Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Vouzan
-
Pawòl yon pou di yon lòt moun ale e pa janm vini toupre li ankò. Moun di lòt moun vouzan lè li fache avèk moun nan.
- Voye
-
Pouse yon bagay nan direksyon anlè pou li ale tonbe yon lòt kote. Aksyon yon gason ki santi li tèlman byen lè zozo li andedan koko yon fi epi li lage dechay andedan koko fi a. Ejakile.
- Vwati
-
Yon machin ki fèt pou pote moun sèlman, men li pa fèt pou pote anpil chay. Yon vwati gen plas pou pote senk ou byen sis pasaje.
- Vwayaje
-
Kite yon zòn, yon plas pou ale nan yon lòt zòn, yon lòt plas. Kite tè a pou ale yon lòt kote. Mouri. Aksyon yon moun ki kite peyi li e ki ale nan yon lòt peyi.
- Vwazen
-
Yon gason ki ap viv sou kote kay yon lòt moun.
- Vwazin
-
Yon fi ki ap viv sou kote kay yon lòt moun.
- Vyann
-
Pati mou nan kò yon èt vivan, tankou yon kochon, ki kouvri zo yo e ki ant po avèk zo yo.
- Vye
-
Eta yon bagay, yon moun ki egziste depi anpil ane. Bagay ki pa bon ankò, ki pa gen valè, ki pa vo anyen. Yon bagay, menmsi li te nan mache ou byen pou vann, moun pate ap bay lajan pou li.
- Vyole
-
Aksyon yon moun ki aji nan sans kontrè jan li te dwe aji. Aksyon yon gason ki fòse zozo li rantre nan koko yon fi san volonte fi a. Yon gason ki gen plis pase dizuit ane epi ki koupe yon ti fi ki gen mwen pase dizuit ane. Vyole Lalwa, Fè bagay lalwa anpeche sitwayen yon peyi, sitwayen lemond fè.
- Vyolèt
-
Vyolèt: Yon koulè ki sanble avèk koulè woz ki kouvri avèk yon ti kras koulè ble klè. Koulè jansiv kèk moun.
- Vyolon
-
Yon enstriman mizikal ki gen kat fil nan li pou bay son lè gen yon baton avèk fil nan li ki ap pase sou fil enstriman an. Mizisyen itilize vyolon pou jwe mizik klasik anpil.
- W
-
W: Venndezyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.
- Wa
-
chèf yon peyi, nan tan lontan, moun te panse ki reprezante Bondye sou tè a. Nan anpil wayòm, premye pitit gason wa ranplase li lè li mouri.
- Wayal
-
Eta tout bagay ki gen rapò avèk yon wa, fanmiy wa a. Angletè gen yon sistèm politik wayal. Kasav chèch ki bere avèk manba.
- Wayòm
-
Yon peyi kote yon wa ap gouvène. Kote yon wa reye. Yon kote yon moun gen pouvwa pou dirije li tankou yon wa.
- Wiski
-
Yon bwason koulè jón ki gen anpil alkòl nan li e ki fè moun ki bwè anpil nan li sou byen vit.
- Wòb
-
Wòb: Rad koutiryè fè pou fi mete sou yo. Yon rad ki gen yon kòsaj avèk yon jip ki kole ansanm. Yon rad pè yo avèk kèk pastè mete sou yo pou fè seremoni nan legliz yo.
- Wòch
-
Wòch: Yon boul ki fòme nan tè, men ki pi di pase tè. Wòch rasanble plis nan rivyè, bò lanmè.
- Woman
-
Yon gwoup liv kote ekriven yo pale plis de lanmou, relasyon fi avèk gason. Nan kòmansman ventyèm syèk la anpil moun, nan tout lemond, te enterese nan li liv sa yo anpil paske yo te espere aprann anpil bagay sou relasyon fanm avèk gason nan liv sa yo.
- Womans
-
Aksyon de moun ki gen relasyon entim. De moun sa yo kapab ale mache nan yon pak pandan yo kenbe men, yo ap bo tanzantan. Yo kapab ale nan bal, ale nan sinema. Viv yon lavi ki sanble avèk lavi womantik yo esplike nan liv yo.
- Womantik
-
Ekriven ki pale de relasyon entim yo avèk fi nan tout liv avèk tèks yo ekri. Yon ekriven ki ekri woman.
- Womantism
-
Eta yon ekriven ki pale de sa li santi, de sa ki soti nan fon kè li. Ekriven sa yo pale de fanmiy yo, relasyon yo avèk lòt moun, pwoblèm yo, kontantman yo.
- Won
-
Fòm yon bagay ki sanble avèk yon boul ki koupe an de moso e nan mitan. Yon bagay ki gen menm fòm avèk yon lalin antye.
- Wonn
-
Eta yon bagay ki won. Soti nan yon kwen yon bagay, epi pase nan tout kwen li san pase yon kote de fwa, pou jis rive nan pwen kòmansman an.
- Wonpwen
-
Yon kalfou kote pliske de ri rankontre epi moun ki responsab sikilasyon nan zòn sa oblije kontwi yon wonn nan mitan kalfou sa pou fè tout machin ki rive nan kalfou sa a sib menm direksyon an pou evite aksidan. Nenpòt kote anpil bagay, moun rankontre ansanm pou yo diskite yon lide.
- Wou
-
Nenpòt bagay won ki kole nan yon bagay lou pou pèmèt bagay la deplase lè yo ap vire san yo pa deplase kite pwen kote mitan yo kole a.
- Wouj
-
Yon koulè ki menm koulè avèk pati nan san yon èt vivan ki pa blan an.
- Woule
-
Eta yon moun, yon bagay yon moun ap vire tou won san li pa janm deplase kite pwen kote mitan li kole a. Eta yon wou ki ap vire.
- Woulèt
-
Woulèt: Ti wou ki anba yon bagay pou fè deplasman bagay la vini pi fasil. Moun kapab deplase yon bagay ki gen woulèt anba li san moun nan pa leve bagay la.
- Woulib
-
Benefis yon moun jwenn nan men yon lòt moun san san li pa depanse anyen pou sa. Aksyon yon moun ki gen yon machin epi li aksepte yon lòt moun vini monte andedan li san peye mèt machin nan pou transpòtasyon an.
- Woulo
-
Yon moso bagay won ki fèt an bwa, an plastik e moun kapab kenbe li pou woule sou yon lòt bagay pou plati bagay sa a.
- Wout
-
chemen. Tras sou tè a moun kapab itilize pou yo ale kote yo bezwen ale. Nenpòt mwayen yon moun, yon bèt itilize pou rive yon kote.
- Wouze
-
Lage, voye dlo sou yon bagay tankou lapli pou li kapab mouye. Kiltivatè wouze plantasyon yo pou ranplase travay lapli, nòmalman, fè pou jaden.
- Y
-
Y: Venntwazyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.
- Yè
-
Yè: Yon jou ki te deja pase, men gen sèlman vennkat èdtan, yon jou, depi jou sa te pase. Yon jou ki pase anvan dènye jou a te pase.
- Yo
-
Yon pwonon moun ki ap ekri ou byen moun ki ap pale itilize pou yo pale de aksyon plizyè lòt moun lè ni moun ki ap pale ou byen ki ap ekri a pa patisipe nan aksyon an.
- Yofri
-
(Rio Frio), Non yon rivyè nan Depatman Sant la ki pase sou kote Mayisad e dlo li toujou frèt, kèk lè li frèt tankou yon dlo ki soti nan refrijeratè. Non an se yon konbinezon de mo lang Espanyòl moun nan zòn nan pate kapab pwononse.
- Yon
-
En. Mo moun ki ap pale ou byen ekri mete devan lòt mo pou fè konnen yo ap pale de yonn nan gwoup bagay sa a. Yonn.
- Yonn
-
Mo moun itilize lè yo ap pale ou byen ekri pou fè konnen yo ap pale de yon sèl bagay nan yon gwoup. Yon.
- Yoyo
-
Yon jwèt ki gen de moso materyèl won ki gen epesè yon santimèt avèk mitan yo kole ansanm pou yon fil kapab vlope nan espas an yo de a. Fil sa gen yon longè ki kapab soti nan wotè senti yon moun pou rive atè. Yon jwè kapab mare yon pwent fil la nan de moso materyèl yo epi mare lòt pwent la nan dwèt majè li. Pou kòmanse jwèt sa, yon jwè gen pou li vlope fil la nan mitan de moso materyèl yo, lage yo pou yo desann nan direksyon tè a epi rale yo monte. Li kontinye fè menm bagay la san rete.
- Yuit
-
Yuityèm nonb nan nonb pozitif yo. 8. Sèz divize pa de. Kat plis kat. Sis plis de. Dis mwens de.
- Ziltik
-
Yon kote ki lwen anpil. Yon vwayaj ki pa gen destinasyon, finisman.
- Zimbabwe
-
Yon peyi nan sid-lès kontinan afriken an. Kapital peyi sa rele Arare. Lang ofisyèl peyi a se Anglè, men moun yo pale plizyè lòt lang.
- Zo
-
Pati andedan vyann kò tout yon vètebre pou bay vètebre a fòm. San zo, moun te ap sanble avèk yon boul vyann. Nenpòt bagay ki kenbe yon lòt bagay pou li kanpe. Jwèt Zo, Yon jwèt moun jwe avèk de ti bwat ki gen sis bò, yo chak, e ki gen mak ki reprezante pwen: yon pwen, de pwen jis rive sou sis.
- Zòbòy
-
Zòbòy: Yon aksidan ki rive kote yon moun frape yon pati nan kò li epi pati sa vini gonfle tankou yon gwo bouton.
- Zoklo
-
Aksyon yon moun ki pliye tout dwèt li epi frape yonn nan dwèt sa yo nan mitan tèt yon lòt moun. Aksyon yon moun ki gen madanm ou byen ki gen mari epi ki aksepte koupe avèk yon lòt gason ou byen yon lòt fi. Adiltè.
- Zoklote
-
Bay yon moun plizyè zoklo. Aksyon yon moun ki jwenn madanm ou byen mari yon lòt moun pou li koupe avèk li.
- Zòn
-
Zòn: Yon moso tè kote ki gen plizyè kay toupre e tout moun ki ap viv nan kay sa yon toujou ap rankontre. Kèk fwa tout moun sa yo, yonn konnen lòt. Yon destinasyon.
- Zonbi
-
Yon espri ki pote mesaj e ale fè nenpòt travay yon bòkò voye li fè. Zonbi kapab fè nenpòt bagay paske bòkò voye li fè paske li pa vizib. Yon moun ki sispann grandi twò bonè nan lavi.
- Zong
-
Pati nan dwèt pye, dwèt men moun ki gen koulè blan e ki pa janm sispann grandi.