1 910 mo nan diksyonè a

Gouye

Vire ren nan fòm yon wonn.

Goyin

Yon zouti ki gen anpil dan sou liy nan yon kwen li e ebenis itilize li. Moun itilize goyin pou koupe planch.

Gra

Gwo. Posede yon gwosè ki fè panse gen anpil grès nan vyann yon kò. Eta yon bagay ki gen lwil nan li.

Gradyasyon

Yon seremoni reponsab lekòl yo òganize pou fè etidyan yo sonje valè travay yo soti akonpli a e bay yo yon diplòm ki reprezante nivo etid yo fè a.

Gradye

Patisipe nan yon seremoni gradyasyon.

Graj

Yon moso metal ki gen anpil ti tou sou tout lajè li; konsa nenpòt bagay ki pi mou pase metal sa a e ki pase sou li li ap travèse ti tou yo. chak pase yon bagay pase sou graj la, li retire nan kò bagay sa pou diminye gwosè li.

Graje

Jès yon moun fè lè li anvi leve sou yon chèz kote li chita, men gen yon bagay, tankou yon otorite, ki anpeche li leve. Fwote yon moso bagay sou yon graj pou jis li vini twò piti pou fwote sou graj la.

Gramè

Gramè: Yon liv ki esplike tou règ avèk prensip pou moun respekte nan yon lang.

Gran

Yon bagay, yon moun ki gen anpil ane depi li te kòmanse egziste. Yon bagay ki laj, ki wo, ki aje. Gran Papa, Papa manman ou byen papa papa yon lòt moun. Mari yon grann. Gran papa yo toujou gran.

Grandè

Grandè: Kapasite yon moun genyen pou li fè nenpòt moun respekte li, pè li. Kalite ki ede yon moun dirije yon gwoup moun, yon kò militè nan lagè e genyen gè a. Kalite yon moun posede pou li dirije lòt moun.

Grandi

Eta yon bagay, yon moun ki ap pase etap li gen pou li pase pou li vini wo.

Grandizè

Moun ki pale anpil yon fason pou chache bay tèt li plis bon kalite, bonte, valè, grandè li pa genyen avèk espwa lòt moun ap bay li menm bagay sa yo tou.

Grangou

Eta yon moun santi li lè li anvi manje. Egzitans yon vid nan lestomak yon èt vivan. Jan yon moun santi li chak twa èd tan apre li fini manje.

Granmesi

Avèk sekou… Avèk èd…

Granmoun

Nenpòt moun ki, fè pitit, rive nan laj lè li te dwe deja fè pitit. Yon moun ki gen anpil ane an plis yon lòt.

Grann

Yon granmoun fi ki manman manman ou byen manman papa yon lòt moun. Madanm yon gran-papa a. Grann Nanna, Yon granmoun fi ki gen yon mennaj, yon mari ki te kapab pitit li pou gwo diferans ant laj yo de a.

Grannivyè

Yon vil nan Depatman Nò a. Grande Rivière du Nord.

Granvensan

Yon bannann moun kapab manje lè li vèt ou byen lè li mi. Lè li mi yo rele li fig.

Grap

Grenn yon pye palmis ki soti andedan djagwasil yo. Kochon nwa yo te konnen manje grap paske li dous. Grenn sa a te konnen angrese bèt sa tou.

Gravite

Yon fòs ki rale tout kò ki toupre fas tè a tonbe sou li. Syantis mezire fòs sa e yo jwenn li rale tout kò tonbe sou tè a avèk yon vitès ki mezire 9,8 mèt pou chak segond ki pase lè yon bagay ap tonbe.

Grèk

Grèk: Yon ti sak ki gen fòm yon triyang e ayisyen itilize li pou yo koule, fè kafe. Yon lang moun pale nan peyi Grès. Moun ki fèt nan peyi Grès.

Grenadya

Yon lyann ki kapab pase plizyè ane ap grandi pandan li ap donnen anpil grenn prèske chak jou. Fri grenadya a sanble avèk yon ti boul. Li gen yon ji andedan li ki si anpil avèk kèk ti grenn tou. Li fè bon ji e ayisyen renmen bwè ji sa a anpil.

Grenn

Fri yon pye bwa ki pèmèt pye bwa a kontinye egziste. Grenn yon pye bwa gen yon ti grenn andedan li. chak ti grenn sa yo kapab bay yon pye bwa pou kont yo lè yo gèmen, men gen anpil grenn pye bwa ki pa gèmen.

Grip

Yon maladi kontajye yon mikwòb bay. Moun ki gen grip toujou santi yon bagay nan gòj yo ki fòse yo ouvri bouch yo pou pouse yon kouch lè soti. Kèk fwa malad la kòmanse anrime anvan li gen grip. Lè yon moun gen yon grip ki dire anpil tan li fèt pou li ale wè yon doktè pou konsiltasyon.

Gripe

Eta yon moun ki soufri maladi ki rele grip.

Griye

Kwit yon bagay avèk chalè dife e san dlo. Yon bagay ki ap griye gen kontak dirèk avèk dife a.

Gwatemala

Yon peyi sou kontinan Amerik la nan yon zòn ki rele Amerik Santral, nan Sid Meksik. Moun nan peyi sa pale Espanyòl.

Gwayamouk

Mo sa a soti nan lang Espanyòl la: guayamunco. Se yon rivyè ki pase sou kote kapital Depatman Sant la, Ench. Gen de rivyè enpòtan ki tonbe nan Gwayamouk, Yofri avèk Kanno epi yo tout ale tonbe nan flèv Latibonit la.

Gwayav

Yon pye bwa ki bay yon fri won, ki fè bon konfiti, bon ji.

Gwo

Yon dimansyon laj. Eta yon moun ki gen anpil popilarite. Près. Anpil. Yon fason machann vann machandiz yo genyen pou fè pri inite yo vini pi piti.

Gwonde

Fè yon bri andedan gòj pou entimide lòt moun, bèt. Yon bri chyen fè anvan yo kòmanse jape. Bri yon loray fè e ki dire plizyè segond.

Gwòs

Gwòs: Rezilta yon spèmatozoyid ki rankontre avèk yon ovil andedan yon fi, yon femèl. Rankont sa bay yon ze ki ap ale bay yon timoun, yon ti bèt. Devlopman yon timoun dire nèf mwa, pou yon fi, anvan li akouche.

Gwosè

Gwosè: Dimansyon egzat yon bagay genyen.

Gwosès

Gwosès: Moman lè yon fi ap pote yon pitit andedan vant li. Yon fi pote yon pitit andedan vant li pandan nèf mwa. Plenn.

Gwoswòch

Yon plaj nan Depatman Latibonit nan Nò Sen-Mak.

Gwoup

Plizyè an menm tan. Rasanbleman, reyinyon plizyè moun.

H

H: Uityèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Harley Davidson

Harley Davidson: Yonn nan de pi ansyen konpayi motosiklèt, sou kote Honda, ki te kòmanse fè motosiklèt nan kòmansman ane 1900 yo. Yon konpayi motosiklèt ameriken.

Honda

Yon konpayi motosiklèt japonès. Li kòmanse fè motosiklèt nan peyi Japan epi li rantre nan peyi Etazini nan ane 1950 yo. Se yonn nan de pi ansyen konpayi motosiklèt yo ki te kòmanse fè motosiklèt nan kòmansman ane 1900 yo. Tout kote Honda pase, li elimine konpetisyon Harley Davidson.

Hyundai

Yon konpayi machin Koreyen. Konpayi sa a fè ti machin, tankou konpayi Japonè yo, e machin sa yo pa vann chè.

I

I: Nevyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Idantifikasyon

Yon mwayen pou rekonèt yon bagay, yon moun. Yon ti kat ki gen non yon moun avèk foto moun nan sou li pou lye non an avèk foto a.

Ideyal

Yon bagay ki egzateman nan pozisyon li, plas li te dwe ye a. Yon bagay ki sanble anpil avèk yon lide ki te nan tèt yon moun.

Il

Lil. Yon moso tè dlo antoure, dlo pase sou tout kwen li.

Iletre

Eta yon moun ki pa konnen li avèk ekri. Yon moun ki pa konprann anpil bagay nan reyalite lavi.

Imaj

Kopi yon bagay. Lonbraj yon bagay.

Imajine

Kreye imaj yon bagay, yon lide nan tèt anvan li vini egziste nan reyalite.

Imigran

Moun ki kite peyi yo pou vini viv nan yon peyi etranje.

Imigrasyon

Aksyon moun ki kite yon peyi yo pou vini viv nan yon lòt peyi. Biwo leta yon peyi ki regle afè moun ki ap rantre epi soti nan peyi a.

Imigre

Kite yon peyi pou vini viv nan yon lòt peyi.