1 910 mo nan diksyonè a

Opoze

Pran yon pozisyon kont yon lòt. Mache nan direksyon nò sou menm liy avèk yon moun ki ap mache nan direksyon sid. Aji kont yon lide.

Opozisyon

Politisyen ki pa gen menm lide pou devlopman yon peyi avèk prezidan an. Pozisyon moun ki kont gouvènman yon peyi. Aksyon moun ki pran pozisyon kont yon lòt.

Orikilè

Dwèt ki pi piti a nan tout dwèt men moun. Kòmanse konte nan dwèt pous la, li se senkyèm dwèt la.

Orizontal

Pozisyon ki sanble avèk pozisyon fas yon dlo dòmi. Yon pozisyon ki pèpandikilè a pozisyon vètikal la. Menm pozisyon avèk kouche.

Oseyan

Lanmè. Yon kantite dlo ki sanble li pa gen finisman tèlman li laj, li anpil.

Oseyanik

Yonn nan senk kontinan sou tè a ki pi piti pase lòt kat kontinan yo. Ostrali se pi gwo peyi e pi gwo il sou kontinan sa a ki gen plizyè il nan li. Nenpòt bagay ki gen rapò avèk oseyan.

Ostrali

Yon gwo il ki prèske fòme tout kotinan Oseyanik la pou kont li.

Otèl

Otèl: Yon kay ki gen anpil chanm nan li kote moun ale pou yo pase yon kantite tan lè yo pa pre kay yo. Moun nan yon otèl peye yon kòb pou chak jou yo pase nan otèl la. Toujou gen otèl nan tout gwo vil paske gen anpil moun ki toujou ap vizite gwo vil yo.

Oto

Otomobil. Yon bèl machin yon moun posede pou transpòte limenm avèk rès fanmiy li. Nenpòt machin yon moun posede pou transpòte moun.

Otobis

Yon gwo machin ki gen chèz pou tout moun chita. Machin sa a pote anpil moun, men li pa pote anpil chay tankou gwo sak lou.

Òtograf

Fason mo nan yon lang fèt pou ekri. Lide, prensip pou ekri mo nan yon lang. Yon mwayen moun itilize pou yo ekri sa moun di lè yo ap pale yon lang.

Otomatik

Yon bagay yon moun bezwen fè yon sèl travay pou bagay la kontinye fèt san rete. chak bal nan yon revolvè bezwen yon kout gadjèt pou soti, tout bal nan yon mitrayèz bezwen yon sèl kout gadjèt; kidonk tire bal nan mitrayèz se yon bagay otomatik.

Otomobil

Oto. Yon bèl machin yon moun posede pou transpòte limenm avèk tout rès fanmiy li. Nenpòt machin yon moun genyen pou transpòte moun.

Otonomi

Eta yon moun, yon gwoup moun, yon òganizasyon, yon peyi ki gen yon chèf, men chèf la kite li pran kèk desizyon. Yon nivo libète ki toupre endepandans.

Otorite

Moun ki gen pouvwa pou egzèse sou lòt moun e pouvwa sa a mache avèk kèk responsablite tou.

Otorizasyon

Pèmisyon moun ki gen otorite bay moun ki pa kapab aji san pèmisyon sa a, otorite sa a pou yo aji nan tout libète posib.

Otorize

Bay moun otorizasyon, pèmisyon pou yo fè bagay yo pa kapab fè san otorizasyon.

Otowout

Yon wout plizyè liy machin kapab kouri sou li yonn sou kote lòt an vitès e pa gen limyè sikilasyon sou wout sa.

Otrefwa

Ekspresyon pou pale de yon epòk, yon bagay ki te pase san konnen, sonje vrèman moman lè epòk sa a, bagay sa a te pase.

Ou

Yon pwonon. Moun itilize li pou pale dirèkteman avèk yon moun. Ou byen, De mo moun itilize ansanm pou di si se pa yon bagay se yon lòt bagay.

Oumenm

Mo moun ki ap kominike avèk lòt moun itilize pou mete plis fòs nan sa yo ap di a epi fè moun yo ap eseye kominike avèk li a santi sa a.

Out

Yuityèm mwa nan yon ane. Yonn nan de mwa ki fè plis chalè sou kote mwa Jiyè a. Yonn nan sèt mwa yon ane ki gen tranteen jou.

Ouvè

Ouvè: Sa ki pase lè yon kouvèti, yon pòt ki te bare, fèmen yon kote soti kote li te ye a. Devlope yon bagay ki te vlope, fèmen. Ouvè Fèmen, Yon ti zèb ki febli e bese pi ba lè moun touche li epi leve kanpe yon ti moman apre.

Ouvri

Retire yon kouvèti, yon pòt ki te bare, fèmen yon kote. Devlope yon bagay ki te vlope, fèmen. Fè yon bagay, tankou bouch yon moun, vini laj.

Oval

Yon bagay ki gen yon fòm tankou yon wonn ki pese sou de bò, men de kwen yo pa fini rankontre. Fòm boul ameriken yo jwe foutbòl yo a.

Ovil

Yon repwodiksyon andedan kò yon femèl ki kapab vini fòme yon ze pou bay yon pitit.

Ovile

Yon moman sou katozyèm jou depi yo fi te gen règ li epi yonn nan ovil li yo, sa ki pi gran an, avanse prèske nan bouch koko li pou tann dechay. Si ovil la jwenn dechay nan twa jou li pase nan bouch koko fi a li ap kòmanse fòme yon ze ki ap ale bay yon pitit apre yon kantite tan.

Ozalantou

Nan tout kwen yon bagay tankou dlo ki antoure yon il, yon bag sou yon dwèt yon moun.

P

P: Sèzyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la. Li pwononse menm jan avèk mo "pe" ki vle di sispann pale, fèmen bouch.

Pa

Posesyon yon moun. Leve pye yonn apre lòt epi depoze yo atè pou deplase yon kò. Mo ki kanpe devan yon lòt mo pou di evite fè sa siyfikasyon mo ki vini apre a vle di.

Paj

Yon bò nan chak fèy papye ant po yon liv ki gen ekriti sou li. Yon pati nan yon istwa. Konsa, yon fèy papye kapab gen de paj sou li.

Pak

Yon fèt pou selebre Jezi Kris ki leve soti nan lanmò apre li te mouri jou Vandredi-Sen an. Kretyen yo selebre fèt sa a jou dimanch apre Vandredi-Sen an. Kote moun bare bèt pou yo pa ale flannen. Kote ki gen anpil frechè, pye bwa, bèl zèb pou moun chita pran bon van, flannen avèk mennaj yo.

Pakapala

Yon moun nan yon ti kominote ki toujou patisipe nan tout seremoni nan kominote a tankou maryaj, bal, vodou, kominyon san mèt seremoni an pa envite li. Yon moun ki toujou reponn envitasyon li.

Pakoti

Kèk rad mal fèt machann twal vann nan mache kote peyizan ki achte rad. Rad sa yo fèt nan rapidite.

Pale

Ouvri bouch epi kite mo moun kapab konprann soti nan bouch la. Bay yon mesaj, di yon moun sa li bezwen tande. Bay yon odyans yon diskou. Pale Anpil, Pale san rete, san rezon. Di pawòl ki pa gen sans. Pran anpil tan pou fini yon konvèsasyon, yon diskou.

Palisad

Po yon twons palmis ki fann an moso long pou fè kay.

Palmis

Yon pye bwa ayisyen itilize pou fè anpil bagay. Palmis gen anpil pati nan li tankou kè a, fèy li, tach la, chou a, grap la, avèk twons la. Li pa boujonnen apre moun koupe pye a, men chak grenn grap ki tonbe sou tè a kapab bay yon lòt pye palmis.

Pandye

Mete prèske tout kò yon bagay ap balanse de bò nan lespas pandan yon ti pati nan bagay sa a kenbe li anlè e anpeche li tonbe anba. Koke, pou moun nan Depatman Latibonit la.

Pans

Yon trip laj ki gen fòm yon boul andedan vant anpil èt vivan kote manje rete anvan yo ale nan lòt pati nan kò a ou byen ale nan poupou.

Panse

Abilite moun genyen pou yo wè yon bagay nan lespri yo jan bagay la ap ale ye sou papye, nan reyalite. Enstriksyon yon moun sib pou li fè yon bagay e enstriksyon sa soti nan lespri yon lòt moun.

Pantalon

Kanson. Yon rad gason mete sou yo e ki gen de janb menm jan avèk de janb moun.

Panyen

Yon djakout ayisyen fè avèk ti moso banbou ki trese yonn nan lòt. Plizyè ti moso banbou long ki kwaze ant yo epi lòt ki pi fèb trese ant sa ki kwaze yo. Lè atizan fini fè anba yon panyen, li kòmanse pliye moso banbou ki te kwaze ant yo a sou anlè pou fè kwen panyen an. Li kontinye trese pou jis li rive wotè li vle panyen ye a. Baskèt. Panye.

Panyòl

Panyòl: Espanyòl. Yon lang moun nan peyi Espay pale. Yon lang ki itilize tout mo ki nan lang moun nan peyi Espay yo epi ki gen kèk lòt mo ogmante sou li. Lang moun pale nan peyi tankou Dominikani, Venezwela, Ajantin, Meksik, Ondiras e latriye.

Pap

Pi gwo chèf nan legliz Katolik ki ap viv nan peyi Itali, Ròm, ki kapital tout legliz katolik nan lemond.

Papa

Yon gason ki te ansent yon fi epi fi a fè piti la. Yon mari ki gen yon pitit menmsi se nan adopsyon li vini gen pitit la.

Papay

Yon fri ki gen koulè vè lè li vèt e ayisyen fè legim avèk li. Li gen koulè jón lè li mi e ayisyen fè bon ji avèk li. Moun oblije bwè ji a apèn yo fini fè li paske li ap gate si li rete pou anpil tan. Gen yon ti grenn nwa andedan fri sa a ki gen yon ti likid andedan.

Paradi

Yon kote tout moun panse yo ap ale viv apre yo fini mouri e san pwoblèm san yo pa janm mouri ankò. Yon plas kote tout moun relijye espere yo ap ale apre yo fini mouri. Yon plas nan syèl kote moun panse Bondye ap viv avèk zanj yo.

Paranòy

Moun ki toujou panse lòt moun ap prepare pou fè yo mal, pou touye yo. Moun fou.

Paranoya

Eta yon moun ki paranòy.

Parasòl

Parasòl: Onbwèl. Yon bagay ki fèt pou moun mete sou tèt yo pou pare solèy. Yon bagay ki fèt avèk saten e tou won tankou yon moso boul. Moun itilize li pou bare solèy e pare lapli tou. Dlo lapli a tonbe sou onbwèl la epi li sib fòm won a pou ale tonbe atè.