1 910 mo nan diksyonè a

Parese

Yon moun ki toujou panse li gen twòp tan devan li pou fè nenpòt travay li gen pou li fè. Moun ki pa renmen travay ditou.

Parèt

Parèt: Soti nan yon eta envizib pou vini nan yon eta vizib. Eta yon bagay, yon moun tout moun ap pale de li san rete nan radyo, nan televizyon; tout kote.

Parèy

Parèy: Yon mal avèk yon femèl bèt ki viv ansanm tankou yon gason avèk yon fi ki renmen, plase, marye. Bay Parèy, Aksyon yon mal bèt ki rantre zozo li andedan koko yon femèl bèt.

Paryaj

Aksyon de ou byen plis moun ki mete ansanm, yo chak, yon bagay ki gen anpil valè pou yo avèk espwa yon evènman ap rive ou byen li pa ap rive. Moun ki te prevwa evènman ap rive a gen dwa pran tout bagay yo te mete ansanm yo depi bagay la rive.

Parye

Mete plizyè bagay ansanm pou reyalize yon paryaj.

Pasan

Yon espas kote bagay pase. Yon ti moso twal nan senti pantalon avèk kèk wòb kote mèt rad la pase yon sentiwon pou boukle li. Moun ki ap pase yon kote.

Pasay

Yon espas, yon pòt kote yon bagay kapab pase tankou lajè koko yon fi lè li ap pouse yon pitit.

Pase

Soti lwen pou rive yon kote epi kontinye sou wout la san rete. Fè mwayèn ki nesesè pou kite yon klas nan lekòl. Yon mòd rad ki pa egziste ankò.

Pasifik

San vyolans. Yon pati lanmè ki nan kwen lwès kontinan Amerik la, kwen lès e nò kontinan Oseyanik la, kwen lès kontinan Ewòp e Azi.

Pastan

Yon bagay yon moun kreye pou li fè pandan li ap tann yon moman rive pou li fè yon bagay ki pi enpòtan.

Pasyon

Bagay yon moun vle fè san reflechi sou konsekans bagay sa, move kote bagay sa a. Foli ki pouse moun reyalize bagay yo pate ap janm kapab reyalize si pate gen anvi sa pou reyalize bagay sa a. Yon maladi anpil moun soufri ki kapab fè yo itil soyete ou byen detri sosyete.

Pasyone

Eta yon moun ki gen pasyon, foli, anvi pou reyalize yon bagay, plizyè bagay.

Pat

Yon poud ki mouye epi chak ti grenn poud yo kole yonn ansanm avèk lòt la; konsa tout vini fè yon sèl bagay. Yon bagay mou moun itilize pou netwaye dan yo.

Patat

Yon boul yon lyann donnen anba tè e moun manje li paske li dous, li gen anpil farin. Lè lyann patat pase sou yon moso tè, rasin li rantre nan tè kote li gwosi pou fè boul la ki rele patat.

Pati

Yon bò, yon kantite, yon kwen nan yon bagay. chak fwa jwè yon jwèt kat tankou pokè rekòmanse jwe. Yon men kat.

Patiraj

Yon teritwa kote yon chèf kòmande. Moun itilize mo sa plis pou pale de yon pak kote yon bèt kòmande.

Patisipan

Moun ki patisipe nan yon bagay tankou yon seremoni.

Patisipasyon

Aksyon yon moun ki patisipe nan yon seremoni. Aksyon yon patisipan.

Patisipe

Bay kontribisyon, patisipasyon pou yon bagay kapab rive fèt. chak moun ki ale nan yon maryaj patisipe nan maryaj la.

Patizan

Moun ki manb nan menm gwoup avèk yon lòt moun e ki kapab fè nenpòt bagay pou defann moun nan gwoup sa.

Patriyòt

Patriyòt: Sitwayen yon peyi ki toujou toupre pou defann peyi li kont nenpòt bagay tankou move pawòl lòt moun ap di kont peyi a. Gèrye yon peyi.

Patriyotik

Tout aksyon yon patriyòt pou peyi li. Nenpòt aksyon patriyotism pou yon peyi. Aksyon yon sitwayen pou defann peyi peyi li.

Patriyotism

Lanmou pitit yon peyi gen pou peyi li e ki kapab pouse li fè nenpòt bagay, menm touye tèt li, pou sove peyi li. Fòs andedan yon sitwayen ki pouse li ale nan lagè pou peyi li menm lè li konnen li kapab mouri.

Pawòl

Pawòl: Nenpòt mo ki soti nan bouch yon moun ki ap pale. Pwomès yon moun bay yon lòt moun kenbe.

Pay

Yon bagay ki fay tankou fèy sèch yon pye bwa. Anpil zèb sèch ki rasanble yon kote.

Peyi

Yon moso tè avèk fontyè kote ki gen yon prezidan, yon leta, yon gouvènman. Yon nasyon endepandan kote moun kapab retounen chak fwa yo ale yon lòt kote.

Peyizan

Moun ki ap viv nan yon peyi. Moun nan yon peyi ki ap viv kote ki gen plantasyon, jaden lwen kapital peyi a, vil peyi a. Moun nan yon peyi ki manke mwayen kominikasyon pou benefisye tout bote sivilizasyon.

Piblik

Bagay ki fèt pou tout moun, tout moun gen dwa patisipe nan li, jwi avantaj li, itilize li tankou yon legliz, yon plas, yon pak.

Pibliye

Fè yon bagay vini disponib pou piblik. Eta yon bagay anpil moun vini konnen. Ekri yon liv epi peye yon konpayi pou fè anpil kopi liv la pou mete li vann nan librèri. Eta yon jounal ki disponib pou moun achte.

Pikan

Yon ti pwent file ki nan branch anpil pye bwa. Se yonn nan bagay peyizan ayisyen pi pè lè yo ap mache nan raje san soulye nan pye yo paske pikan kapab rantre nan pye yo.

Pike

Pouse pwent yon bagay, yon pikan nan yon pati nan kò yon moun jis pwent la rantre nan kò moun nan. Sansasyon yon moun santi nan bouch li ki tankou yon bagay ki ap rantre nan vyann bouch li lè li gen yon bagay tankou piman andedan bouch li.

Pil

Anpil bagay, moun, ki rasanble ansanm. Batri.

Pilon

Yon twons bwa atizan ayisyen fouye yon bèl tou nan li epi moun itilize li pou kraze kèk grenn tankou mayi, pistach, kafe, pitimi e latriye.

Pilonnen

Frape pye sou yon bagay avèk espwa li ap ale kraze. Aksyon moun ki mete plat pye yo sou do pye yon moun pandan anpil moun, yon foul moun kanpe nan yon espas ki twò piti pou kantite moun yo.

Pilòt

Pilòt: Moun ki kondi, pilote avyon. Moun ki fè avyon, elikoptè vole.

Pilote

Kodi, fè yon avyon, elikoptè vole.

Pilye

Anpil bagay ki reyini, rasanble ansanm. Plizyè pil ansanm.

Piman

Grenn yon ti pye bwa kout ki kapab pike anpil. Gen plizyè piman tankou piman-zwazon, piman-dous avèk piman-bouk. Piman Bouk, Yon piman ki pi gwo pase piman-zwazo, men li pi piti pase piman-dous e li pike tou; yon ti kras mwens pase piman-zwazo. Piman Dous, Yon piman ki pa pike, men moun ki ap fè manje renmen itilize li pou bay manje bon gou. Moun manje piman-dous nan salad tou. Piman Zwazo, Yon ti piman wouj e piti ki pike anpil.

Pini

Fè yon moun soufri pou yon move bagay li fè tankou vyole lalwa, fè yon krim e latriye. Mete yon moun nan prizon.

Pipi

Yon likid jón ou byen gri ki soti nan koko, zozo yon moun, yon bèt paske kò li pa bezwen likid sa pou ede kò a devlope, rete an sante.

Pipirit

Yon bèl ti zwazo, mal la avèk femèl la kapab bo pandan yo ap vole. Yonn toujou ale tout kote li gen pou li ale avèk parèy li.

Pistach

Yon plan ki bay yon rasin ki divize an de pati: yon pati fen e yon pati pwès. Pati pwès la gen grenn andedan li e moun manje grenn sa yo. Moun fè manba, bè avèk grenn nan.

Pitimi

Yon plant peyizan ayisyen kiltive sou plantasyon yo. Li bay yon grap ki gen anpil ti grenn nan li. Gen de varyete pitimi: yonn pye li pi kout e li gen pi bon gou pase lòt la ki pi wo. Sa pye li pi wo a, moun ki ap kwit li gen pou yo mete anpil bagay nan li pou jwenn gou li.

Pitit

Yon moun manman li avèk papa li te mete ansanm pou fè li nan moman manman an te ap ovile. Pitit Fèy, Nenpòt moun lwa ki monte yon bòkò te trete maladi li, te touye yon moun pou li e moun oblije patisipe nan seremoni vodou bòkò a chak ane pou peye yon pati nan dèt li.

Pitza

Yon manje ki fèt avèk farin e li kòmanse fèt tankou jan moun fè pat pen, men pat sa a pa gen leven nan li. Lè moun nan fini plati pat la li mete sòs tomat sou li avèk kèk lòt bagay anvan li mete li nan fou.

Piyajè

Piyajè: Moun ki patisipe nan yon piyay. Moun ki pran plezi nan resevwa bagay nan men lòt moun.

Piyay

Yon moman kote anpil moun resevwa libète pou yo pran tout kantite yo kapab pote nan yon kantite bagay. Libète anpil moun pran pou yo kòmanse pran bagay lòt moun posede san moun nan pa bay otorizasyon pou pran bagay sa yo.

Piye

Moman anpil moun pran anpil bagay yon moun te posede san moun nan pa bay otorizasyon pou pran bagay sa yo.

Piyon

Yon vil nan Depatman Nò peyi Ayiti ki toupre Mayisad; anviwon 18 kilomèt konsa.

Plak

Yon moso materyèl ki sanble avèk jansiv moun, ki gen dan nan li e ki kapab chita sou jansiv yon moun pou ranplase jansiv avèk dan moun. Yon moso plastik tou won avèk ti tras sou ki gen mizik anrejistre sou li. Nan ane 1980 yo konpakdis vini epi li ranplase plak.