Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Imitasyon
-
Aksyon yon moun ki gade kijan yon lòt moun fè yon bagay pou fè li tou. Kèk fwa yon imitasyon tèlman sanble avèk orijinal la moun pa kapab konnen diferans ant yo de a. Kopi.
- Imite
-
Gade yon bagay, sa, yon moun fè pou fè menm bagay la tou. Kopye.
- Imobilize
-
Tache ou byen kole yon bagay yon kote byen solid pou li pa kapab souke, deplase ditou.
- Infiniti
-
Yon konpayi machin liksye, sou kote Mercedes avèk Lexus.
- Inifòm
-
Inifòm: Plisyè bagay ki gen menm fòm nan. Yon rad menm koulè, menm fòm nan plisyè moun nan yon gwoup tankou yon enstitisyon, yon ekip mete sou yo.
- Inik
-
Yon bagay ki diferan de tout lòt nan menm klas la.
- Inivè
-
Tout bagay ki egziste depi soti sou tè a pase sou tout lòt planèt yo: Solèy, Lalin, Jipitè, e latriye.
- Inivèsite
-
Inivèsite: Yon gwoup enstitisyon, apre lekòl segondè, ki prepare pwofesyonèl.
- Inosan
-
Yon moun ki pa konnen kijan pou li defann tèt li. Yon moun, malgre tout akizasyon, yon tribinal pran desizyon pou li pa kondane moun li. Moun ki genyen yon jijman.
- Inyon
-
De ou byen plizyè moun, plizyè bagay ki reyini ansanm. Inyon Sovyetik, Yon gwoup peyi, avèk peyi Risi nan tèt yo, ki te ap pousib yon lide ki te rele Kominis. Se te yon gwoup peyi ki te ap kontrekare lide Kapitalis la nan peyi Etazini. Inyon an kraze nan kòmansman ane 1990 yo. Prèske tout peyi sa yo gen lide pou ranje so kote lide Kapitalis la.
- Ipokrit
-
Moun ki kache rayisman avèk vye lide yo gen kont yon lòt moun, lè yo devan moun nan, pou montre yo se yon zanmi li, yo renmen li. Lè yo dèyè menm moun sa a, yo eksprime tout vrè santiman yo kont moun nan.
- Ipokrizi
-
Aksyon moun ki kache rayisman avèk vye lide yo gen kont yon lòt moun, lè yo devan moun nan, pou montre yo se yon zanmi li, yo renmen li. Lè yo dèyè menm moun sa a, yo eksprime tout vrè santiman yo de moun nan.
- Irak
-
Yon peyi nan kontinan Azi a e sou kote Iran, pi gwo énmi peyi sa tou, ki pa lye avèk Etazini, ki pate lye avèk Inyon-Sovyetik.
- Iran
-
Yon peyi nan kontinan Azi a e sou kote Irak, pi gwo énmi peyi sa tou, ki pa lye avèk Etazini, ki pate lye avèk Inyon-Sovyetik.
- Istoryen
-
Moun ki ekri sou istwa, tout sa ki pase deja e avèti moun: sa ki pase deja ap retounen ankò.
- Istwa
-
Nenpòt bagay ki pase deja e moun kontinye ap pale ou byen ekri sou li. Moun ki ap rakonte yon istwa kòmanse avèk yon entwodiksyon, yon devlopman, e fini avèk yon konklizyon.
- Isuzu
-
Yon konpayi machin Japonè ki te plis konn fè kamyon.
- Italik
-
Nenpòt bagay ki gen rapò avèk peyi Itali. Fòm lèt, nan yon ekriti, ki panche.
- Itilizatè
-
Moun ki itilize yon bagay ou byen yon lòt moun.
- Itilize
-
Pran yon bagay an chaj epi kontwole. Pran avantaj sou yon bagay, yon moun.
- Izin
-
Kèk gwo kay kote travayè itilize machin pou transfòme pwodui natirèl yo tankou bwa pou fè papye, gonm pye bwa pou fè wou machin, lèt bèf pou fè twal, e latriye.
- J
-
J: Dizyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la ki pwononse menm jan avèk bwason sa a, ji.
- Jaden
-
Yon moso tè, yonn ou byen plizyè kawo tè kote yon jadinye plante, sekle, rekòlte.
- Jakmèl
-
Jakmèl: Kapital Depatman Sid Lès la.
- Janb
-
Tout longè pye yon moun depi soti bò senti li pou jis rive anba plat pye.
- Janbe
-
Itilize janb pou soti sou yon bò yon bagay, yon moun pou travèse ale sou lòt bò bagay la, moun nan. Yon ekspresyon moun itilize pou esplike kijan yo travèse yon bagay.
- Jant
-
Yon moso metal won ki gen menm fòm avèk yon kawoutchou e ki rantre andedan yon kawoutchou pou pèmèt kawoutchou a kenbe van. Prèske tout veyikil tankou bisiklèt, motosiklèt, machin gen jant.
- Jante
-
Mete yon jant andedan yon kawoutchou.
- Janvye
-
Premye mwa nan yon ane ki pote trante-en jou. Yon ane chanje lè premye jou nan mwa janvye a rive.
- Japan
-
Yon peyi nan kontinan Azi a ki chita sou plizyè ti il. Peyi sa trè avanse nan konesans teknoloji.
- Jape
-
Yon bri chyen fè avèk bouch li ouvri, lè li bezwen fè moun pè, lè li pè.
- Je
-
Pati nan kò moun, nan tèt moun, ki pèmèt moun wè. Yon mesaje ki pote rapò bay chèf li, se je chèf la paske li pèmèt chèf la wè sa ki ap pase. Yon kamera se je moun tou.
- Jedi
-
Senkyèm jou nan yon semèn. Katriyèm jou biznis nan yon semèn.
- Jedinèt
-
Yon bannann pote non sa a nan zòn Depatman Sant la. Lè li vèt li rele jedinèt, lè li mi li rele fig. Gen menm bannann sa a nan prèske tout zòn nan peyi a, li kapab gen lòt non tankou granvensan.
- Jeep
-
Yonn nan pi ansyen konpayi machin ki egziste. Yon ansyen modèl machin konpayi sa, Willis, toujou egziste. Jeep fè mak machin Cheroke tou.
- Jèmen
-
Jèmen: Lè yon grenn kòmanse grandi.
- Jèn
-
Jèn: Yon laj moun genyen kote yo gen tout enèji, fòs sou yo pou fè anpil bagay ki egzije fòs moun tankou kouri, memorize, pale, e latriye… Jèn Jan Yon gason ki nan laj moun ki posede tout enèji, fòs pou fè anpil bagay ki egzije fòs moun tankou kouri e latriye.
- Jeneral
-
Pi gwo grad yon moun kapab genyen nan yon kò militè. An Jeneral , Pale de yon bagay tout antye san panse a eksepsyon li.
- Jenerasyon
-
Moun ki ap viv nan yon epòk ki dire dizuit ane konsa. Moun nan tout sosyete espere apre dizuit ane tout timoun nan tout fanmiy ap gentan fè pitit. Tout pitit, pitit pitit granmoun nan yon fanmiy. Nouvèl Jenerasyon, Yon tip mizik ayisyen ki parèt nan ane katreven yo. Gwoup ki fè mizik sa yo chante an Kreyòl yon fason pou separe nouvo stil mizik yo a avèk ansyen mzik yo chantè te konnen chante nan lang Fransè.
- Jeni
-
Lespri moun genyen pou kreye bagay. Nan tan lontan, moun te panse jeni se te yon fòs djab ki te ap ede moun. Konnye a moun ale lekòl pou yo kapab kreye bagay.
- Jennen
-
Eta yon moun ki wont, timid. Eta yon moun ki vòlè yon bagay epi mèt bagay la kenbe li.
- Jenou
-
Espas ant pye avèk kuis moun ki gen yon ti boul nan li pou pèmèt janb nan pliye sou dèyè.
- Jeograf
-
Moun ki etidye epi entèprete enfòmasyon geografik.
- Jeografi
-
Syans ki pale, mezire fas tè a, de moun ki sou tè a.
- Jeremi
-
Non yon pwofèt nan Bib la. Jeremie. Non kapital Depatman Grandans la. Vil sa a sou yon prèskil nan Sid-Lwès peyi Ayiti e se zòn nan peyi ki gen plis lamveritab.
- Jès
-
Jès: Siy yon moun fè avèk yon pati, tout kò, nan kò li pou ranplase yon mo, yon mesaj li vle bay yon lòt moun.
- Jezi Kris
-
Yon pitit Bondye ki te vini sou tè a pou mouri nan plas tout lòt moun sou tè a pou efase peche yo. Li te viv pandan trant-twa ane sou tè a. Tout kretyen kwè li nan syèl la konnye a e li chita sou bò dwat papa a, Bondye.
- Ji
-
Yon bwason ki fèt avèk fri yon pye bwa. Pou fè yon ji, moun pran fri a epi yo kraze ou byen peze li pou likid soti andedan li epi yo mete dlo sou likid sa anvan yo sikre li.
- Jij
-
chèf yon tribinal ki la pou koute de kan nan yon jijman e kontwole tout sa ki ap pase nan yon tribinal.
- Jijman
-
Moman nan yon tribinal kote gen yon jij, yon jiri, yon plentif ou byen yon pwosekitè, yon defandan, yon okton. Konklizyon travay tout moun ki reyini nan yon tribinal.