopman, e yon konklizyon.

Disparèt

Disparèt: Retire yon imaj ki devan je moun nan yon fason misterye, yon fason moun pa kapab konprann ou byen esplike. Touye. Detri. Ale epi pa janm retounen ankò.

Dispozisyon

Desizyon final pou fè yon bagay. Dènye desizyon pou aksepte nenpòt bagay ki ap vini an.

Divage

Pale de anpil bagay an menm tan san chwazi yon sijè an patikilye. Pale de bagay ki pa kapab fèt e ki pa ap janm fèt. Pale san gen yon rezon pou pale.

Divan

Yon kabann an planch ki gen kat pye, yon kadran ki kloure prèske nan tèt kat pye yo avèk moso planch pou somye, yon nat pou matla.

Diven

Eta nenpòt bagay ki gen rapò avèk Bondye, syèl la. Kote katolik yo kwè moun ki mouri gen pou yo pase anvan yo rive nan paradi. Yon bwason alkoolize pè yo bwè nan mès legliz e moun bwè li tou anvan yon manje yon gwo repa an gwoup.

Divèti

Fè, kreye bagay ki pote enpe, anpil plezi nan lavi moun. Pran plezi nan yonn ou byen plizyè bagay.

Divètisman

Bagay ki pote enpe, anpil plezi nan lavi moun.

Divine

Bay siyfikasyon, deskripsyon yon bagay san konnen vrè siyfikasyon deskripsyon bagay la.

Divinite

Tout bagay ki gen lyen dirèk avèk Bondye, syèl la. Tout bagay ki kapab pote non Bondye menm.

Divinò

Divinò: Pwofesyonèl ki gen lespri ki ap itilize tout kò yo, dikte tout manb kò yo sa ki pou fèt, mete pawòl nan bouch yo. Pwofesyonèl sa yo toujou fè kliyan yo konprann yo ap itilize fèy kat, tèks nan liv, men sa ki ap soti nan bouch yo pa gen pyès rapò avèk sa yo wè nan fèy kat yo, nan paj liv yo.

Divize

Separe yon bagay an plizyè moso, pati. Lè 4 divize pa 4 li ap separe an kat en.

Divizyon

Yonn nan kat operasyon aritmetik yo ki montre an konbyen pati yon bagay divize. De, se divizyon kat pa de (4 ÷ 2 = 2)

Diznèf

Diznèf: Dizyèm nonb ki gen de chif nan li: en (1) avèk nèf (9). 19.

Dizuit

Nevyèm nonb ki gen de chif nan li: en (1) avèk uit (8). 18.

Djab

Moun ki sèvi move lespri e ki pran plezi nan touye moun parèy yo avèk asistans move lespri yo. Ti istwa rapòte ke djab kapab detere moun yo touye apre fanmiy moun nan fini antere li. Yo fè kadav la tounen yon bèt; konsa moun nan ap kontinye pase mizè nan travay di.

Djagwasil

Pati nan yon pye palmis ki kenbe grap la anvan li vini vizib. Lè ayisyen ap kouvri kay avèk tach, yo koupe li an ti moso long pou mare tach yo sou do kay la.

Djakout

Yon valiz peyizan ayisyen ki fèt avèk fèy sèch yon plant ki rele latanyen. Peyizan yo itilize valiz sa pou yo sere bagay ki enpòtan pou yo.

Djo

Yon ti non ayisyen bay tout moun ki rele Jozèf. Nan kèk zòn nan peyi a, moun di djo lè yo vle di dlo.

Djòb

Djòb: Responsablite yon moun aksepte pran pou li fè yon travay pou yon lòt moun, yon konpayi. Yon devwa.

Djòl

Djòl: Yon mannyè byen sovaj pou di bouch. Ayisyen itilize mo sa plis lè yo fache avèk yon moun yo ap pale de li. Djòl Kochon, Yon fason pou di bouch yon lòt moun long tankou bouch kochon.

Dlo

Yon likid ki okipe twa ka fas tè a sou de fòm: dous e sale. Pati sale (lanmè) a pi plis pase pati dous (sous avèk rivyè) la. Moun bwè dlo dous, men yo pa bwè dlo sale. Yon likid ki gen de eleman chimik ki rantre nan konpozisyon li: oksijèn avèk idwojèn. Djo. Dlo Dous, Dlo ki gen bon gou nan bouch e ki menm avèk dlo ravin, rivyè, sous sou tè a. Dlo Sale, Dlo lanmè. Li sale anpil.

Do

Yonn nan sèt nòt mizik yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si. Fas, dèyè, ki opoze devan, yon bagay. Kote tout zo kòt yon èt vivan tankou moun kole ansanm.

Dodge

Yon konpayi machin ameriken.

Doktè

Doktè: Yon pwofesyonèl ki etidye kèk pati, tout kò moun yon fason pou li kapab rekonèt nenpòt pati ki pa fonksyone byen e preskri medikaman pou ede òganis sa a rekòmanse fonksyone nòmal. Yon nivo etid yon moun fè nan yon branch tankou teoloji, medsin, filozofi, e latriye.

Dola

Senk goud. Senk-san kòb. San santim nan lajan peyi Etazini. Moun toujou di dola menm lè yo vle di yon dola. Nan anpil peyi nan lemond, siy ki reprezante dola ($) ranplase kantite nan kòb peyi sa yo moun peyi a panse ki egal a yon dola. Konsa dola ameriken reprezante yon lidè pou tout kòb nan lemond; se sou li anpil peyi chita pou yo evalye kòb yo.

Domestik

Lokal. Eta pwodui ki fèt nan yon peyi e ki rete nan peyi a pou moun nan peyi a itilize. Eta tout bèt ki zanmi moun tankou chyen, chat e latriye.

Dòmi

Dòmi: Yon repo moun pran kote tout kò moun nan ap repoze menmsi espri li pa ap repoze. Nan moman repo sa a je moun nan fèmen, li pa konnen anyen ki ap pase sou kote li, e li kapab reve. Yon ti frè lanmò. Somèy. Repo.

Domine

Kontwole lespri, ekonomi e fizik lòt moun, peyi avèk fòs ki disponib pou fè moun sa yo, peyi sa yo obeyi.