Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp.
- Jès
-
Jès: Siy yon moun fè avèk yon pati, tout kò, nan kò li pou ranplase yon mo, yon mesaj li vle bay yon lòt moun.
- Kach
-
Kòb. Lajan. Lajan, kòb moun kapab itilize pou achte e nenpòt moun ap aksepte resevwa li. Kach diferan de chèk, kat kredi, nòt, e latriye paske tout moun pa aksepte bagay sa yo.
- Kache
-
Sitiyasyon yon moun ki rete andedan yon bagay avèk espwa li ap enposib pou moun wè li. Sere.
- Kalson
-
Yon bout pantalon ki fèt avèk twal mens e gason mete li anvan yo mete pantalon long sou yo.
- Kamera
-
Yon aparèy ki kapab pran imaj avèk son ki toupre li epi anrejistre yo sou kasèt pou voye sou ekran televizyon.
- Kamyon
-
Yon gwo machin ki loud anpil e ki gen anpil fòs. Li fèt pou pote anpil chay. Nan peyi pòv yo, kamyon pote moun sou chay yo.
- Kamyonèt
-
Kamyonèt: Yon ti machin ki gen yonn ou byen de plas sou kote chofè a e ki kapab pote soti sèz pou rive a ven moun nan espas dèyè li. Yon ti kamyon.
- Kan
-
Kote yon gadyen kanpe pou pare boul lè de ekip ap jwe. Kote yon gwoup moun kanpe pou defann tèt yo.
- Kana
-
Yon zwazo ki mache an kadans. Li renmen dlo sal e mal la kouri avèk zozo li deyò lè li fini bay fèmèl la parèy. Vyann li prèske gen menm gou avèk vyann bèf. Li konnen naje e li konnen koule nan dlo.
- Kanada
-
Yon gwo peyi nan Amerik Nò a e nan nò Etazini. Li divize an de pati: Quebec avèk Montreal. Peyi sa gen yon gouvènman wayalis; konsa yo pa gen prezidan. Se yon premye minis ki gouvène peyi a. Canada.
- Kandida
-
Moun ki ap patisipe nan yon eleksyon avèk espwa moun ki ap vote nan eleksyon an ap ale vote pou li. Yon moun kapab mete tèt li kòm yon kandida; konsa lòt moun kapab mete li kandida tou.
- Kanif
-
Yon kouto ki kapab pliye rantre nan manch li.
- Kanmenm
-
Eta yon bagay anyen pa kapa anpeche li rive.
- Kann
-
Yon plant sikre moun itilize pou fè sik, siwo, rapadou avèk kleren.
- Kannari
-
Yon resipyan ki fèt avèk ajil e ki pase nan fou pou li kapab vini, di, solid. Yon peyi ki sou plizyè ti il nan nò kontinan Afrik la.
- Kanni
-
Eta yon bagay ki gate paske tanperati kote bagay sa a te ye a pate bon pou konsève li. Eta dan moun ki fimen e ki gen koulè mawon. Dan moun ki pouri.
- Kannistè
-
Mamit. Non moun nan nò peyi Ayiti bay yon bwat an metal ki tou won avèk de kouvèti, yonn nan chak pwent li.
- Kanno
-
Yon ansyen zam ki te konnen tire yon boul lwen e boul sa a te kapab kraze nenpòt sa li tonbe sou li a. Lè li tonbe sou tè, li te konnen fouye yon tou. Yon rivyè nan zòn Mayisad, Plato Santral.
- Kanpe
-
Pran yon direksyon vètikal. Sispan avanse nan yon direksyon.
- Kanperen
-
Yon vil nan Depatman Sid la kote wout ki mennen Jeremi an pase. Anpil moun nan zòn sa gen kavo yo nan lakou kay yo, yon koutim ki pa popilè nan lòt zòn nan peyi a.
- Kanpèch
-
Yon pye bwa, lè li gran, mitan twons li vini gen koulè wouj. Pati wouj sa a, si li rete nan yon likid tankou dlo, li bay likid la koulè wouj. Yon pye bwa, lè li vèt, li gen yon sant fò. Yon komès ki kòz lanmò fondatè peyi Ayiti a, Jean-Jacques Dessalines.
- Kanson
-
Yon rad gason mete sou li ki gen de janb ki sanble avèk de janb moun. Yon pantalon.
- Kansonfè
-
Yon gason ki gen abilite pou pran yon pozisyon avèk fèmte. Yon moun ki montre kapasite pou gouvène.
- Kantin
-
Sinistre responsab kèk entitisyon prepare pou nouri moun an gwoup. Manje responsab lekòl yo te konnen bay elèv yo pou retire lide yo sou manje lè yo andedan klas.
- Kantite
-
Yonn ou byen plizyè nan yon bagay. Dekont. Kontitisyon yon bagay, plizyè bagay ansanm.
- Kanè
-
Kanè: Yon ti kaye ki pa gen anpil paj kote pwofesè yon klas rapòte nòt elèv ki nan klas li.
- Kanèl
-
Kanèl: Po yon bwa koulè mawon ki gen yon sant moun renmen nan manje dous tankou labouyi, banana, e latriye.
- Kap-Ayisyen
-
Dezyèm vil peyi Ayiti, nan nò peyi a. Istwa vil sa kòmanse nan tan kolonizasyon. Istwa rakonte anpil bagay sou wòl vil sa te jwe nan lagè pou endepandans peyi a. Cap-Haïtien.
- Kapab
-
Abilite, potansyalite pou fè yon bagay. Fòs, entelijans ki disponib nan yon bagay.
- Kapasite
-
Mwayen ki disponib pou fè nenpòt bagay.
- Kapital
-
Vil ki pi enpòtan nan yon zòn, yon peyi. Vil yon peyi kote prezidan yon peyi ap viv pandan prezidans li e se la li gen biwo li. Yon gwo bagay tankou vil ki pi enpòtan nan yon peyi.
- Karant
-
Kat miltipliye pa dis. Ven plis ven. San mwens swasant. Katreven divize pa de. 40.
- Kare
-
Nenpòt bagay ki gen kat kwen ki gen menm dimansyon an nan chak kwen. Moun ki renmen itilize vrè mo li bezwen an pou li eksprime lide li.
- Karese
-
Pase men sou tout kò yon moun pou fè moun sa santi tout kò li dous e sispann panse a tout lòt bagay ki pa gen rapò avèk pwòp tèt pa li ou byen moun ki ap touche li a. Nenpòt sa de moun fè ki anonse yo ap ale koupe apre aksyon an. Aksyon yon moun ki ap fè yon lòt dous.
- Karyoka
-
Yon vye sandal, soulye ki demode epi yon moun kontinye mete li.
- Kasav
-
Yon manje peyizan ayisyen prepare avèk manyòk lè yo fini retire lanmidon an nan manyòk la. Si kasav seche nan solèy, li kapab pran anpil mwa anvan li gate. Li gen bon gou lè li gen manba sou li.
- Kase
-
Divize an de ou byen plis moso. Dan Kase, Eta yon moun ki pèdi yon moso nan dan li. . Kase Koub, Kite yon direksyon dwat pou vire nan yon lòt direksyon.
- Kaskad
-
Eta dlo, tankou dlo yon ravin, ki ap glise desann soti sou yon do mòn. Jan yon moun ranje plizyè dokiman ki ouvri sou ekran yon òdinatè tankou dlo yon ravin ki ap desann soti sou do yon mòn.
- Kasèt
-
Kasèt: Yon ti bwat an plastik ki gen yon riban an plastik andedan li ki kapab enrejistre son, imaj.
- Kat
-
Senkyèm chif nan nonb pozitif yo. De plis de, twa plis en, de miltipliye pa de, e latriye. Yon moso katon, plastik moun sèvi pou yo jwe anpil jwèt tankou twasèt, bezig, viv-damou, solitè, pokè, e latriye. Yon ti moso plastik ki gen longè twa pous avèk de pous pou lajè e ki gen anpil enfòmasyon sou li kèk machin kapab li. Kat Kredi, Yon kat ki gen enfòmasyon nan li moun pa kapab li, men yon machin kapab li tout enfòmasyon sa yo pou pèmèt yon moun pran lajan nan anpil bank, achte bagay nan anpil boutik, magazen.
- Katab
-
Yon bèl moso katon ki pliye an de e moun kapab rantre yon fèy papye andedan li pou li pa chifonnen. Moun ki ap chache djòb toujou mete rezime yo andedan yon katab pou kenbe li bèl pou patwon yo.
- Kategori
-
Plizyè bagay ki kapab gwoupe ansanm paske yo sanble.
- Katon
-
Yon materyèl tankou papye, men ki pi près e solid. Gen plizyè gwosè katon.
- Katreven
-
Katreventyèn nonb nan nonb pozitif yo. Ven miltipliye pa kat. Karant plis karant. San mwens ven, soustraksyon ven nan san, e latriye. 80.
- Katreven-en
-
Katreven plis en. San mwens diznèf, e latriye. 81.
- Katye
-
Yon ti vil ki pi piti pase yon bouk. Yon vilaj, yon zòn nan yon vil kote, tout moun, yonn konnen lòt.
- Katòz
-
Katòz: Senkyèm nonb pozitif ki gen de chif nan li: en (1) avèk kat (4). 14.
- Kavo
-
Yon ti kay nan yon simetyè kote fanmiy yon moun, leta mete yon sèkèy avèk moun nan andedan li lè moun sa a mouri.
- Kaw
-
Yon zwazo nwa ki bay yon son tankou li ap repete non li san rete. Zwazo sa a renmen poze wo sou pye bwa, men moun kapab tande vwa li byen lwen.
- Kawotchou
-
Yon materyèl elastik ki fèt avèk gonm yon pye bwa ki grandi nan peyi cho yo. Yon materyèl elastik ki fèt yon fason pou li kapab kole sou yon jant ki ede li kenbe van. Lè yon kawotchou pase sou yon bagay ki pi di pase li, li pliye nan fòm bagay la pou pase sou li. Yonn pa domaje lòt la paske kawotchou a reprann fòm li apre.
- Kawòt
-
Kawòt: Yon plant ki pouse yon gwo rasin wouj e moun manje rasin sa a paske li gen bon gou, anpil vitamin.
- Kay
-
Kote moun rete pou pwoteje yo kont chanjman tanperati e pou pwoteje bagay yo posede.
- Kaye
-
Yon ti liv san ekriti nan paj li yo ki fèt pou moun ekri.
- Kayiman
-
Yon gwo bèt ki sanble avèk mabouya anpil e ki viv nan dlo. Yon kayiman kapab pase anpil tan san fè mouvman, tankou li mouri.
- Kayimit
-
Fri yon pye bwa ki gen koulè vè lè li vèt, ki gen koulè mov lè li mi. Fri sa gen yon gonm nan li ki kole nan bouch moun ki ap manje li.
- Kayèt
-
Yon moso tach ki vlope tou won e ki koud yon fason pou kenbe rapadou moun mete andedan li.
- Ke
-
Yon pwent long ki nan dèyè anpil bèt. Yon mo moun mete nan diskou li pou mete plis aksan sou mo ki ap vini apre mo, Ke, a.
- Kenbe
-
Travay yon moun ki pase dwèt men li sou kote yon bagay, chak dwè nan yon kwen diferan, epi pese dwèt yo tankou yo ap ale kraze bagay la pou yo rankontre.
- Kenkay
-
Machandiz yon machann ki gen anpil ti kantite machandiz diferan nan chak bagay li gen pou vann.
- Kenskòf
-
Yon zòn sou tèt yon mòn nan kapital Ayiti a, Pòtoprens, ki frèt anpil malgre Ayiti pa yon peyi frèt.
- Kenz
-
Sizyèm nonb pozitif ki gen de chif nan li: en (1) avèk senk (5). 15.
- Kesyon
-
Jan yon moun mande pou sa li bezwen. Yon entèwogasyon pou chache yon repons.
- Kesyonè
-
Kesyonè: Yon lis kesyon pou bay moun avèk espwa moun nan ap reponn kesyon yo.
- Keyi
-
Rache grenn yon pye bwa soti nan kòlèt li, nan pye bwa.
- Ki
-
Yon mo entèwogatwa moun mete devan yon lòt mo pou poze yon kesyon. Yon mo moun itilize pou mete aksan sou mo ki vini apre a.
- Kilbite
-
Eta yon moun ki pèdi balans li pandan li ap mache, kouri epi ki pati pou li ale tonbe. Pouse yon moun pou li ale tonbe.
- Kilomèt
-
Kilomèt: Yon inite pou mezire distans ki long anpil. Yon kilomèt gen mil mèt nan li, twa-mil-de-san katreven-en pye, tran-nèf-mil twa-san-swasant-dis pous.
- Kiltivatè
-
Kiltivatè: Moun ki kiltive tè.
- Kiltive
-
Sekle, plante e rekòlte an menm tan nan yon jaden. Etap sa yo pran anpil tan pou reyalize. Pou kiltive mayi, li kapab pran karant-senk jou. Kann kapab pran yon ane pou pi piti. Pye bwa kapab pran anpil ane.
- Kilòt
-
Kilòt: Yon ti rad kout fi mete sou yo pou bare koko yo, pwèl yo, avèk de bò dèyè yo. Gen yon kilòt ki pase nan fant dèyè fi e ki pa kouvri de bò dèyè yo.
- Kim
-
Ti boul dlo avèk lè andedan yo kèk likid fè lè yo boulvèse anpil. Bav ki soti nan bouch kèk moun, bèt. Rezilta pat yon moun ap fwote nan bouch li avèk yon bwòs.
- Kimen
-
Travay yon bagay ki fè kim.
- Kisa
-
Yon mo entèwogatwa moun itilize pou idantifye yon bagay nan yon gwoup lè moun konnen li pa ap chache idantifye yon lòt moun. Yon mo moun itilize pou ranplase yon lòt mo.
- Kite
-
Vire do bay yon bagay epi ale. Yon mo moun itilize pou mande yon moun pou vire do bay li. Sispann. Pati, ale lwen yon moun, yon bagay.
- Kiyès
-
Yon mo entèwogatwa moun mete devan yon mo pou idantifye yon moun, yon bagay nan yon gwoup. Moun toujou itilize kiyès lè yo konnen yo ap chache idantifye yon moun nan yon gwoup moun. Yon fanmiy mo, Ki, pou idantifye yon bagay nan yon gwoup.
- Kizin
-
Yon chanm nan yon kay kote kizinyè fè manje. chanm sa gen tout sa ki gen rapò avèk fè manje nan li tankou yon fou, chodyè, asyèt e latriye. Nan ti vil yo, yon ti kay ki gen yonn ou byen plizyè chanm kote kizinyè fè manje. Ti kay sa gen yon recho, yonn ou plizyè twa-pye-dife e plizyè lòt bagay ki gen rapò avèk manje, fè manje.
- Klaksonn
-
Yon ti aparèy ki andedan yon machin e chofè a gen yon bouton li kapab peze pou fè li fè bri lè li bezwen evite yon danje.
- Klaksonnen
-
Fè yon bri avèk yon klaksonn.
- Klasik
-
Bagay ki gen rapò avèk klas, wotè moun ki pase lekòl okipe nan yon sosyete. Yon epòk nan tan lontan lè te gen anpil règleman yon ekriven te oblije obeyi pou yo ekri yon tèks.
- Klate
-
Eta yon bagay ki klè. Travay limyè fè sou fènwa, lannwit.
- Klavye
-
Yonn nan senk pati yon òdinatè ki gen anpil bouton ki reprezante lòd yon operatè kapab pase yon òdinatè. Tout lèt alfabetik yo, chif yo soti nan zewo pou rive nan dis avèk tout siy ponktiyasyon yo.
- Kle
-
Yon moso materyèl ki gen menm fòm avèk yon tou kote li kapab rantre pou pouse ou byen rale lang sekirite yon pòt.
- Klere
-
Eta yon bagay ki anvayi avèk limyè. Travay yon bagay ki anvayi yon lòt bagay avèk limyè. Eta yon anpoul ki gen kouran ap pase nan li.
- Kleren
-
Yon bwason koulè gri ki gen anpil alkòl nan li. Kann se yonn nan pi gwo kontitisyon kleren. Genyen anpil kote nan peyi Ayiti ki fè kleren. Anpil moun nan peyi a renmen bwè bwason sa tou e li fè yo sou tou.
- Klewon
-
Yon enstriman misikal ki bay son lè yon kantite van yon moun ap kontwole avèk bouch li pase andedan enstriman sa a. Yon klewon gen twa bouton ki sèvi pou chanje nòt mizikal yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si.
- Kochon
-
Yon bèt ki gen bouch long e ki gen anpil grès nan kò li. Ayisyen fè yon manje ki rele griyo avèk vyann kochon.
- Koke
-
Aksyon yon kòk ki monte sou do yon poul pou rantre zozo li andedan koko,dèyè, poul la. Aksyon nenpòt mal èt vivan ki mete zozo li andedan koko yon femèl. Pandye yon bagay, pou moun nan Depatman Latibonit la.
- Koken
-
Eta yon moun ki kapab kache nenpòt sa li pa vle lòt moun konnen. Eta moun ki montre yon ekspresyon sou vizaj li pou fè moun kwè pawòl ki ap soti nan bouch li menmsi pawòl sa yo pa vrè.
- Kokennchenn
-
Anpil nan yon bagay. Abondans. Anpil.
- Kokoye
-
Grenn yon pye bwa ki sanble avèk pye palmis. Kokoye gen yon bon dlo andedan li avèk yon pati blan ki gen anpil grès nan li. Ayisyen prepare anpil manje avèk kokoye tankou dous, labouyi, e latriye.
- Kokèt
-
Kokèt: Eta yon fi ki toujou fè gason panse li renmen yo e moun kwè li ap kouche avèk anpil gason san li pa janm kouche avèk anpil gason tout bon vre.
- Kolizyon
-
Eta de bagay fas yo tou de a frape nan yon aksidan.
- Kolon
-
Mèt esklav nan ansyen koloni yo. Blan ki te mèt esklav yo lè Ayiti te yon koloni, anvan ane 1804.
- Koloni
-
Yon peyi ki sou depandans yon lòt peyi. Tout lwa koloni a se lwa ki soti nan lòt peyi a e koloni a peye lòt peyi a enpo. Pandan evolisyon tout sosyete nan lemond, lòt dominasyon tankou kapitalis, sosyalis te vini ranplase koloni; kidonk pa gen koloni konsa ankò. Anpil moun, bèt ki reyini ansanm.
- Kolonize
-
Pran yon peyi epi fè li vini yon koloni.
- Kolonèl
-
Kolonèl: Yon grad nan tout kò militè ki bay moun anpil pouvwa sou lòt militè tankou kòmandan, sèjan, kaporal, e latriye ki anba li.
- Komedyen
-
Yon moun ki fè moun ki ap koute li ri avèk nenpòt pawòl li di. Pwofesyonèl ki konnen kijan pou li fè yon odyans ri.
- Komik
-
Kalite yon bagay, yon moun ki fè moun ri. Kalite yon istwa, travay yon komedyen ki fè moun ri.
- Kominikasyon
-
chanjman pawòl, jès ant de ou byen plis èt vivan lè yonn konprann lòt la. Mwayen moun itilize pou yo fè yon mesaj rive jwenn yon lòt moun. Gen anpil mwayen kominikasyon tankou ekri, pale, telefòn, radyo, entènèt, telegraf, satelit, e latriye.
- Kominote
-
Yon ti gwoup moun, yon gwoup moun ki ap viv menm kote.
- Kominyon
-
Yon angajman yon moun pran pou li respekte prensip yon gwoup li te kòmanse sib. Angajman yon moun pran nan legliz katolik pou li kontinye sib Bondye san li pa retounen nan peche, vye lavi li te konnen ap viv anvan li te rantre nan kominyon.
- Komisyon
-
Mesaj, bagay yon moun aksepte pran nan men yon moun pou pote bay yon lòt moun. Plizyè moun yon gwoup moun bay tout dwa pou ranplase yo nenpòt kote yo te kapab ranplase pwòp tèt pa yo.
- Komè
-
Komè: Yon fi ki batize maryaj de moun, pitit de moun avèk yon lòt moun. Yon fason ayisyen rele vwazin yo.
- Komès
-
Komès: chanjman machandiz avèk moun pou lajan lè chanjman sa a bay yon pwofi.
- Komèsan
-
Yon pwofesyonèl ki fè lajan li nan fè komès.
- Komèsyal
-
Nenpòt bagay ki gen rapò avèk komès. Eta yon bagay ki kapab vann pou lajan e achtè anvi peye lajan pou li.
- Konbatan
-
Moun ki ap konbat. Moun ki te patisipe nan lagè ou byen ki ap patisipe nan lagè. Moun ki pa janm dekouraje defann dwa li avèk dwa lòt moun nan yon sosyete kote gen enjistis.
- Konbit
-
Kòve. Yon seremoni kote anpil peyisan rankontre ansanm pou fè yon travay pou yon moun, yon zanmi nan kominote kote yo ap viv la san yo pa touche lajan pou travay sa a. Tout moun nan konbit la espere lè yo gen konbit pa yo tou moun yo te ede a ap vini ede yo.
- Kondi
-
Mennen yon bagay, yon moun nan yon direksyon epi ede moun nan, bagay la rete sou bon direksyon an. Kenbe volan yon machin pandan motè li ap mache e wou li ap woule sou tè a. Kenbe men yon avèg pou mennen li kote li ap ale.
- Kondisyon
-
Rezon ki fè yon bagay egziste. Yon rezon ki anpeche yon prensip, yon règ rete jeneral, inivèsèl. Eksepsyon.
- Konesans
-
Sa ki rete nan tèt yon moun lè li fini bliye tout sa li te aprann. Nivo ki pi wo nan devlopman entelijans moun. Premye rankont de, plizyè moun.
- Konfiti
-
Poud kèk materyèl ki bay yon limyè menm koulè yo ye a lè gen limyè ki ap klere yo. Moun itilize poud sa pou voye sou lòt moun nan kèk seremoni tankou maryaj, gradyasyon e latriye. Yon desè moun prepare avèk anpil fri tankou anana, gwayav, grenadin, zoranj-sirèt, e latriye. Lè konfiti melanje avèk manba sou pen, kasav, li kapab ranplase yon repa nan yon jounen.
- Konfrefò
-
Kote moun sere lajan. Yon bwat ki fèt avèk metal ki lou anpil pou fè li difisil pou moun pote li e moun kapab sere lajan andedan li. Yon konfrefò pa gen kle, men li gen yon mo sekrè ki pèmèt moun ouvri pòt li. Anpil moun ki pa vle moun konnen konbyen kòb yo posede toujou gen yon konfrefò andedan kay yo pou mete lajan.
- Konfwonte
-
Kanpe an fas yon moun pou repwoche li pou sa li fè mal. Mache nan direksyon yon moun avèk entansyon pou goumen avèk li.
- Konfyans
-
Kwayans yon moun gen nan yon lòt moun, nan Bondye ki fè li kapab di moun nan, Bondye tout sekrè li.
- Konfye
-
Viv avèk yon moun e san kenbe sekrè pou moun sa a. Di yon moun, Bondye tout bagay, tout sekrè.
- Kongo
-
Yon peyi nan kontinan afriken an kote anpil esklav ki te soti pou vini nan koloni yo. Peyi sa a sitiye nan mitan kontinan an. Moun ki soti andeyò, mòn yon peyi epi ki vini viv nan yon gwo vil.
- Konje
-
Sispann travay pou yon kantite tan avèk garanti djòb la ap toujou la ap tann travayè a retounen.
- Konkete
-
Mache pran peyi yonn apre lòt pou mete anba lwa, sou depandans yon lòt peyi.
- Konklizyon
-
Pati nan yon istwa ki bay yon resime de tout sa ki te di nan istwa a. Moun ki li yon konklizyon prèske konnen tout sa ki te pase nan istwa a, men yon moun ki bezwen konnen tout istwa a oblije li devlopman an. Yonn nan twa pati yon istwa, yon redaksyon, yon disètasyon.
- Konkou
-
Yon seremoni kote plizyè moun ap eseye montre yo kapab fè yon bagay pi byen, kijan yo kapab fè yon bagay epi plizyè jij ap evalye patisipan yo.
- Konkèt
-
Travay ansyen gèrye yo ki te konnen mache pran peyi nan men moun ki ap viv nan peyi sa yo epi kolonize peyi a.
- Konnen
-
Egzistans yon lyen ant de ou byen plizyè moun. Yon moun ki konprann tout sa yon moun di, tout sa moun nan fè. Konprann yon bagay nèt ale. Posede yon konesans san limit sou yon bagay, yon moun.
- Konpakdis
-
Yon moso plastik plat e tou won ki gen mizik anrejistre sou li. Lè konpakdis apèn parèt li te vini chanje jan moun koute mizik. Mizik te konnen anrejistre sou plak e kòm son konpakdis la pi bon nan zòrèy, moun sispann achte plak jis izin sispann fè plak.
- Konpanyen
-
Yon moun, yon bèt ki akonpaye yon moun pou rete, ale yon kote.
- Konpatriyòt
-
Yon moun ki soti nan menm peyi avèk yon lòt moun e ki toujou toupre pou defann peyi li.
- Konpliman
-
Ankourajman yon moun jwenn pou yon aksyon li komèt. Fè yon moun konnen li byen abiye, li bèl.
- Konplo
-
Antann avèk lòt moun pou asasinen, bat yon moun. Ranje avèk lòt moun pou viktim yon moun.
- Konprann
-
Abilite pou rekonèt, entèprete yon bagay, moun ou byen aksyon moun. Rekonèt. Entèprete.
- Konpè
-
Konpè: Yon gason ki batize yon maryaj, yon pitit de lòt moun. Yon gason ki ap viv sou kote kay yon lòt moun.
- Konsa
-
Yon fason pou moun di: tankou sa a, menm jan avèk sa a. Lè yon moun di konsa, li lonje men li sou yon bagay pou montre yon moun yon bagay.
- Konsepsyon
-
Definisyon yon moun bay yon bagay. Jan yon moun konprann yon bagay.
- Konseye
-
Pale avèk yon moun pou montre li sa ki pi bon pou li kapab fè. Bay yon moun konsèy.
- Konsolasyon
-
Aksyon yon moun ki ap pale avèk yon lòt ki gen lapenn pou bay moun nan kouraj.
- Konstitisyon
-
Manman tout lwa nan yon peyi. Tout bagay ki kontribye pou fè yon bagay sa li ye a. Tout sa ki fòme yon bagay. Dezyèm etap nan kontriksyon yon peyi sou kote drapo peyi a.
- Konstriksyon
-
Tout etap yon konstriktè pase pou li konstwi yon bagay tankou yon kay, yon bato. Yon kay. Yon bato.
- Konstriktè
-
Moun ki konnen ranje plizyè moso ansanm pou reyalize yon imaj nenpòt moun kapab konprann. Moun ki fè bagay tankou kay, bato, e latriye.
- Konstwi
-
Ranje plizyè moso ansanm pou reyalize yon imaj nenpòt moun kapab gade e rekonèt kisa li ye. Moun ki ap fè bagay tankou kay, bato, e latriye.
- Konsyans
-
Yon jij andedan tout moun ki fè moun nan santi li byen lè li fè yon bon bagay e ki fè moun nan santi li mal lè li fè yon move bagay. Konesans sou ki byen avèk sa ki mal.
- Konsyantizasyon
-
Yon gwo mouvman edikasyon ki te kòmanse nan ane katreven yo nan peyi Ayiti pou fè ayisyen konprann kijan sistèm gouvènman peyi a move pou yo. Mouvman sa a grandi tèlman rapid li kontribye a kraze govènman peyi a nan epòk sa. Edike moun pou fè yo konprann lavi e rekonèt reyalite avèk ilizyon.
- Konsè
-
Konsè: Yon represantasyon mizikal ki kapab genyen yonn ou byen plizyè pèfòmè, atis.
- Konsève
-
Konsève: Sere yon bagay pou jwenn li lè gen bezwen pou li. Enrejistre yon dokiman sou yon diskèt nan yon òdinatè.
- Konsèy
-
Konsèy: Pawòl yon moun di yon lòt moun pou montre moun nan kisa ki pi bon pou li kapab fè. Moun nan pa oblije aksepte konsèy la, men moun ki nayif pran tout konsèy yon moun pou yon lòd.
- Kont
-
Nan yon pozisyon opoze a pozisyon yon lòt. Yon bagay ki pa twò piti e ki pa twò gwo. Egzateman kantite nesesè a. Yon lis debi avèk kredi pou montre sa ki soti e sa ki rantre nan yon konfrefò.
- Kontab
-
Yon moun ki etidye syans kontablite a e ki pwatike kijan pou kenbe egzamine kont. Anpil moun panse kontab se yon moun ki manyen lajan, men sa pa vrè. Yon kontab fèt pou gen tout mwayen disponib pou esplike ki kòb ki rantre e ki lajan ki depanse menmsi li pa janm rankontre avèk kòb.
- Kontablite
-
Teori e sistèm ki montre kijan pou ranje kont nan kòmansman yon biznis, kenbe kont yo, envestige kont yo epi rapòte sou yo.
- Kontan
-
Ekspresyon satisfaksyon andedan yon moun ki parèt sou vizaj moun nan lè li ri.
- Kontante
-
chache yon mwayen pou satisfè menmsi bagay ki pou bay satisfaksyon an pa vini.
- Kontantman
-
Ekspresyon vizaj yon moun ki satisfè.
- Konte
-
Mete anpil espwa sou yon bagay, yon moun. Soti nan yon nonb pi piti pou ale nan yon nonb pi wo.
- Kontinan
-
Senk pati yo ki divize tout tè a: Ewòp, Azi, Afrik, Amerik, Oseyanik.
- Kontinye
-
Ale san kanpe nan wout avèk yon bagay ki te kòmanse.
- Kontra
-
Yon moso papye lalwa pèmèt de moun ou byen plis moun siyen pou yo respekte tout sa ki ekri sou papye a. Yon angajman de ou byen plizyè moun pran ansanm.
- Kontraksyon
-
Yon fòs yon ti bebe ki andedan vant yon manman fè manman santi lè li bezwen soti e sa fè manman an konnen li ap ale akouche. Yon moman kote yon bagay ap chache wout pou soti epi yon lòt ap anpeche li soti; konsa yo bay kò yo ap aji sou li a yon doulè.
- Kontrakte
-
Siyen yon kontra avèk yonn ou byen plizyè moun. Travay yon ti bebe ki fè yon manman santi li lè pou li akouche.
- Kontre
-
Pase sou wout yon lòt moun te ap pase, men de moun yo te ap ale nan direksyon opoze.
- Kontrekare
-
Kanpe an fas yon moun pou fè li konprann yon bagay li te fè pate bon pou wè si moun nan te kapab evite fè bagay sa a yon lòt fwa. Yon moun ki kontrekare yon moun kapab rankontre yon reyaksyon vyolan nan men lòt moun nan.
- Kontribisyon
-
Aksyon moun ki mete yon pati nan yon bagay anpil lòt moun, yo chak, ap mete yon pati tou. Patisipasyon nan yon bagay pou fè li vini konplè. Yon biwo leta ki kolekte enpo tout sitwayen avèk biznis nan peyi a peye.
- Kontribye
-
Bay patisipasyon nan yon bagay pou fè li vini konplè. Mete yon pati nan yon bagay anpil lòt moun ap mete pa yo nan li tou.
- Kontwole
-
Fè respekte, aplike lwa. Pase lòd a tout moun ki anba kontwòl.
- Kontwòl
-
Kontwòl: Pouvwa yon moun gen pou kontwole, pou aplike lwa. Yon òdinatè ki ap kòmande yo lòt machin.
- Konvansyon
-
Yon antant ant tout syantis pou ede yo jwenn solisyon yon pwoblèm. Yon moman kote anpil moun ki gen konesans nan yon bagay rankontre pou jwenn solisyon yon pwoblèm pandan yon ap koute opinyon chak moun ki pale.
- Konyen
-
Travay yon gason, yon mal bèt ki rantre zozo li nan koko yon fi, yon femèl avèk anpil fòs.
- Kopye
-
Kreye imaj yon bagay yon fason pou li difisil pou moun konnen kiyès ki orijinal la e kiyès ki kopi a. Gade jan yon moun fè yon bagay pou fè bagay la menm jan tou.
- Koresponn
-
Konparezon ant de fòs pou wè kiyès ki pi fò. Aksyon yon moun ki reponn atak yon lòt.
- Koridò
-
Koridò: Yon ti wout ki jennen anpil kote plis pase yon moun pa kapab pase yonn sou kote lòt la.
- Kote
-
Yon plas pou jwenn yon bagay. Yon kwen.
- Kotri
-
Yon fi ki aksepte plase avèk mari yon lòt fi.
- Kou
-
Pati ki lye tèt yon moun avèk epòl moun nan. Frape yon bagay sou yon lòt bagay.
- Koubèland
-
Yon magouy kèk moun fè pou rantre kouran andedan kay yo san peye pou li. Yon moso bagay ki fèt avèk menm materyèl avèk kawotchou.
- Kouch
-
Anpil nan yon bagay ki parèt san moun pate ap espere li. Kantite kras ki sou kò yon moun.
- Kouche
-
Pran yon pozisyon vètikal tankou yon matla sou yon kabann. Kouche fi, Mete yon fi sou kabann epi rantre zozo andedan koko li. Eta solèy lè li sispann klere tè a.
- Kouchèt
-
Yon moso twal moun mete nan fant janb yo pou pare likid tankou pipi, poupou. Yon moso twal pou mete nan fant janb ti bebe paske ti bebe pa kapab kenbe pipi avèk poupou pou lage yo lè li vle.
- Koud
-
Kole plizyè moso twal ansanm avèk fil ki pase andedan moso twal yo avèk yon egiy.
- Koudeta
-
Aksyon kèk moun nan yon peyi ki touye prezidan peyi ou byen mete li nan avyon epi voye li ale nan yon lòt peyi pou yo pran plas prezidan an. Kèk lè sivil konnen pran pouvwa prezidan an tou, men se militè ki gen plis mwayen pou bay koudeta. Nan moman yon koudeta moun nan peyi a pa konnen ki moun ki ap gouvène anvan nouvo prezidan an pale avèk pèp la. Detoúnman politik yon peyi.
- Koukouy
-
Yon ti ensèk ki kapab vole e ki gen limyè limen nan dèyè li lè li fè nwa.
- Koule
-
Travay yon moun ki rantre nan dlo san kite pyès pati nan kò li deyò. Eta yon resipyan ki gen yon tou nan li ki anpeche li kenbe likid san likid la pa tonbe.
- Koulèv
-
Koulèv: Yon bèt long, kò glise e ki mache pandan li ap trennen sou vant li. Gen plizyè diferan koulèv. Gen koulèv ki kapab peze 400 liv.
- Kounouk
-
Yon ti kay moun ranje kò yo malman pou viv andedan.
- Kous
-
Aksyon de moun, de bèt ou byen plizyè ki ap kouri pou wè kiyès ki ap rive yon kote anvan.
- Kout
-
Pase dwa bay yon moun pou li kontinye yon bagay. Yon moun ki pa gen wotè nòmal yon moun genyen. Yon moun ki gen mwens ke senk pye pou wotè.
- Koute
-
Tande yon bagay, yon moun ki ap pale epi bay moun sa a anpil atansyon pou konprann sa li ap di a.
- Kouti
-
Yon pati nan yon bagay ki koud. Travay yon koutiryè, yon tayè lè li kole de moso twal ansanm.
- Koutim
-
Bagay yon moun toujou fè e refè chak fwa li gen chans pou fè li. Abitit yon moun genyen. Yon evènman yon sosyete fete chak ane.
- Koutiryè
-
Yon pwofesyonèl fi ki fè rad pou moun mete. Koutiryè pi alèz nan fè rad pou fi, men gen kèk koutiryè ki fè rad pou gason tou.
- Koutize
-
Aksyon yon gason ki ap pale avèk yon fi pou wè si fi a ap aksepte renmen avèk li.
- Kouto
-
Yon moso metal ki gen yon manch bwa ou byen plastik epi yon bò nan kò li plati yon fason lè li touche yon lòt bagay li ap kapab rantre andedan bagay la, li ap kapab koupe bagay la.
- Koutye
-
Yon moun ki konnen kèk pwopriyetè kay ki gen kay pou lwe e ki konnen kèk lokatè tou ki ap chache kay pou lwe epi li ede yon rankontre pou yo fè biznis. Yon pwofesyonèl ki patisipe nan ranje biznis pou moun e ki touche pou sèvi li.
- Kouve
-
Aksyon anpil femèl zwazo ki kapab kouche sou ze li pandan anpil jou pou chak ze rive bay yon ti zwazo. Lè yon femèl zwazo ap kouve, li leve sou ze yo sèlman pou ale chache manje.
- Kouvreli
-
Yon ti dra mens moun mete sou kabann nan peyi twopikal yo. Yo itilize kouvreli tou pou kouvri paske li pa fè fredi nan peyi sa yo.
- Kouvri
-
Mete yon bagay laj sou yon lòt epi bagay laj la anpeche li rete vizib. Bouche yon tou.
- Kouwonnen
-
Fè wonn yon bagay. Mete, aliye yon bagay sou tout kwen yon lòt bagay. Antoure yon bagay. Mete kouwòn sou yon bagay, tèt yon moun.
- Kouwòn
-
Kouwòn: Yon siy pou montre grandè yon moun tankou yon wa, yon rèn. Flè ki ranje an won pou mete sou kavo, tonm kadav.
- Kouzen
-
Pitit gason yon sè ou byen yon frè papa ou byen manman yon lòt moun.
- Kouzin
-
Pitit fi yon sè ou byen yon frè papa ou byen manman yon lòt moun.
- Koyo
-
Yon gason ki pa devlope seksyèlman, kont pou konprann lè yon fi vle fè lanmou avèk li. Gason sa a pèdi anpil tan li pate ap janm bezwen pèdi pou koutize fi a si li te konprann fi. Tan yon koyo pran pou li koutize yon fi fè fi a deja konprann li ap ale oblije montre gason sa a sa pou li fè anvan li jwenn sa li vle a; konsa li meprize avans yo lè yo vini.
- Koze
-
Pale avèk yon zanmi de plizyè bagay ki pase san rete sou yon sèl sijè. Konvèsasyon abityèl ant plizyè zanmi chak fwa yo rankontre. Pale avèk yon zanmi de yon bon ou byen yon move eksperyans. Travay de moun ki ap pale.
- Krab
-
Yon bèt ki rete nan yon tou kote ki gen dlo. Li gen de kwòk dan ki sanble avèk de pye devan, men dan yo pa janm touche a tè. Dèyè chak de pye yo yon krab gen twa pye sou chak bò. Pou pechè kenbe krab yo oblije foure men yo nan tou a. Krab konnen mòde pechè yo. Krab bay legim avèk bouyon bon gou.
- Krapo
-
Yon bèt ki renmen viv nan imidite, kote ki mouye, kote ki gen dlo. Bèt sa kapab viv lontan kote ki pa gen imidite tou. Gen krapo ki viv nan dlo e yo manje ti pwason avèk ti koulèv. Sa ki viv sou tè yo manje ti ensèk.
- Kras
-
Pousyè ki poze sou yon kò epi ki kole sou kò sa a tankou li kontribye nan konstitisyon kò a. Kras kapab chanje koulè yon lòt bagay. Kras sou kò moun sanble avèk yon tach nwa. Ti Kras, Yon ti pati nan yon bagay.