Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Tonbe
-
Soti anlè pou rive atè avèk libète. Lè yon bagay ap tonbe gravite rale li desann vit. Trip bèt moun manje yo ayisyen bouyon avèk li.
- Tonmtonm
-
Yon manje moun Jeremi fè avèk lamveritab. Yo bouyi gonbo a ansanm avèk lamveritab la. Lè tout bagay fini kwit, yo mitonnen yo ansanm epi yo mete enpe dlo - nan dlo ki te bouyi lamveritab la avèk gonbo a - nan lamveritab la avèk gonbo a pou yo pa rete twò di. Tonmtonm nan bon pou manje.
- Tonnè
-
Tonnè: Pati nan yon loray ki gen anpil elektrisite mache avèk li. Loray. Bagay kèk ayisyen konnen rele pou touye yo, nan sèman, si yon moun pa vle kwè yon pawòl yo di.
- Tonton
-
Frè manman, frè papa yon moun. Mo anpil jèn ayisyen itilize pou rele yon moun ki pi gran pase yo; konsa yo kwè yo bay moun nan anpil respè pou moun sa. Moun sa a pa frè manman yo ou byen papa yo.
- Tòt
-
Tòt: Yonn nan twa zwazo ki sanble anpil: toutrèl, ranmye.
- Tòti
-
Tòti: Yon bèt ki viv nan dlo, ki kapab viv dèyò dlo pandan anpil tan tou e ki mache dousman anpil. Eta pa yon moun ki mache dousman.
- Tòtòt
-
Yon bagay ki gen yon tou nan li pou yon moun, yon bèt rale likid ki andedan li. Travay yon moun ki kraze yon mango epi fè yon ti tou nan pwent li pou rale ji mango a.
- Tou
-
Yon ouvèti nan yon bagay ki pa nòmal nan fòm bagay sa. Kote yon moso soti nan yon bagay.
- Touche
-
Resevwa lajan pou yon travay apre kontra, kòmansman, finisman yon travay. Kole yon pati nan yon kò sou menm kò a, sou yon lòt kò. Travay yon doktè fèy lè li ap pase men li sou tout kò yon malad pou jwenn kote yon maladi ye, pou preskri medikaman pou maladi a. Manyen.
- Toufe
-
Eta yon èt vivan lè pa kapab rantre e soti andedan li pou jis li mouri.
- Toumante
-
Eta yon moun ki gen anpil bagay ki ap pase nan lespri li epi bagay sa yo fè moun nan pa konnen ki bagay pou li fè anvan nan tout sa li gen pou li fè. Yon moun ki kòmanse pèdi konsyans anvan li vini fou.
- Tounvis
-
Yon moso fè ki gen fòm tèt vis e moun itilize li pou ede moun kenbe yon vis pou vise li nan yon bagay. Tounvis Plat, Yon tounvis ki gen fòm pou li rantre nan tèt vis ki gen yon ti tras nan tèt yo. Tounvis Etwal, Yon tounvis ki kapab rantre nan tèt vis ki gen yon ti kwa nan tèt yo.
- Toupre
-
Eta yon bagay ki pa lwen yon lòt bagay. Toupre se yon konsepsyon, li pa reprezante menm distans la pou tout moun. Sa ki lwen nan yon sitiyasyon kapab pre nan yon lòt sitiyasyon. Eta yon bagay ki prèske rive tankou yon nouvèl, yon mesaj.
- Touse
-
Eta yon bagay ki te long epi yon moun pliye pou li vini kout epi li vini gen pli. Yon bri ki soti tanzantan nan gòj yon moun ki gripe.
- Tout
-
Kantite yon bagay, yon gwoup san retire nan bagay la, gwoup la.
- Toutrèl
-
Toutrèl: Yonn nan twa bèl zwazo ki sanble anpil yo: ranmye, tòt.
- Touye
-
Retire lavi nan yon èt vivan. Fè bagay ki kòz yon moun, nenpòt lòt bagay mouri.
- Toyota
-
Yon mak machin yon konpayi Japonè fè. Se yon machin ki dire anpil tan. Toyota fè tout gwosè machin.
- Trafik
-
Eta bagay ki ap avanse nan yon direksyon, plizyè direksyon tankou anpil moun nan yon ri, machin sou yon wout.
- Traka
-
Difikilte moun rankontre pou yo fè yon travay, nenpòt bagay. Bagay ki reprezante yon pwoblèm.
- Tranble
-
Eta yon bagay ki ap souke tankou gen yon gwo van ki ap souke li. Eta yon moun ki pè yon bagay, yon moun.
- Tranch
-
Yon moso ki koupe soti nan yon bagay moun kapab manje.
- Tranche
-
Koupe tranch nan yon bagay. Yon moso bagay ki te koupe soti nan yon bagay tankou yon moso kasav, yon moso pen e latriye.
- Tranpe
-
Aksyon dlo tankou lapli lè li tonbe sou yon bagay epi dlo a mouye bagay la, rantre nan li. Eta yon bagay, yon moun ki rantre nan mitan dlo epi li rete nan dlo a pandan lontan.
- Transfere
-
Fòse, pran yon bagay epi mete li yon lòt kote, nan yon lòt pozisyon. Fòse, fè yon moun ale yon lòt kote. Retire yon moun nan yon djòb, yon travay epi mete li nan yon lòt travay pandan li toujou ap travay pou menm patwon an.
- Trant
-
Trantyèm nonb nan nonb pozitif yo. Twa miltipliye pa dis. Dis plis dis, plis dis ankò. 30. Ven plis dis.
- Travay
-
Nenpòt bagay yon moun fè ki itil nenpòt sosyete sou tè a. Kontribisyon yon moun bay pou yon bagay rive fèt nan yon biznis, yon òganizasyon e nenpòt lòt kote moun nan ye.
- Travayè
-
Travayè: Moun ki ap travay, ki gen kouray pou travay e ki renmen travay.
- Tray
-
Pwoblèm yon moun rankontre nan yon travay li ap fè epi moun sa dekouraje lè li rankontre avèk pwoblèm nan. Pwoblèm yon moun genyen e li ap rakonte lòt moun li paske li panse pwoblèm nan twòp pou li.
- Tren
-
Yon machin ki long anpil e ki deplase sèlman sou ray. Yon tren sanble avèk yon koulèv ki ap trennen sou vant li paske wou li yon kache. Tren kapab pote anpil moun, anpil chay tankou vwati avèk kamyon.
- Trepase
-
Deplase soti nan lavi. Moman lè yon moun ap pèdi tout fòs ki te disponib andedan li pou li kapab mouri. Anpil moun gen yon gwo òkèt ki diminye piti piti pou jis moun nan mouri epi òkèt la disparèt.
- Très
-
Très: chak branch nan yon bagay ki trese. chak gwo branch cheve nan tèt yon moun ki gen twa ti gwoup cheve.
- Trese
-
Aksyon plizyè bagay tankou twa branch fil, cheve ki ap deplase soti a dwat epi ale a goch san rete pandan yonn ap rantre nan lòt la.
- Tretman
-
Etap yon moun pase anvan maladi li rive trete, geri. Jan yon moun viv avèk yon lòt moun.
- Trèz
-
Trèz: Katriyèm nonb nan nonb pozitif yo ki gen de chif nan li: en (1) avèk twa (3). 13.
- Tribilasyon
-
Pwoblèm moun genyen e ki sanble yo pa ap janm rezoud. Moun ki gen pwoblèm konsa ap vini abitye avèk li tankou li pa yon vrè pwoblèm pou moun nan.
- Tribinal
-
Yon kay leta kote jijman fèt. Kote yon jij, yon jiri, de avoka ou plis, avèk yon gwoup moun reyini pou fè yon jijman. Tout moun sa yo pa oblije patisipe nan yon jijman, men lè yo tout la gen mwens chans pou gen magouy fèt nan jijman an.
- Trip
-
Tiyo vyann moun avèk anpil lòt bèt gen andedan vant yo kote manje gen pou yo pase anvan yo ale nan poupou. Manje ki pa ale nan poupou yo ap rete andedan vant moun nan ou byen bèt la, nan kèk trip, anvan yo rantre nan vyann kò a.
- Tripòt
-
Tripòt: Yon moun ki renmen pale, di bagay ki pa vrè sou lòt moun.
- Tripotay
-
Koze yon moun pale, di sou lòt moun epi bagay sa yo pa vrè.
- Twa
-
Katriyèm chif nan nonb pozitif yo. Sis divize pa de. De plis en. 3.
- Twal
-
Yon materyèl koutiryè avèk tayè itilize pou fè rad. Pwodiktè ki fè twal yo te konnen itilize fil pou fè twal. Konnye a yo fè twal avèk anpil lòt bagay, menm avèk likid tankou lèt bèf.
- Twalèt
-
Twalèt: Yon chanm nan yon kay kote moun benyen, lave yonn ou plizyè pati nan kò yo. Gen twalèt ki gen kote pou moun poupou e bwose dan yo.
- Twasèt
-
Yon jwèt ki jwe avèk ventsuit fèy kat. Nan jwèt sa, nimewo sèt la pi piti pase tout kat yo e las la pi gwo pase tout kat yo. Soti nan pi piti a pou rive nan pi gwo a, men non tout kat yo: sèt, uit, nèf, dis, onz (J), douz (Q), trèz (K), las (A). Lè plizyè moun ap jwe pi gwo kat yo bay moun ki genyen yo a dwa pou pran kat ki pi piti yo atè a.
- Twons
-
Yon moso bwa byen mezire ki koupe soti nan yon pye bwa. Yon pye bwa kapab genyen plizè twons nan li.
- Twòp
-
Twòp: Kantite ki an plis la nan yon bagay. Diferans ki genyen ant kantite yon bagay te dwe ye avèk kantite bagay la ye.
- U
-
U: Ventyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.
- Uit
-
Gade Yuit.
- Uityèm
-
Uityèm: Gade Yuityèm.
- V
-
V: Venteinyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.