1 910 mo nan diksyonè a

Fè

Fè: Yon eleman chimik. Yon metal ki di anpil. Yon aparèy chofaj moun itilize pou, repare, retire pli sou rad.

Fèb

Fèb: Yon bagay ki pa gen fòs. Fay.

Feblès

Feblès: Eta yon bagay ki fèb. Yon moun ki pa gen konfyans nan tèt li e ki pa gen konfyans nan pyès lòt fòs etranje.

Fèmen

Fèmen: Elimine yon ouvèti. Anpeche yon machin kontinye fonksyone. Etèn.

Fen

Yon bagay ki sanble li piti anpil pou longè li. Yon pye cheve nan tèt yon moun se yon bagay ki fen.

Fenèt

Fenèt: Yon ti pòt nan yon machin, yon kay ki pèmèt lè sikile. Yon tit nan liy sèvis yon pwogram òdinatè ki pèmèt operatè a wè tout dokiman ki ouvri yo menmsi tout pa parèt sou ekran an.

Ferari

Yon konpayi machin italyen ki te konnen fè ti machin, kèk fwa, ki pran de moun sèlman.

Fèt

Fèt: Kote yon gwoup moun reyini pou yo pran plezi yo, pou selebre yon okazyon. Yon moman kote tout moun byen abiye, mizik ap jwe, yo ap bwè, yo ap danse. Selebwasyon yon evènman ki te pase nan menm jou sa, pou pi piti, yon ane anvan dat sa. Jou yon moun te soti andedan vant manman li.

Fete

Patisipe nan yon fèt. Selebre yon evènman ki te pase nan menm jou sa, pou pi piti, yon ane anvan dat sa a. Selebwe jou yon moun te soti nan vant manman li.

Fevriye

Dezyèm mwa nan yon ane. Sèl mwa nan yon ane ki pote ventsuit ou byen ventnèf jou.

Fèy

Fèy: Pati nan yon pye bwa ki parèt apre yon boujon fini soti nan yon pwent nan yon pye bwa. Fèy chak pye bwa gen yon fòm diferan ki depann de pye bwa. Fèy papye, Yon moso papye ki kapab mezire 8 ½ pous nan lajè avèk 11 pous nan longè konsa. Gen anpil lòt dimansyon fèy.

Feyaj

Yon kantite fèy ou byen nenpòt bagay ki gen rapò avèk fèy. Itilizasyon fèy pou medikaman.

Feye

Yon bagay ki gen anpil fèy nan li tankou yon pye bwa.

Fi

Yon femèl moun, yon fanm, yon manman, yon madanm, yon sè, yon kouzin, yon bèlsè. Yon moun ki gen yon koko nan fant janb li.

Fig

Yon bannann, lè li mi, moun kapab manje li san kwit li e li gen bon gou, gou dous. Anpil moun kwè fig bon pou sante moun.

Fikse

Mete yon bagay nan plas li. Ranje yon bagay jan li te dwe ye a, jan li sipoze ye a.

Filaman

Yon ti materyèl andedan yon anpoul elektrik ki fè li bay limyè lè elektrisite pase andedan anpoul la.

Filè

Filè: Yon moun ki ap file, ki konnen file. Yon kadriyaj moun mete sou teren pou jwe volebòl, pingpong avèk tenis.

Filipin

Yon peyi nan lanmè Pasifik la, an fas chin, ki te pase anpil tan anba diktati yon prezidan tankou peyi Ayiti.

Filyè

De ti kanal ki separe avèk yon ti tras ki sanble avèk fil andedan tou ki andedan yon boulon. Pwent vis gen filyè tou.

Fini

Eta yon bagay ki rive nan bout li. Fè tout sa ki te gen pou fèt nan yon travay ki te kòmanse.

Finisman

Dènye moman nan nenpòt bagay. Dènye etap nan yon travay. Dènye pwent nan yon wout, yon distans. Dènye moman anvan yon moun mouri. Dènye jou nan yon gè, nan yon ane.

Fiyansay

Moman, jou, seremoni ki òganize pou de moun ki te renmen e ki ap fiyanse.

Fiyanse

De moun ki renmen, yon gason avèk yon fi, ki deja pran desizyon pou yo marye epi yo reyini tout moun nan antouraj yo pou fè konnen dat maryaj la.

Fizi

Yon zam long avèk dèyè laj ki kapab tire ale lwen.

Fizik

Yon bagay ki gen kò menmsi moun kapab ou byen pa kapab touche. Syans ki etidye kijan tout bagay fonksyone, relasyon yon bagay avèk yon lòt, mouvman bagay, enèjy ki gen nan chak bagay, e latriye. Jan yon bagay fèt.

Fizisyen

Moun ki etidye, fè rechèch, fè eksperyans nan syans fizik la.

Fizye

Tire sou yon moun, yon bagay avèk yon fizi.

Flamab

Eta yon bagay ki limen gwo dife byen vit lè li rankontre avèk yon ti kras dife.

Flè

Flè: Yon bèl boujon ki soti nan kèk pye bwa, nan kèk zèb. Yon flè kapab gen yon sèl koulè ou byen plizyè koulè. Yon bagay ki bèl. Flè Disè, Yon zèb nan galèt larivyè ki kapab santi lè yon bagay touche li epi tout fèy li kouche pandan yon bon bout tan. Ouvè-fèmen. Wonte.

Flèch

Flèch: Dènye pwent, pwent ki pi wo a, nan wotè yon bagay. Bal yon zam moun lontan yo te konnen itilize pou touye bèt nan sovaj, nan lagè.

Fleri

Eta yon bagay ki gen flè nan li. Eta yon bagay ki vini bèl. Lè yon moun di fleri, li kapab ap pale de bote yon bagay tou.

Flèv

Flèv: Yon gwo rivyè ki soti nan yon gwo sous dlo dous. Yon gwo rivyè ki rive fòme paske anpil lòt ti rivyè ale rankontre menm kote pou yo kapab chache chemen lanmè. Yon rivyè laj ki sanble avèk lanmè, men dlo li pa sale. Nan peyi Ayiti, gen Flèv Latibonit ki nan Depatman Sant la ant Mibalè avèk Tomond.

Foli

Yon gwo anvi pou fè, reyalize yon bagay. Eta yon moun ki fou. Pasyon. Yon gwo anvi yon moun genyen pou reyalize, fè yon bagay san reflechi sou konsekans bagay la.

Fòm

Fòm: Premye imaj ki vini nan tèt yon moun lè li tande deskripsyon yon bagay. Yon imaj moun kapab itilize pou fè rekonèt yon bagay. Lè yon gason panse a bèl fanm li wè fòm Coca-cola.

Fòmasyon

chak etap yon bagay pase pou li fòme. Pati ki rantre nan konstitisyon yon bagay. Kijan yon bagay fòme.

Fòme

Fòme: Lè yon fi gen règ li pou premye fwa. Mete plizyè bagay ansanm pou jwenn yon rezilta. Ranje plizyè bagay nenpòt fason pou jwenn yon rezilta.

Fon

Kote yon moun kapab pran lajan pou depanse. Yon tou ki rive lwen nan tè. Espas devan tèt yon moun ant cheve li avèk sousi li. Fwon.

Fonksyon

Wòl yon bagay. Rezon ki fè yon bagay egziste. Si pate gen rezon sa a bagay la pate ap bezwen egziste.

Fonn

Soti nan fòm solid pou rive nan fòm likid.

Fonse

Fè yon bagay vini fon. Fè bòdi yon ekriti vini pi nwa ou byen kolore pou atire atansyon moun ki ap li.

Ford

Yon konpayi machin ameriken ki fè machin tankou Taurus, Explorer, Tempo, Escort, e latriye. Premye konpayi machin ki te egziste nan peyi Etazini, depi kòmansman ane 1900 yo.

Fotokopi

Fè yon bagay ki sanble avèk yon lòt bagay yon fason pou li vini difisil pou moun fè diferans ant orijinal la avèk kopi a. Kopi.

Fou

Eta yon moun ki pèdi abilite, bon mwayen pou li panse. Moun sa a pa konnen ki pawòl pou li pale avèk pawòl pou li kenbe sekrè. Eta yon moun ki pa kapab kontwole tèt li. Yon chanm, yon bwat ki kapab kenbe chalè pou boukannen bagay tankou pen, gato, bonbon, e latriye.

Foul

Anpil moun ki reyini ansanm.

Foure

Rantre pwent yon bagay, yon bagay nan yon lòt bagay.

Foutbòl

Foutbòl: Yon jwèt ki gen onz jwè nan chak ekip sou yon teren ki kapab gen san mèt pou longè. Gen yon boul sou teren an chak moun ap eseye mennen nan kan ekip opozan an. Kèk moun kwè jwèt sa a soti nan peyi Angletè.

Fran

Kòb moun sèvi nan peyi Frans.

Frans

Yon peyi nan kontinan Ewòp la ki te posede anpil koloni tankou Ayiti. Anpil koloni yo pran endepandans yo epi Frans vini pèdi pouvwa li nan lemond. Moun nan peyi sa a pale Fransè.

Fransè

Fransè: Lang moun pale nan peyi Frans avèk anpil peyi Frans te kolonize tankou Ayiti. Moun ki fèt nan peyi Frans. Lang sa itilize aksan, apostwòf, atik.