Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Tandans
-
Direksyon, pozisyon yon moun, yon bagay gen entansyon ale, pran. Si pa gen yon rezon ki pi enpòtan pase rezon moun nan, bagay la deja genyen pou li ale nan direksyon sa a li ap kontinye ale.
- Tande
-
Pati andedan zòrèy yon moun ki ede li idantifye son. Tande son san bay son sa enpòtans ou byen kenbe li nan yonn nan twa memwa yo.
- Tank
-
Yon machin gèrye itilize pou ale nan lagè e machin sa a itilize chèn pou li deplase. Li pote kanno, li tire kanno e bal ti zam pa kapab rantre andedan li pou touye moun li ap pote yo. Yon bwat an metal ki kenbe gaz pou motè yon machin brile, rezèvwa.
- Tann
-
Travay moun ki rete ap gade pou wè ki kote yon bagay ap soti pou li rive jwenn moun ki rete ap gade a.
- Tanperati
-
chanjman nan lanati ki kapab fè moun cho, frèt ou byen nan mitan yo de a, ant cho e frèt. Nan peyi twopikal yo tanperati a toujou nan mitan chalè avèk fredi. Nan peyi tankou Etazini, gen twa tanperati yonn frèt anpil, yonn cho anpil, yon lòt ant cho avèk frèt.
- Tant
-
Sè manman, sè papa yon lòt moun. Yon ti kay moun fè pou pase yon ti tan kout nan yon zòn.
- Tante
-
Sa yon bagay ki devan je yon moun fè li santi andedan li ki kapab fè moun nan aji yon fason ou byen yon lòt fason. Yon bagay yon moun eseye fè e li pa rive fè bagay la jan li te dwe fèt la.
- Tchit
-
Yon ti zwazo ki fè yon ti bri tankou li ap di non li tanzantan: tchit! tchit! …
- Te
-
Fèy bouyi nan dlo epi ki sikre ou byen sele pou moun bwè.
- Tèks
-
Tèks: Konbinezon plizyè mo ki fòme plizyè fraz lektè kapab li epi yo ap konprann sa ekriven an te vle di a. Yonn, plizyè paragraf ki rasanble ansanm. Yon liv.
- Teleco
-
Premye e sèl konpayi telefòn nan peyi Ayiti pandan anpil ane pou jis lè kèk ti konpayi kòmanse rantre nan peyi a, nan finisman ane katreven-dis yo. Konpayi sa a te gen monopòl tele-kominikasyon nan peyi a e li pate kapab reponn a bezwen telefòn moun nan peyi a.
- Telefòn
-
Telefòn: Yon mwayen kominikasyon ki pèmèt de ou plis moun kominike de lwen depi yo gen yon aparèy telefòn ki lye avèk yonn nan santral telefonik yon konpayi ki bay sèvis telefonik. Nan kòmansman evolisyon telefòn konpayi yo te konnen itilize fil sèlman pou lye chak aparèy nan yon kay avèk santral la. Nan dezyèm pati ventyèm syèk la, te vini gen aparèy telefòn san fil ki sèvi tankou jan gwo santral yo te konnen pèmèt moun nan yon peyi kominike avèk lòt moun nan lòt peyi.
- Telefone
-
Itilize yon aparèy telefòn pou kominike avèk yon moun nan yon lòt kay, yon lòt peyi. Fè nimewo telefòn yon moun pou kominike avèk li.
- Televizyon
-
Yon ti aparèy moun gen andedan kay ki bay son ansanm avèk imaj; konsa moun kapab wè moun sou ekran ti aparèy la. Yon gwo aparèy ki voye imaj avèk son nan yon ti aparèy; konsa moun ki ap travay kote gwo aparèy sa yo ye a kapab voye nenpòt imaj tankou sinema nan ti aparèy yo, nan kay moun. Tout sa ki fèt nan radyo kapab fèt nan televizyon, men nan televizyon moun pa tande sèlman; yo kapab wè sa yo tande a. Gwo aparèy televizyon yo itilize ond ki bezwen antèn pou kominike avèk ti aparèy ki resevwa son avèk imaj yo. Gwo aparèy yo itilize kamera pou sous son avèk imaj. Kamera kapab pran son avèk imaj yo nenpòt kote epi ale transmèt yo bay gwo aparèy la ki ap ale itilize antèn pou voye son ansanm avèk imaj nan lespas kote ti aparèy yo jwenn son avèk imaj sa yo pou mete sou ekran yo.
- Temwayaj
-
Pawòl yon moun ap di de yon bagay li te wè avèk je li. Yon diskou fidèl nan yon legliz bay pou fè konnen kijan Bonbye te bon pou li nan yon bèl moman nan lavi li.
- Temwaye
-
Bay yon temwayaj. chita sou yon chèz nan yon jijman pou pale de yon aksyon tankou yon krim yon moun te fè pou ede yon avoka defann yon lòt moun.
- Temwen
-
Yon moun ki te wè lè yon bagay te ap pase. Yon moun yon bagay te pase devan li e li kapab ede mete yon kriminèl nan prizon paske li se pi bon moun ki kapab pale de sa ki te pase a.
- Tenis
-
Yon soulye ki fèt avèk plastik e twal, ki fè pye moun dous. Se soulye sa jwè anpil jwèt spòtif itilize paske li pa ap peze pye yo. Yon jwèt ki gen de ekip, men chak ekip yo gen yonn ou byen de moun nan yo. chak ekip kanpe nan yon bò yon filè avèk yon rakèt nan men yo pou frape sou yon ti boul. chak fwa yon ekip kite lòt ekip la frape boul la yonn a de fwa nan bò teren pa li a, lòt ekip la make pwen an plis sou li.
- Tenten
-
Bagay ki pa gen pyès valè, ki pa kapab vann pou lajan paske pa gen moun ki ap bay kòb pou li. Yon tenten pa kapab itilize pou fè anyen. Mo moun itilize pou di yon moun li pa gen pyès valè.
- Teritoryal
-
Nenpòt bagay ki gen rapò avèk yon teritwa.
- Teritwa
-
Yon espas tè avèk fontyè ki gen yon chèf ki ap gouvène li avèk tout sa ki nan li.
- Tèt
-
Tèt: Pati ki pi wo nan yon bagay. Pati kote bouch, je, nen e zòrèy yon èt vivan tankou moun ye. Premye gwoup moun ki kanpe nan yon liy moun. Tèt Anba, Pran yon moun, yon bagay epi mete pati anlè a anba epi mete pati anba anlè. Tèt Kale, Eta tèt yon moun ki koupe tout cheve nan tèt li. Eta yon moun tout cheve nan tèt li rache lè li soufri yon maladi tankou kansè. Eta yon gason ki pèdi tout cheve nan tèt li paske li ap rantre nan laj.
- Tete
-
Pati nan kò moun ki sanble avèk yon bouton ki sou lestomak moun nan. Pati nan kò yon fi ki gwosi lè li ap fòme e ki fè lèt lè li nouris. Fi santi yo byen lè yon gason, ki mennaj yo, mari yo ap manyen tete yo.
- Tetin
-
Yon pati nan yon bibwon ki fèt an plastik pou rantre nan bouch yon bebe san li pa fè ti bebe a mal lè bebe a peze sou li pou vale nouriti a.
- Teyat
-
Pèfòmans plizyè aktè sou yon sèn pandan odyans la ap gade yo dirèkteman. Pèfòmans plizyè aktè sou yon sèl sèn ki gen chanjman pou fè li sanble avèk plizyè sèn diferan, men ki anrejistre sou yon band-mayetik.
- Thomassique
-
Gade Tomasik.
- Ti
-
Eta yon bagay kantite li pa anpil, gwosè li pa gwo anpil, yon bagay ki poko grandi pou rive nan wotè nòmal li.
- Tibèf
-
Moman nan karès de moun pandan yonn ap souse koko ou byen zozo lòt moun nan.
- Tijan
-
Non yon lwa gason ki konnen itilize kò bòkò pou kominike avèk pitit fèy li yo.
- Tikal
-
Yon kantite bagay yon moun ap mande ou byen li ap bay, men li pa vle resevwa, bay yon gwo kantite nan li.
- Tikè
-
Tikè: Jan yon moun rele mennaj li pou montre mennaj la li enpòtan pou li tankou kè li. Yon moso papye yon moun resevwa ki bay li yon otorizasyon pou yon kòb li peye yon moun, yon konpayi.
- Timalis
-
Yon karaktè nan lejand ayisyen ki toujou parèt pou pi entelijan pase Bouki lè li konfwonte Bouki, yon lejand tou.
- Timid
-
Tanperaman yon moun ki renmen rete pou kont li paske li pa renmen rete menm kote avèk lòt moun. Eta yon moun ki pa kapab gade moun nan je, menm lè li ap pale avèk yon moun. Timoun ki grandi avèk granmoun ki toujou ap entimide yo kapab grandi timid e mwen entelijan tou.
- Timidite
-
Eta yon moun ki timid.
- Timoun
-
Yon moun ki ap viv lakay manman li avèk papa li paske li poko kapab responsab tèt li. Yon moun ki poko gen dizuit ane, ki pa kapab vote nan yon eleksyon, ki poko fè pitit e sosyete a ap difisil pou aksepte li deja fè pitit. Moun ki sou responsablite paran yo.
- Tinèl
-
Tinèl: Yon tou anba tè ki kòmanse yon kote pou mennen moun yon lòt kote. Yon tinèl kapab pase anba yon rivyè e machin kapab itilize li pou travèse rivyè sa a.
- Tip
-
Pati nan yon bagay ki fè moun konprann pi byen kisa bagay la ye, aksyon yon moun ki fè konnen pi byen ki moun moun nan ye.
- Tire
-
Eta yon moun ki resevwa yon bagay nan yon bagay li ap fè tankou li yon liv. Rale yon bagay vini nan yon direksyon. Mete yon zam tankou yon revolvè dwat sou yon bagay, yon moun epi rale gajdèt la.
- Tirivyè
-
Yonn nan vil ki pi ansyen nan peyi Ayiti kote ki te gen yon gwo kay ki te gen 365 pòt. Kay sa a fini kraze, men mi yo toujou la. Kay sa se te palè yon prezidan ayisyen.
- Tit
-
Yon non ki dekri pozisyon yon moun okipe san li pa dekri moun nan. Gen anpil tit tankou, majistra, kontab, prezidan e latriye.
- Titanic
-
Yon bato ki te soti nan peyi Angletè epi li te ap ale nan peyi Etazini epi li fè aksidan e prèske tout moun ki te nan bato sa a te mouri. Bato a te gen 2220 moun nan li ki te soti nan Peyi Angletè, men 1513 te mouri nan aksidan an. Yon sinema sou aksidan bato ki te rele Titanic la ki te soti nan ane 1999. Aksidan bato a te pase nan ane 1912. Malgre moun ki te fè bato sa a te di li pa gen dwa janm fè aksidan, sou premye vwayaj li, bato a te koule anba lanmè. Titanic se yon mize li ye konnye a kote moun kapab ale vizite li anba lanmè a.
- Titato
-
Yon jwèt ki jwe avèk twa ou byen dis pyon. Nan jwèt sa, moun pyon li yo fini anvan pèdi pati a. Pou yon jwè pèdi yon pyon fò li gen yon pyon an fas pyon lòt jwè a e gen yon plas dèyè pyon pa li a pou pyon lòt jwè a travèse ale.
- Tivoudra
-
Yon pou majik bòkò prepare pou yon fi ou byen yon gason pou li bay yon lòt moun nan manje avèk espwa moun sa ap vini renmen li. Poud sa pa touye moun ki manje li a vit, men li touye moun ki manje li a tou dousman avèk doulè vant, vomisman e latriye.
- Tiwa
-
Yon bwat ki gen senk kwen. Fas anlè a, ki te ap sizyèm kwen an pa kouvri; konsa bwat sa a kapab rantre nan yon tou pou moun rale li, mete bagay nan li epi pouse li rantre nan tou sa a ankò.
- Tiyo
-
Nenpòt bagay tankou yon moso fè long ki gen yon kanal andedan li pou likid pase avèk anpil lòt bagay pase pou ale jis kote dènye pwent bagay sa a rive.
- Tizán
-
Tizán: Yon medikaman ayisyen prepare avèk fèy, rasin, po kèk fri tankou zoranj-sirèt e latriye.
- Tomasik
-
Yon vil nan Depatman Sant la ki toupre fontyè Dominikani an avèk Ayiti. Moun nan zòn sa konnen ale achte sa yo bezwen nan peyi vwazen an. Thomassique.
- Tomat
-
Yon grenn yon ti plant donnen. Li gen koulè vè lè li vèt e li gen koulè wouj lè li mi. Grenn sa gen likid avèk ti grenn nan plizyè chanm ki andedan li. Moun manje tomat nan salad e nan anpil lòt manje tankou konfiti-tomat.
- Tomond
-
Yon vil nan Depatman Sant la e sou Wout Nasyonal Nimewo Twa a. Se dènye vil anvan yon moun rive nan kapital depatman an, Ench. Thomonde.
- Ton
-
Jan yon moun chwazi pou li pale, chante tankou wotè vwa li, vitès li ap di mo yo e chanjman nan wotè vwa li.